Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Flach : Vodouyizan yo kritike prezidan Jovenel Moise

Euvonie Georges Auguste : Prezidan, mennen koulèv la lekòl se youn men fè l chita se de!
Flach : Vodouyizan yo kritike prezidan Jovenel Moise

LÈT TOU LOUVRI POU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE
Sonnekselans Misye Jovenel Moïse
Prezidan Repiblik D Ayiti
Palè Nasyonal

Ekselans,
Gran Sèvitorya KNVA-KONFEDERASYON NASYONAL VODOUYIZAN AYISYEN an retire chapo l byen ba pou di w nan non sektè Vodou a: Amwalaye !
Fòk nou di w Prezidan, vodouyizan yo ap viv gwo kè kase lè y ap gade ak ki vitès peyi a ap degringole pou rive nan yon gè sivil pandan yo konnen prezidan kit ap pran mayèt peyi a nan lè ou pran l la te gen yon misyon mistik Lwa yo te konfye l, misyon sa a se mete tout moun ansanm. Men, apre 7 mwa w ou gen nan pouvwa a, kòmsi moun ta di gen yon twonpman nan chwa espri yo.

Ekselans, nan yon konferans pou laprès Gran Sèvitorya a te bay nan jou ki te 5 janvye 2017 la apre rezilta definitif eleksyon yo kote ou monte nan tèt peyi a, sektè Vodou te di w, ou rive nan sa yo rele mennen koulèv la lekòl se youn men fè l chita se de. Nou te di w sa paske nou te vle fè w konprann misyon yo ba ou a pa t ap fasil. Ladann ou t ap gen anpil defi pou ou leve paske ou eritye yon sistèm kote koripsyon se chwal batay, mizè se eritaj, fristrasyon se chèfdòkès, vyolans se règ jwèt la.

Nou te vle w konprann Prezidan, ou pa t ap ka rive okenn kote pou kont ou. Nou te vle ou te bay egzanp ansanm nou kapab. Se pou sa nou te enimere kèk nan defi yo pou ou. Premye premye defi nou te montre w se te fòk ou te rive chita pale ak lòt kandida ki pèdi yo nan yon espri douvèti pou konvenk yo ede w pote chay la yon mannyè pou 5 lane pouvwa w la pa gaspiye nan jere kriz. Nou kwè fòk ou te konprann tou ke yo te pase tout suit nan opozisyon sitou jan bagay yo te pase nan rezilta eleksyon yo.

Dezyèm nan se te rekonsilyasyon nasyon an. Ou te dwe rive mete tout pitit peyi a chita sou menm tab atravè tout sektè nan vi nasyonal la pou yo pale youn ak lòt, vide kontansye yo epi jwenn estrateji chanjman yo ansanm yon mannyè pou refè nasyon an jan Zansèt yo te fè l nan nuit 14 dawou nan Bwa Kay Iman lè yo t ap pran rezolisyon fè peyi pa yo.

Twazyèm gwo tonton defi a se te degaje w kou mèt Janjak pou goumen pou tout pitit peyi a gen menm opòtinite. Twòp chire pit, twòp inegalite, twòp mizè nan mitan pitit peyi a. Men domaj ou gen lè pat ko pare pou sa.

Pandan kanpay elektoral ou, ou te vin ak yon eslogan ki te pote lespwa : solèy, tè, dlo ak moun. Noumenm vodouyizan nou te panse ou te kwè nan eleman fondalnatal kreyasyon an. Nou te vle konprann lè w te pale de solèy ou te wè dife a ki se eleman rejeneratè a, lè w te pale de dlo a ou te pale de eleman sous lavi a, lè w te pale de tè ou te wè eleman imanizasyon an e lè w te pale de moun ou te konprann eleman sa yo pa anyen si pa gen moun, ki vle di ou t ap pral travay pou amelyore relasyon moun ak moun e relasyon moun ak eleman fondalnatal yo. Men domaj ankò, eslogan sa a jouk jounen jodi a rete yon eslogan kanpay. Se te dodo titit krab nan kalalou.

