Accueil

ISTWA LANG AK KILTI KREYOL

ISTWA LANG AK KILTI KREYOL

Lò pwofesè Fritz Deshommes, vis rektè  rechèch nan Inivèsite Leta Ayiti ak yon delegasyon komite pou tabli Akademi kreyòl ayisyen an Madan Gourgue, Pastè Pauris Jean Baptiste, ak M.Ambroise te vin wè m pou mande m si m pa ta aksepte reflechi ti gout sou tematik sila a kise “ Istwa lang ak kilti kreyòl”, se te pou mwen yon trè, trè gran lonè. Mwen te trè kontan, mwen te menm yon jan flate. Se pou sa m ap remèsye mesyedam entelektyèl sa yo pou bèl opòtinite sa a, yo te vin ofri m nan.

Men, imedyatman tou, mwen te rapidman konprann ke sa yo t ap mande m nan, se te pou m te vini nan fakilte nasyonal etnoloji a pou m te vin prezante devan asanble etidyan ak pwofesè yo esplikasyon pa m sou konsèp ki se kreyòl, kilti, lang ak listwa kreyól la ann Ayiti.

A la verite, sa ta sanble yon ti travay ki ta dwe trè, trè fasil epi byen senp tou. Men an reyalite, li te ase konplèks paske li te kontwovèse anpil. Gen divès gwo pwofesè ki te trè save ki te deja bay opinyon pa yo sou bagay sa yo e yo pat toujou dakò, menm ant yo.

Men kòm sou bit mwen menm, mwen kanpe a ki se vodou ayisyen an, se donk nan limyè Vodou a n a va gade ansanm konsèp sa yo, epi n a va chache mete aklè sa moun ka rele « entèrelasyon » ki ka genyen ant divès lide yo.

Kidonk, an nou pran dabò mo kreyòl la, oubyen kriyòl la, pou nou wè si nou tout, nou pa ta ka mete tèt nou dakò sou li. Anpil moun di yon kreyòl, se ta yon moun ki blan men ki ta diferan de lòt blan yo ki, yo menm, ta sòti dirèkteman an Ewòp yo, nan tan koloni espayòl la sitou.., an 1492, nan tan Christophe Colon an.

Ki fè yon blan kreyòl ta fèt sou tè lakay pa nou e mo kreyòl la tou, li ta va yon mo ki ta fèt lakay pa nou tou. Alós, mo kreyòl la ta gen rasin ni nan lang panyòl « Criollo ». Ayisyen yo ta pran mo kreyòl sa a nan bouch kolon panyòl kreyòl yo epi yo ta adapte l kòm etan lorijin lang kreyòl ayisyen pa nou an. Mwen menm, mwen kwè moun ki kenbe rezonman sa yo, yo gen tò, yo pa gen rezon.

Poukisa bagay yo ta konsa a ? Senpman paske nan lespri lòloj vire sèten blan, lè sa a, epi jodi a tou, nan lespri anpil Ayisyen tou, sa ki akiltire pa movèz edikasyon yo te resevwa nan men blan sa yo, te gen yon  move lespri rasis ki tap byen mennen. Yo te rele sa sipremasi blan. Lide sa a te trè alamòd a yon sèten epòk.

Blan yo te kwè nèg pa ta janm ka pwodui anyen ki ta ka genyen valè sitou sa ki genyen awè ak savwa, ak kilti, ak lang, ak relijyon. Tou sa nou wè a, se blan an ki ta ba nou yo. Sonje kolon yo te mennen nèg yo nan koloni an, Nouvo Monn nan pou edike yo, pou enstwi yo, pou krisyanize yo ak pou sivilize yo.., a kote de fè kòb tou sou do yo !

Men sou baz lang kreyòl la ki ta vin de panyòl la, you moun ka gen anpil pwoblèm pou esplike konman blan panyòl sila yo ta ka bezwen sèvi ak yon lang ki ta diferan de lang papa yo ak manman yo, alòske tou lède, ni sa ki sot lòt bò dlo yo, ni sa ki te fèt sou tè lakoloni a, yo tout te genyen menm enterè, menm metòd travay, menm pwofi, menm si, sèten nan yo ta ka devlope yon ti aksan twopikal. Eksperyans nan tout Amerik laten an, nan montre w byen okenn ladan yo pat janm santi bezwen fè yon lòt lang ki ta diferan de lang manman yo.

Poutan, move tretman nèg yo t ap sibi nan men blan kolon yo te kreye nesesite pou esklav yo te gen lang pa yo. Se te yon kesyon enterè kolektif pou resiste ak lavi. Listwa di te gen pase mil lang ki te pale ann Afrik la. Men sou tè lakoloni a, yo pa te ka reyini selon lang, dapre yon lwa yo te rele « kòd nwa » ki te regle konpòtman esklav yo.

Esklav yo te bezwen yon grenn lang pou ini yo tout. Pa egzanp, lò yo te swete wè nèg mawon yo antre nan chimen lagè lendepandans la, Tousen Louvèti te bije al pèsonèlman nan doko yo pou konvenk yo. Se paske li te ka pale avè yo nan lang orijinal afriken an, yo te fin pa aksepte lage endepandans lan pou anbrigade tèt yo nan lame endijèn nan. Sete petèt la tou, nan tan sila, Kreyòl la ta ka koumanse pran nesans.

Kreyòl ayisyen an, depi lò a si tèlman byen evolye sou tè dAyiti a, li entegre nan fon kiltirèl kreyòl, tou sa yon moun ka bezwen pou esprime lide li. Li devlope plizyè konsèp ki trè kreyòl tankou kreyòl (pye) pit, kreyòl (pye) bannann, kreyòl Ginen. Menm jan ak reyalite sa yo, lang kreyòl ayisyen, ka sèlman sòti kote mo kreyòl la ta vle di kichòy tankou “ki vini, ki anjandre, ki sòti” nan yon lòt lang, osnon de yon lòt gwoup sosyal, ki ta va egziste anvan l, men ki ta va menm jan avè l, ki ta va gen menm nati avè l, kita va yon lòt lang ki ta sanble avè l, men diferan ak li.

Lang kreyòl la ka prezante l tankou yon lang ki òdinè, e se nan lang sa a m ap ekri konferans sa a jodi a. Men li kapab prezante l tou tankou yon lang ki litijik, ki vle di yon lang moun sèvi avè l nan relijyon vodou an pou esplike ki sa yon moun dwe fè, ki sa yo pa ka fè poutèt Bondje ki ekselan e ki toupuisan.

Lang kreyòl la, li vivan, sa vle di li evolye tou le jou. Li te pran nesans li yon jou, li pousyiv ak jenès li, li atenn matirite li. Vyeyès li a gen tan pou l vini. Sa w di jodia nan yon jan  n ta ka di ki modèn, nan yon lòt tan, ou ta ka chwazi dòt mo pou di menm bagay la. O kòmansman, pa ekzanp, se ta yon bann mo afriken ke moun te konn kole youn sou kote lòt nan yon lojik ki ta afriken, sètadi li te ka gen yon vokabilè ak yon gramè afriken.

Pa egzanp, yon fraz kreyòl ta ka sonnen konsa nan le tan:

Damsewa Badè miwasan mdi Gaou m sewa e.

Men jodi a, lè nou konsidere lang Fon an tout moun pale nan peyi Dawonmen an yo vin rele Repiblik Benen an, li evolye tou. Ki fè li vin sonnen konsa:

Danou wè sèwa gbètò lè miwazon mdi Hougan nouè sèwa e.

E nan ka sa a, tou le de fraz sa a yo ta vle di menm bagay, men nan de epòk diferan:

Lanj Gadyen nou an te chwazi fè nou yon pil mechanste lò li te mennen n isit la.

E mesye dam Kongo yo ta di :

Si Lan Ginen an pate lwen konsa, m ta va ale chimen mwen. Wout la long, li laj e pechè latè isit yo move.

Gras a pakèt kapasite absòption ak prezèvasyon dokiman istorik sa a yo Vodou an genyen an, nou ka jwenn nan li yon bann esplikasyon ki nesesè pou kenbe memwa pèp la. Esplikasyon sa a yo ta ka pèdi si n pat genyen kreyòl la pou raple nou yo.

O kòmansman se te avèk mo afriken yo te eksprime yo. Men yo ta ka endijèn Tayno tou. Se lò n rive nan Bwa Kayiman e desizyon te pran la menm pou n te sèvi ni ak Vodou an, ni ak lang kreyòl la tankou de branch yon sizo pou koupe kòd lesklavaj la, n ta di lang kreyòl la ta fèt ofisyèlman. Vodou ayisyen an tou. Se ta Tousen Louveti ki ta papa yo, e manman yo ta yon fi ki te rele Wandile, ke yo te rekonèt li sou non Wandile Janpiè Poungwe (Zambia M’Pungu) manman wa Tegbesou. Listwa di w wa sa a ta depanse tout fòtin wayòm ni an pou l ta rejwenn manman li. Yo te di l yo te vann manman l poul ale o Brezil e se la li ta al chache l.

Lang kreyòl la, li fagositik, sa vle di li ka vale, enkòpore epi dijere kèk mo, ou menm kèk espresyon lang etranje anndan li. Se nan nati li pou l fè sa. Lò mwen di lang kreyòl la gen tandans fagosite mo, ekspresyon e menm tout yon tèks ki ta sòti nan lang etranjè yo, m ap sonje koulye a yon ti chante tout Ayisyen konnen byen paske yo te konn sèvi avè l pou yo te jwe lò yo te piti. Yo te konn fè lawonn avèl. Chante sa a te rele :

Un p’ti pye Lorye :

« Un pti pye lorye ki a pèdi sè flè

Un pti van pase sou li ki a brize toute lè flè

La kolik o zabriko… doumbwèy cho!

Doumbwèy nan pwa sa gou ! »

Anpil moun te ka kwè yo t ap chante an franse, sitou lò yo te lekòl kay mè kote aprantisaj franse a te obligatwa. Gen lòt moun ki ta ka di tou lang chante sa a se nan lang « peti-nèg » li ye, sètadi yon franse mawon ki pa fin twò klasik. Men an reyalite, nan jijman pa m, chante sa a totalement an kreyòl, yon kreyòl ki fagosite gwo segman ou byen gwo mòso franse ladann pou rakonte jèn ayisyen yo sa k te rive blan yo lò yo te aprann kòmansman lagè lendepandans la.

Se pou konprann « Tipye lorye » a se te kolon wa Lafrans yo ki te konn mare yon ti branch lorye toutotou bò tèt yo jan nou wè l nan foto a. Li pèdi flè li ki vle di li pèdi tout lògèy li ak awogans li paske yon ti van pase sou li. Ti van sa a vle di ti van revolisyon 14 daout 1791 la ki te fenk kòmanse. La kolik o zabriko ki vle di vant fè mal, vant kòde, vant mennen, kay tout blan yo ! Sa tou se yon jijman ki pèsonèl. Li tout a fè sibjektif .

Pou gwo dòz imajinasyon avèk entelijans ki genyen nan ti tèks sila a, kote ansèyman listwa pa t pou kite mè yo konprann ki sa jèn yo t ap chante a, (kreyòl pale, kreyòl konprann !) Nan lakou lekòl kay mè Okap yo, se la ti medam yo te reyini nan lakou rekreyasyon an pou lanse premyè fwa nan dat 21 daout 1791  « Aya Boumbe ! Aya Boumbe ! » ki te vle di « Jou a rive ! Jou a rive ! » 

« Kanga moundele ! Kanga Bafiote ! » Mwen kwè yon blan franse osnon panyòl pa ta ka panse tèks sa a ni jodi a, ni nan epòk lontan yo. Mwen kwè pito tèks sa yo ta dwe fè pati de literati kreyòl menm si yo ta sanble yo te ekri an franse.

Tout bèlte a te chita sou diferans aksan tonik la kite genyen nan lang Bantou moun peyi Kongo yo te pale a. Lò ye te mete aksan an sou Kan an, nan Kanga a, li te vle di touye, pa egzanp touye blan yo ! touye moun yo ! Moundele, se apeprè menm sans ak mo moun nan genyen nan lang kreyòl la. Lò aksan an mete sou Ga a tankou kanGA Bafiote, Fiote a te vle di “Ansyen wayòm Kongo a”. Ba a yo te mete devan Fiote a di w se pou konstitye pliryèl la. Kidonk, kanga Bafiote te vle di “Sove ti moun Kongo yo, sove ti kriyòl Ginen yo.” Se fòmil sa a ki te petèt ala baz « koupe tèt boule kay la ! » Yo pat gen zam, se a manchèt ak dife yo te sèvi.

Lang kreyòl la, li litijik tou, ki vle di yo sèvi avè l nan relijyon Vodou an. Nan rit Rada a, pi fò mo yo sòti nan wayòm Alada Dahonmen kote moun yo te pale lang fon ak lang ewe. Nan rit Kongo a, lang nan sòti nan peyi Kongo kote moun yo te pale youn nan lang Bantou yo. Nan rit Petwo a ki fèt ann Ayiti, lang nan se kreyòl, e trè souvan se te yon Kongo ki te tradui literalman an kreyòl.

