Accueil

Ayiti pa rèstavèk Kanada

Ayiti pa rèstavèk Kanada

2 Me 2017 ki fèk pase a, jounal ameriken Boston Globe pibliye yon atik ki rele “Ayiti ta dwe abandonnen souvrènte li.” Se Richard Albert, yon pwofesè dwa ki ansenye nan Boston College ki te ekri li. Albert ankouraje Ayiti remèt “souverènte” li bay yon peyi kote popilasyon an se “majorite blan.” Atik la ta vle di, lespri dirijan nwa twò etwat e yo twò enterese nan sèvi enterè pwòp tèt pa yo pou yo ka dirije yon pèp moun nwa. Albert se pa premye moun ki pwopoze on bagay konsa pou Ayiti, atik sa parèy ak yon tradisyon long depi lendepandans an 1804, kote ekriven blan rasis, tankou Joseph Arthur de Govineau avèk Spencer St. John, ki te ensiste ke afè Ayiti t ap pi bon si li te rete yon koloni.

Pozisyon Albert pran nan atik li a reveye kalite mantalite kolon sa, e li montre aklè pwòp inyorans misye sou listwa Ayiti e jan misye manke konsyans kiltirèl. Sanble Albert pa wè wòl peyi “majorite blan” sa yo jwe nan sitiyasyon misye ap dekri a. Baron Vastey, (1781-1820) youn nan premye istoryen peyi a raple lektè li yo an 1818 “pwoblèm ki andedan peyi a, jwenn sous yo nan pratik politik anndan kou deyò.”

Agiman mal enfòme ke mesye sa ki rele tèt li yon “Kebèkwa natif natal,” ki pwopoze ke Ayiti remèt “200 lane endepandans” li  a yon peyi kou Kanada, mennen nou a yon kesyon kle : èske Ayiti gen “souvrènte” tout bon vre ?

èske Ayiti gen “souvrènte” tout bon vre ?

Albert ka pa konn sa, men li ka enterese ou menm k ap li atik sa konnen,  plizyè fwa nan listwa peyi a, yo egzije Ayiti retounen nan eta yon koloni, e plizyè fwa egzijans sa yo te vin reyalite. Sòti nan 1857 rive nan 1900, peyi Etazini eseye plis ke yon douzèn fwa pou pran Mòl Sen Nikola pa fòs. An 1914, National City Bank nan Nouyòk te sezi tout revni Ayiti; epi Etazini te itilize fòs militè pou pran pouvwa nan men gouvènman ayisyen an nan 1915-1934. Se vre, kou sa te vlope nan anpil bèl pawòl, yo te di ke se pou byen Ayiti sa t ap fèt, men sa pat anpeche mouvman Kako a, ki te gen Charlemagne Peralte nan tèt li , sibi plis pase 3.000 lanmò sitwayen ayisyen nan men militè ameriken. Sa vle di, Etazini fè plis ke fasilite yon kou deta ann Ayiti. Men ki solisyon Albert vle pote pou geri tout pwoblèm kap kokobe peyi Dayiti, yon solisyon ki, nan plizyè fason, te lakòz maladi nou pou kòmanse.