Noumenm vodouyizan te panse lè nan kanpay ou prezidan, ou te konn pale de eta jenewo, ou te konprann anje yo, ou te konprann fè tout moun chita ansanm nan se yon nesesite pou Ayiti kontinye viv. Nou pa kache di w Prezidan Jovenel nou desi. Nou desi e sezi wè ki jan pouvwa ka chanje moun. Devan sitirasyon peyi a ap viv jounen jodi a ou pa montre visaj sajès ou te gen nan kanpay la. Ou kanpe dan di, ou sou lagè. Ou pi anvi fè fas kare ak sila yo ki ap revandike pou sa yo kwè ki jis. Jou envestiti w la, nan diskou ou te pwononse ou te di ou se prezidan tout ayisyen san distenksyon, ni sa ki avè w ni sa ki kont ou. Ou pa montre sa, ou vle pran menm liy sila yo ki te pase avan w yo : dirije ak ti klan zanmi w. Se domaj ! Si solisyon w ap chache yo pa pou byennèt tout moun, w ap tounen eskòpyon, w ap pike pwòp tèt ou.

N ap ede w konprann prezidan 7 mwa ou gen sou pouvwa a, mete Ayiti sou yon move pant, pant ki pi danje a ki se pant gè sivil la e sa ban nou anpil enkyetid paske se dènye kou ki t ap tiye koukou. Jouk jounen jodi a Ginen yo te ede nou pa antre ladann men atitid ou genyen jodi a pa fasilite lèchoz. Antouraj ou ap denonse ap lonje dwèt sou moun, sible moun pou frajilize pi plis relasyon moun nan peyi d Ayiti ki deja enkyetan.

Depi w monte kòm prezidan, vodouyizan ap monte lesyèl pa do. Ou imilye Vodou a, ou krache sou volonte vodouyizan yo genyen pou yo enstitisyonalize sektè yo, nan ankouraje mèsenè ki vin pran Vodou a daso, bay yo gwo mwayen pou yo destabilize KNVA paske ou gen pwoblèm ak nou pou pozisyon politik nou te genyen lè kanpay la. Kabinè w fè lwa diskriminatwa kont Vodou a voye bay lachanm pou vote. Tout Komisè Gouvèlman w yo ap pèsekite Houngan ak Manbo nan tout peyi a, sitou reprezantan KNVA yo. Yo bloke asèmantasyon chèf kilt Vodou yo. Oumenm ki, lè w t ap fè kanpay ou, t ap di ou se peyizan pitit peyizan ou te dwe konprann Vodou pa mache san peyizànri. Ou pa ka trete orijin ou jan w ap fè l anfas Vodou a. Nou te panse ou t ap diferan de François Duvalier ki te yon Houngan men ki te pito òganize legliz katolik ki se te enmi Vodou a depi li te mete ansanm ak Pétion pou tiye Papa nasyon an, nan kreye klèje endijèn olye li te fè Vodou a tounen yon vrè fòs. Prezidan Vodou a se wozo, li pliye deja anba 13 dechoukaj men li pa janm kase. Li pa fatra yo bale l jete men lè lapli tonbe li toujou leve e yo wè l paske chak lidè ki tonbe yon lòt leve.

Li pa twò ta Prezidan pou chanje dòn yo, si ou itilize sajès, imilite ak fleksibilite ou te montre nan kanpay elektoral ou a e ki se vèti tout dirijan bezwen pou yo byen dirije, ou ka ranvanse sitirasyon an. Mande konsèy, chache gwoup ki pou ede w jwenn bon solisyon, mete sa w pa wè yo devan, w ap retire peyi a nan maras kote li ap benyen an. Avni Ayiti depann de ou Prezidan Jovenel. Chita ak sosyete sivil la (sa vle di tout sektè) pou jwenn yon solisyon sou zafè bidjè ki tounen pwazon rat la pou chanjman w ap pwone a ka tounen reyalite. Voye je w gade prezidan w ap wè pèp ayisyen apre tout peripesi li pase, grandi. Li aprann tout sa ki fèt san li, lepli souvan fèt kont li kidonk ou gen yon fason pou manyen l se pa egzibe FADH ki ka refwadi l, ki vle di desizyon ki ap angaje nasyon an w ap pran yo, fèt pou konsansyèl. Epi se enterè pa w pou met plis moun bò kote w.

Gran Sèvitorya KNVA – KONFEDERASYON NASYONAL VODOUYIZAN AYISYEN an leve vwa l byen wo pou di OTAN, Ayiti pa kapab ankò. Twòp chire pit, twòp enkonpreyansyon, twòp ensatisfaksyon, twòp kantamwa pandan nasyon an prale nan men nou. Li lè pou Zansèt repoze anpè. Prezidan Jovenel jwèt pou pou ou. Ayibobo !

Euvonie Georges AUGUSTE
Gran Sèvitè

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.