Men sa a, li an Fon, anpil Ayisyen konnen l :

O’Dan o’Kou Yèhwé

Danballa Wèdo o’Késou e.

O’Dan o’Kou Yèhwé,  Ou se Gran Moun lakay mwen.

Tèks sa a li sanble li ta granmoun paske lesansyèl sa li di a nan lang fon. Lò ou tradui li : Odan, ki se yon lòt non pou Danballa Wèdo, o’kou vle di lanmò e pa ekstansyon zansèt yo, Yèhwe vle di Bondje. Yo te souvan ba li non kòm Jehova ou byen Yave tou. Kesou ou byen Ketou se youn nan gran vil ki gen nan Nò peyi Danwonmen an. « E » yo konn mete nan fen fraz la, vle di « è », tankou an franse « est », an kreyól « se ».

Kidonk, tèks sa a vle di :

« Odan se Bondje zansèt nou. Danballa Wèdo se Yèhwe. Se Li menm nou te rekonèt lò nou te nan Ketou ou Kesou. Kidonk  li granmoun anpil epi li trè pi. Li dwe reye jodi a lakay mwen. »

Nan jijman pa m, orijin mo Kreyòl la ta egziste depi Lafrik lò yo di w popilasyon kreyòl la te la depi nan kòmansman dè tan, depi lakreyasyon di monn, yon tan ki te rele “ Aniye osnon Anye” ki vle di « osi lwen ke memwa moun ka remonte. »

Moun ki te konn achte esklav yo di w popilasyon Kreyòl la te de gran navigatè, men sou piwòg. Kòmkwa te gen anpil, anpil labou toutotou kontinan afriken an e gwo batiman tranzatlantik kolon yo pat ka janbe labou sa a yo. Genyen labou sa a toujou jouk jounen jodia. Se te popilasyon kreyòl la sèlman ki te ka fè moun janbe “laba”. « Bar la » sete yon mo Pòtige ki te vini de « barro ». Nan lang pòtige yo, « barro » te vle di « labou ». Popilasyon kreyòl Afrik sa a yo egziste toujou.

Yo rete toutotou kontinan afriken an kote yo genyen divès non tankou Krou, Kri, Kwa, Kriyo, Kriyòl,… kòm non etni pa yo. Y ap viv prensipalman bò Kot Divwa, Kap Laou, Siera Leone, Ginen ak Liberia kote non sa yo sèvi tankou non etnik yo. Se de yo n ap pale lò n ap di « Kwa asingbo » nan langaj Gede yo oubyen lò n ap pale de « Kwa de micho » ki vinn tounen Croix des Missions, Croix des Bossales, Croix Depre, Croix des Bouquets an franse. Dè fwa, yo konfonn mo Krou a pou Twou. Dayè, mo Kwa a pa ‘’Croix’’, li se yon teritwa ki ann Afrik ki rele Gran Gede. Mo Krou a se limenm ou ka jwenn tou ann Ayiti kòm nan non Twou di Nò ou Ti Twou de Nip ou Ti Twou Baradè… Afriken yo te pwononse mo Krou a avèk pwent lang yo, yo te woule nan bouch yo. Se sa k fe moun ki pale franse yo pran « Krou » a pou « Twou ».

E Kilti a, kisa li ye ?

Lakilti a se tout kalite lakonesans, tout sa ki bay moun fòs ak pouvwa, tou sa yon moun oswa yon pèp konn fè pou l metrize anviwònman li epi transfòme l, menm tou sa moun ka jwenn pou l kreye lòt bagay avè l. Mo kilti sa a dekri tout kalite resous ni moun ni bèt genyen e ki ka sèvi tou pou konplete fòs li ak pouvwa li.

Si moun ta vle konn plis sou kesyon lakilti a, nou ka di tou li rasanble nan yon grenn mo ki se la kilti a pou l di tou sa moun konprann lò y ap pale de savwa ki se refleksyon sou lakonesans yo, sou kwayans yo, sou pratik yo, sou sa ki rele limajinè a, sou kreyativite a, sou ideyoloji moun ki gen gwo lide yo, sou larelijyon, sou zar, sou syans, sou spò. La kilti a se difizyon tout savwa sa yo nèt, e se menm sa a, yo ka rele gou moun genyen pou lakonesans.

