Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

1e me : se Jounen Lit travayè ak travayèz

Ann batay pou n reprann sans istorik jounen sa a
1e me : se Jounen Lit travayè ak travayèz

{{SOFA - PAPDA - ICKL – RAFU - MODEP - CRAD - TET KOLE TI PEYZAN AYISYEN)}}

{{1e me : se Jounen Lit travayè ak travayèz}}

{{Ann batay pou n reprann sans istorik jounen sa a}}

Depi plis pase 50 lane Otorite Leta yo mete ansanm avèk Patwon yo pa sispann fè konplo ak mannèv gwo ponyèt pou yo pran nan men travayè ak travayèz peyi d’Ayiti gwo valè istorik jounen 1er me a genyen nan lit klas travayè a ap mennen pou chanje kondisyon lavi li devan eksplwatasyon li sibi nan men gwo chabrak.

Nan lane 1950 rejim koudeta militè Paul Eugène Magloire te soti pou etenn mouvman travayè ak travayèz nan peyi a anba gwo represyon. Sistèm kraze brize lit travayè yo te vin pi di sou rejim diktati Duvalier papa ak pitit : 1er me 1958 diktatè Francois Duvalier te menm rive entèdi gwo manifestasyon sendika ouvrye ak ouvriyèz poutèt yo te vle fè tande vwa yo, revandike bonjan kondisyon travay. Sendika, travayèz ak travayè t ap mennen yon batay pou lavi ak pou devlopman peyi a. Jous nan lane 1974 anpil militant ak militan te kontinye ap pedi lavi yo oswa viktim anba represyon : pami yo te genyen yon gason vanyan ki te rele Ulrick Joly ki te pase anpil mati nan prizon Fò Dimanch, jous li al mouri an ekzil.

Kidonk, premye Me, pa kapab tounen yon jounen demagoji kote Ofisyèl nan leta ak Patwon ap fè diskou pou pase klas ouvriyè a, travayè ak travayèz, peyizan yo ak mas popilè yo nan betiz ni fè yo sèvi joujou lamayòt nan bèl fasad ak nan bèl ekspozisyon ki pa p janm chanje anyen nan kondisyon lavi klas travayè a.

1e Me, se yon jounen ki senbolize lit travayè ak travayèz ayisyen menm jan ak batay ouvriye yo nan lòt peyi. Se nan lane 1886 jou sa a te pral konsakre apre ouvriye ak ouvriyèz izin nan Chikago (etazini) te rive rache nan men sistèm kapitalis la rediksyon tan travay yo ki te 12è pou li pase nan 8è dtan pou yon jounen travay.

Kidonk, 1er me se yon jounen revandikasyon pou travayè ak travayèz. Se yon jounen kote klas ouvriye a dwe pale nan yon sèl vwa pou kontinye denonse eksplwatasyon y ap sibi anba sistèm kapitalis la, yon sistèm ki detwi lavi moun, ki detwi anviwònman an epi ki kreye eksklizyon ak anpil inegalite sosyal.

Jounen 1er me sa a, {{sektè pwogresis la ap denonse Leta peyi d’Ayiti ki pran pòz soud ak bèbè li devan move sitiyasyon mas ouvriye yo ak mas popilè k ap deteryore chak jou pi plis}} :

- Ti kantite ouvriye k ap travay nan faktori ak nan jaden touche 70 goud kòm salè minimòm. Ki sa yon moun kapab fè avèk sa ? Peye kous kamyonèt pou ouvrye ki nan izin sou tretans nan Pòtoprens depase 36 goud pa jou, yon sachè pen vann 5 goud, yon ti mamit diri vann 40 goud pa pale pou lekòl, lwaye kay, elatriye …

- Atik 35 konstitisyon an 1987 la rekonèt dwa tout sitwayen, fanm tankou gason, pou yo jwenn travay pou yo kapab pran swen tèt yo ak fanmi yo, aloske 70 % popilasyon an nan chomaj epi tou 85 % nan mas pèp la ap viv ak mwens pase 1 dola Ameriken pa jou...

- Fanm travayèz domestik yo ak gason lakou, jeran pa genyen okenn lwa ki pwoteje yo oswa ki aji sou kondisyon travay yo ki sanble tèt koupe ak rejim esklavaj nan tan lontan yo.

- Salè mesye yo nan milye riral la 40% pi plis pase salè medam yo alòske atik 317 kòd travay peyi a di aklè fanm yo dwe resevwa menm valè lajan ak mesye yo pou yon menm travay.

- Madan Sara ki pase tout lavi ak jenès yo sou do kamyon, si yo pa gen yon pitit pou lonje men ba yo, lè yo granmoun yo tounen mandyan nan lari paske leta pa janm reflechi sou yon sistèm sekirite sosyal pou kategori travayèz sa yo ki rann sosyete a anpil sèvis

- Peyi a san direksyon ekonomik klè. Pwodiksyon nasyonal, depi pase 20 lane pa sispann degrade, sistèm agrikòl nan peyi a depafini. Ti peyizan yo pèdi tout kapasite yo te genyen pou yo pwodwi : yo sètoblije vin gonfle nan vil yo, vin viv nan move kondisyon oswa pran kantè pou sove tèt yo ak pitit yo.

Gouvènman pase, gouvènman monte pa gen youn ki manifeste yon volonte pou bay repons ak kesyon sa yo. Yo tout bese byen ba devan estrateji ak politik ajisteman estriktirèl, politik baryè lib ak plan neyoliberal FMI, Bank Mondyal ak tout kalite enperyalis genyen pou peyi d’Ayiti. Rezilta yo montre aklè kijan tout kalite pèpè (manje, rad, machin) ki anvayi peyi a detwi pwodiksyon nasyonal la : n ap viv nan depandans alimantè, se koze mete zòn franch k ap pale, se lwa HOPE gouvènman ameriken vle kroke nan gòj nou. Kidonk, pliske politik neyoliberal la ap finn kraze peyi a, lòt peyi ak Nasyonzini pral toujou la pou krache nan kwi Ayiti, bannou lokipasyon militè degize.

1er me, se okazyon pou travayè, travayèz ak tout pwogresis denonse demagoji otorite leta yo ap fè nan òganize tout kalte fwa agrikòl chak ane pou swadizan ankouraje pwodiksyon pandan yo pa ofri peyizan okenn ankadreman teknik ak finansye pou yo pwodwi pi byen ak pi plis pou peyi a rive reprann dwa grandèt li ak souverènte li nan zafè manje. Ankouraje pwodiksyon nasyonal la vle di tou pwoteje li devan plan neyoliberal baryè lib la ki pèmèt tout kalite pwodwi ki soti Etazini ak nan Sendomeng anvayi peyi a. Kouman yon gouvènman kapab ankouraje pwodiksyon nasyonal lè ti peyizan pa jwenn tè, pa gen zouti modèn pou yo travay, pa gen ankadreman, pa gen sibvansyon, pa gen irigasyon, epi tou kote manje pèpè ap fè yo konkirans malonèt ?

1er me, se yon jou pou tout travayèz ak travayè, tout pwogresis chèche ranmase figi yo devan tout gouvènman bann machwè ki pa mennen yon politik anplwa pou tout fanm ak tout gason peyi a soti nan chomaj epi tou nan bonjan kondisyon travay. {{Nan sans sa a sektè pwogresis la sonnen lanbi rasanbleman pou tout sektè nan mouvman sosyal ayisyen an fè kesyon travay la tounen yon priyorite nan batay y ap mennen pou chanje kondisyon lavi moun, fanm ak gason nan peyi a.}}

Batay sa a dwe chita sou :

- devlope kapasite sektè pwogresis la pou oblije gouvènman an devlope pwodiksyon nasyonal yon fason pou peyi a soti nan depandans alimantè, yon fason pou peyizan, travayèz ak travayè nan izin jwenn travay nan bon kondisyon epi tou pou richès peyi ogmante. Pou sa tou, fòk genyen yon politik fòmasyon ki pèmèt pitit peyi a devlope konpetans nesesè yo ; Labank Santral dwe defini yon pwogram finansman bank popilè, kredi agrikòl, pwogram irigasyon pou mete peyi a sou ray devlopman.

- Òganize sektè pwogresis la yon fason pou li fòse gouvènman an ak tout palman an vote epi aplike lwa pou chanje kondisyon travayèz domestik. Menm jan fòk gen dispozisyon pou soulaje fanm yo anba travay nan kay, kote yo pa gen salè pou li.

- Mennen yon mobilizasyon pou oblije gouvènman an siyen konvansyon entènasyonal sou {{Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl}} Nasyonzini adopte depi ane 1976.

- Rete je louvri pou fè Leta adopte yon lòt kòd travay ak pwoteksyon sosyal nan kad tout nouvo estrateji pou kreye travay anndan peyi a (bonjan salè, konje matènite, konje anyèl, asirans maladi, elatriye ….)

1er me se jou pou tout travayèz, tout travayè ak tout moun ki konsyan reflechi sou estrateji ki pou mete kanpe pou chanje mòd pwodiksyon kapitalis la ki mete sou kote ouvriye/ouvriyèz yo, ki mete sou kote chomè yo ak mas popilè yo. Sistèm sa a detwi lavi moun epi li detwi anviwonman natirèl la. {{Se nan mete fòs nou ansanm n ap rive konstwi yon lòt modèl sosyete kote tout moun kapab patisipe nan tout desizyon gouvènman yo ap pran sou lavi ak avni peyi a epi tou patisipe nan pwodiksyon nasyonal la}}.

{{Batay sa a ap mennen nan yon 1er me san demagoji.

Viv inite nan mitan klas travayè a !
Viv yon Ayiti jistis sosyal, solidarite, egalite ant fanm ak gason !
Viv lit mas popilè yo ! Ansanm n ap ranpòte la viktwa !}}

_______________________________

{{
Gwoup ki siyen :}}

Solidarite Fanm Ayisyèn – SOFA

Platfòm Ayisyen Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif – PAPDA

Institut Carl Levêque – ICKL

Rassemblement des Femmes Universitaires d’Haiti – RAFU

Mouvman Demokratik Popilè - MODEP

Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen

Centre de Recherche et d’Action pour le Développement – CRAD

{{Pou Otantifikasyon :

_______________________________

Carole P.P. JACOB
Kòdonatris Biwo Egzekitif SOFA}}

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.