Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Ayiti-Etazini: Otorite Ayisyèn yo Mande Administrasyon Trump la Renouvle TPS la pou 18 Mwa pou Ayisyen yo

Ayiti-Etazini: Otorite Ayisyèn yo Mande Administrasyon Trump la Renouvle TPS la pou 18 Mwa pou Ayisyen yo

Jan Prezidan Jovenel Moise te deja anonse l la nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik nan moman li tap patisipe nan 72èm Asanble Jeneral Nasyon Zini an nan New York, gouvènman ayisyen an mande otorite imigrasyon amerikèn yo pwolonje Stati Pwoteksyon Tanporè a, TPS, pou imigran ayisyen kap viv Ozetazini e eki te deja genyen li yo pou 18 mwa.

Dapre jounal Miami Herald, http://www.miamiherald.com/news/nation-world/world/americas/article17792..., se Ambasdè Ayiti a nan Washington Paul Altidor, ki ekri lèt demand la nan non gouvènman an e ki voye li bay biwo Depatman Sekirite Teritoryal Etazini. Nan menm lèt sa a, Anbasadè Altidor envite Minis pwovizwa Sekirite Teritoryal Ameriken an, Elaine Duke, pou l fè yon vizit ann Ayiti avan li pran desizyon sou ka a nan mwa novanm pwochen an.

Anpil ayisyen ki gen TPS yo kap ekspire an janvye 2018 te pran wout fwontyè Kanada pou yo pa ban e pa pakèt pou mande azil paske yo pat gen espwa administrayon Trump la ki vize ranfòse lawa sou imigrasyon yo Ozetazini ta pral pwolonje stati yo a pou yo. Otorite kanadyèn te sè oblije ouvè Stad Olimpik Monreyal la pou ebèje imigran sa yo.

Nan yon entèvyou Anbasadè Altidor the bay Lavwadlamerik mwa pase a sou dosye aysiyen ki gen TPS yo kap antre o Kanada yo, li te dekonseyon yo fè sa. Mesye Alditor te di moun ki gen TPS yo ap viv legalman Ozetazni jis kaprezan e ek pa gen anyen ki di imigrasyon Amerikèn pa pral renouvle stati tanporè a pou yo.

Pou kounye a, Lavwadlamerik ap eseye antre an kontak ak Anbasad Ayiti a nan Washignton pou genplis enfòmasyon sou lèt sa a ki mande administrasyon amerikèn nan renouvle TPS la pou 18 mwa pou imigran ayisyen yo.

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages