Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Bidjè a fè tout moun fè flay!

Bidjè a fè tout moun fè flay!

Mèkredi 11 oktòk 2017 (nouvelpam.com).- Omwen fwa sa a, se pa senatè Willot Joseph ki fè flay, paske nan zafè bidjè moun yo rele kriminèl la, sanble se tout moun nèt ki fè flay!

Premye moun ki nan lis « flayè » a, se prezidan sena a. Lè yon jounalis nouyòk, Edens Desbas mande Youri Latortue poukisa yo mete gwosè bagay 10 000 goud sa nan bidjè a, senatè latibonit lan di  « Negatif, sa pa nan bidjè a ditou ». Se lè jounalis la kenbe tèt ak li e di li wi, gen atik Rezo Nòdwès ki met bagay la deyò e li bay referans ki kote egzakteman li ekri nan dokiman pwojè lwa finans la, se lè sa a, senatè blije di depi li ladan l, sena a pap vote l. Chans pa prezidan chanm nan, mesye yo te dakò ak Don Kato epi Zokiki pou retire l anvan yo vote.

Konseye, pòtpawol e menm minis finans la menm se pa pale. Minis Jude Alix Patrick Salomon, sanble se pote yo te ba li pote dokiman an nan palman an, paske se lè bagay yo pete, li rekonèt te gen erè nan tèks la. Anplistou, minis Salomon pa pè pa krent pou di atik 10 000 goud la te la depi 2005, yon koze Reynold Georges (konseye prezidan) te lage sou rezo sosyo pou rafredi anti-bidjè a.

Menm prezidan Jovenel Moise fè flay plizyè fwa, sitou nan zafè 7 milya goud palman an. Tankou prezidan chanm nan, chèf leta a deklare ke gen plis pase 3 milya goud ki nan anvlòp palman an pou konstwi yon palè lejislatif. Poutan, lè ekonomis Kesner Pharrel founi je li, se anviwon 1 milya goud ke yo te mete pou envestisman. Bwa mare! Senatè Latortue blije rekonèt li te mal konprann. Men prezidan Jovenel Moise sanble pat tande paske li repete menm koze a nan Nouyòk devan plizyè Ayisyen ak  jounalis.

Nan opozisyon an menm, bagay la rèd nèt. Moise Jean Charles nan yon entèvyou ak jounalis Luckner Garraud (manm komisyon prezidansyel jenès), voye kont flay li e demontre ke li pa twò konenen sa ki anndan bidjè a, keseswa sou enpe fòfetè, kòb nan aewopò pou dyaspora, pri lisans moto ak machin e latriye. Men, jounalis la tou ki montre li te pran tan l pou etidye dokiman an, te fè kèk flay kan menm nan yon zafè amand 10 mil goud ki pa egziste men ke moun nan pouvwa a t ap klèwonnen. Li pa twò konnen reyalite ajan DGI yo ki prije malere pou pran 10 a 15 mil goud sou yo pou ba yo deklarasyon definitiv enpo.

Antouka, Garraud pi byen pase menm pase Frantz Duval nan yon tèks li ekri ak Patrick St Pré, kote li di tout moun nèt pral nan peye 10 mil goud la. Erezman, nan menm jounal la, François Serant « Impôt sur le revenu :la grande mésinterprétation » te pati a bòt mesye yo pou atik sa. Men malerezman, Serant ki tou nan sèvis kominikasyon DGI, te vini ankò ak atik 81 dekrè 29 septanm 2005 la. Yon bagay ke nou di deja ki pa vre, paske se yon modifikasyon li ye. E bidjè Martelly-Paul-Laleau a te eseye menm ti bagay la, men yo te blije rale bak rapido presto.

Finalman, nèg isit dwe poze tèt yo, pou yo pa kouri pale ak 2 byè nan tèt!

Nicole Théodore

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.