Si nou pran Etazini pou egzanp, yon peyi ki foure kò l byen fon nan elekzyon ayisyen, nou ka di san egzajere, ke Etazini jwe yon wòl nan enstale, minen oswa dechouke tout lidè politik ann Ayiti depi omwen sou dechoukaj Jean Claude Duvalier an 1986 (ou ka menm di depi sou gouvènman maryonèt Philippe Dartiguenave an 1915). Sou tèt sa, plizyè moun ki te nan tèt kou militè kont prezidan ayisyen Jean Bertrand Aristide nan lane 1991 te jwenn fòmasyon nan men CIA. CIA a te eseye anpeche Aristide repran plas li kòm prezidan an 1994, malgre rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini a te egzije retou misye. Kèk tan aprè, BID (Banque Interaméricaine de Développement) te bloke lajan asistans entènasyonal bay Ayiti pou konteste eleksyon lane 2000 yo ki te yon fwa ankò remèt Jean Bertrand Aristide prezidans lan. Dezyèm manda Aristide la te konplike anpil, men Etazini, Kanada avèk Lafrans  (ke Aristide te fè demann pou yo peye $21 milya kòm restitisyon bay Ayiti) te mete ansanm pou fè Aristide kite peyi a aprè mouvman popilè ki te dechouke li a nan lane 2004. Aprè Aristide ale, Nasyonzini voye MINUSTAH, yon misyon ki te la pou swadizan mete “estabilizasyon ann Ayiti,” (menm Albert admèt ke misyon sa se yon gagòt). An nou parye ke tout viktim kadejak nan men sòlda Nasyonzini avèk dividal lòt ki soufri anba maladi kolera ke sòlda Nasyonzini pote bay peyi a, ka di ou ke misyon “establizasyon” sa a se yon deblozay.

An nou pran yon ti tan pou pale de “souverènte.” Diksyonè Oxford la defini souverènte konsa : “Yon eta ki gen yon teritwa byen defini, ki jere pwòp gouvènman li, e ki pa ni pran zòd nan men, ni depann de yon lòt pouvwa.” Daprè sa mwen sot dekri a, èske nou ka di ke definisyon sa mache ak Ayiti jounen jodi a ? Sanble nou bezwen yon lòt mo pou dekri sitiyasyon Ayiti a : neyokolonizasyon; yon nouvo modèl kolonizasyon. Kwame Nkrumah defini tèm “neyokolonizasyon” an kòm “dènye etap enperyalis.” Nkruma ekri, “Nan neyokolonizasyon, esansyèl la se ke leta endepandan, an teyori; li sanble tèt koupe ak yon souverènte entènasyonal. Men tout bon vre, sistèm ekonomik e politik li, se yon fòs deyò k ap dirije li.”  Se reyalite sa ki fè istoryen ayisyen, Michel-Rolph Trouillot, di kareman ke Ayiti “reprezante eksperyans neyokolonizasyon ki pi long ki egziste nan listwa Oksidan.” Richard Albert avwe ke Ayiti pandan 30 ane ki fèk pase yo (Ayiti ki anba neyokolonizasyon an) rezilta neyokolnizasyon an fè li pi malad nan chak pati nan tout kò l. Nenpòt fason nou ka analize li a, eksperyans neyokolonyal sa grav pou Ayiti. Se yon peyi ke yo fòse abandonnen souvrènte li plizyè fwa nan listwa li bay menm peyi “majorite blan” sa yo ki sistematikman mete moun nwa ak endijèn nan esklavaj, vyole yo oswa tòtire yo nan menm gwoup zile Karayib kote Ayiti chita a.

Plis kolonizasyon pa ka remèd pou kolonizasyon.

Sa Ayiti bezwen, se yon chans pou li granmoun tèt li tout bon vre, yon chans pou li genyen souvrènte sa ke zansèt yo te batay e mouri pou li pandan Revolisyon Ayisyen an, kote yo te bat lame espanyòl, angle e franse (de fwa !); souvrènte ke gran puisans “blan” tankou Kanada, Etazini, Lafrans avèk Angletè  anpeche Ayiti kenbe nan men l pandan 150 lane. Pa bay tèt ou manti, neyokolinizasyon se yon maladi. Jan René Philoctète te ekri nan 1975 nan teyat li “Monsieur de Vastey” li “tankou twonboz, siwoz, tibèkiloz, ateryosklewoz….wi, tout klinik la nèt.” Kòlèg mwen, Laura Wagner, te byen pale lè li te di “Plis kolonizasyon pa ka remèd pou kolonizasyon.”

Photo via @EmbassyOfHaiti

Pages