Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

3 milyon Ayisyen ap viv san “batistè” daprè Direktè Achiv Nasyonal la

Dimitry Charles
3 milyon Ayisyen ap viv san “batistè” daprè Direktè Achiv Nasyonal la

Nan yon seremoni ki fèt jodi mèkredi 25 novanm lan kote chèf leta a, Jovenel Moïse akonpaye ak premye minis li, Joseph Jouthe, te pwofite remèt plizyè ekipman ak materyèl avèk Direktè jeneral ONI an, Jude Jacques Elibert.

Pandan sikonstans lan, Jovenel Moïse ki te ap chache konnen konbyen kat ki enprime chak jou te pwofite poze Direktè jeneral bwat ONI an kesyon parapò ak pil plenyen li konn ap tande ki rive nan zòrèy li.

3 milyon Ayisyen ap viv san "batistè" daprè Direktè Achiv Nasyonal la

Nan sans sa, pou te reponn ak kesyon prezidan an, nimewo 1 Ofis Nasyonal Idantifikasyon an, Jude Jacques Elibert fè konnen ONI gen kapasite anrejistre 90 mil moun chak jou epi enprime 56 mil kat, men yo anrejistre 16 mil paske moun yo pa gen batistè ki se pyès egzijib pou fè kat la.

“Nou anrejistre anviwon 16 mil moun pa jou nan peyi a. Pwoblèm lan se paske moun yo pa gen ak de nesans pou n ka anrejistre yo ki se matyè premyè yon moun bezwen pou anrejistre”.

Selon deklarasyon Direktè ONI an, pwoblèm pa ka fè kat la poze paske batistè moun yo pa ta genyen. Sa ki ta pral pouse prezidan repiblik la rele Direktè Achiv Nasyonal la, Wilfrid Bertrand, pou mande l sa k ap pase nan koze anrejistreman ki ta vle di sou kantite moun ki pa gen batistè.

Mesye Bertrand pa t met dlo nan bouch li pou enfòme chèf leta a ke ant ayisyen ki anndan peyi a ak sa k deyò yo gen anviwon 3 milyon ki pa gen batistè daprè estimasyon l. Pandan l te kontinye pou l di

“3 milyon moun ki pa gen papye, leta inyore yo pandan yo peye taks. G on pwoblèm tou, nou pa fè anrejistreman depi nan nesans”.

N ap raple w ke ONI met yon nòt deyò pou enfòme tout moun yo pa gen yon goud yo dwe peye ni pou fè ak pran nouvo kat Idantifikasyon nasyonal la jan anpil raketè vle fè kwè nan pran lajan nan men kèk sitwayen.

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.