Konesans sa a yo ak manifestasyon yo se konesans estrikti ki fè inite pèp sa a osnon sosyete sa a. Alòs nou ka di kilti a se tout trè moun ka di ki distenktif pou yon sosyete, trè ki espirityèl, trè ki materyèl e menm trè ki afektif ki karakterize yon sosyete oubyen yon gwoup sosyal tankou yon pèp.

Nan definisyon sa a, nou ka mete tou, tout sa ki rele zar ak literati la, kijan moun pou viv, dwadelòm moun genyen ak sistèm valè yo tou, tradisyon yo ak kwayans yo.

Se sèten : nou kapab di anpil lót bagay ankó sou kilti kreyòl la. Se sa ki inifye nou e nou menm e tout pèp k ap viv nan Karayib la. Sitou, ló n ap konsidere yon pèp tankou sa moun yo te konn rele Black Karib yo, ki se Garifuna yo. Yo te rele yo tou Kalinago nan Ti Zanti yo ak nan peyi Beliz. Karaktè Nago moun sa yo te trè fó sou yo, yo te trè gèrye anpil tankou Ogou Feray. Nou jwenn anpil lót eleman kiltirèl ankó ki ini nou entimman tankou respè zansèt yo, respè lanati a epi yon istwa nou tout nou pataje ansanm depi anvan, epi pandan, peryód lesklavaj la ak lakoloni a.

Men konsa tou, nou ka jwenn manje nou konn manje yo ki baze sou diri ak pwa, dans nou yo n rele mereng nan, ritm mizikal tout rejyon karayib la ki akse sou tanbou yo, tout bagay sa a yo di w avèk fós: Se Kreyòl nou ye ! Kidonk Vodou, Santeria, Palos Mayombe, Soukous, Capoeira… tou sa se kilti pa nou.

Sa ki pi enpòtan an, se jan nou rekonèt youn lòt otomatikman. Nou se yon sèl, nou fè yon sèl pèp kite depòte pa fós, epi avèk fós pa nou, avèk lèd epi kouraj nou jwenn nan zansèt nou yo, nou rive rechouke ! Ayibobo !

Ayiti ou byen Ayi miton ti, nan lang fon an vle di « Dezómè tè sa a se pa nou » Ayisyen yo jwenn an konsekans yon eritaj ak, an menm tan, yon konsekrasyon premye pèp nwa endepandan ki sou tè sa a : Tè sa a, se pa nou li ye. Manbo, Grann Ayizan Velekete – se li menm ki te layite nat la pou nou. Layite se yon mo ki gen men rasin ak Ayi nan Ayiti a.

Listwa

Jan nou sot wè l la, ni lang kreyòl la, ni kilti a marye kole kole ak listwa pèp ayisyen an. Relijyon Vodou an tou, li marye ak konsèp sa a yo tou.

Gen moun ki, sou pretèks yo ta chwazi yon lòt relijyon poutèt pa yo, ta swete wè kolon vin pran peyi a ankó epi wè Vodou an disparèt. Nou kwè sa se manke konprann, se yon kokenn chenn kalite inyorans ak egoyis ki pa padonab. Imajine w paske yo menm yo gen dwa a, dwa pou yo chwazi relijyon osnon filozofi vi pa yo, zafè si peyi a kraze ! Sa pa fè sans, sa depase lisans !. Dapre yo, lòt moun pa gen dwa tou e se yo menm sèlman ki ta gen tout dwa ? Yo kwè, petèt, yo ta grandi tankou djondjon. Lapli tonbe yon jou e yo menm, nan demen, yo ta leve, yo ta pouse apati de anyen.

Ala! Se sa ki di sa yo vo. Yo pa genyen zansèt e yo fèt tou konnen!!! Sanble yo pa konprann : Si yon moun pa gen zansèt, kote li ta ka pase pou li menm li ta ka gen yon pase ..?

E, si li pa gen yon pase, konman li ta ka fè pou l ka bati yon fiti pou li menm ak pou pitit li ? Eske se renmen li pa renmen pitit li yo konsa ?

Mezanmi… Map kite nou la a, epi m ap di ak tout fòs mwen :

AYIBOBO pou 30ème anivèsè rekonesans lang ak kilti kreyòl la !!

 Pèp Ayisyen an pa ka tann ankó pou gouvenman Mateli-Lamót la pwomilge epi pibliye lwa sou Akademi kreyól la.

Max-Gesner Beauvoir

Ati ak Siprèm Sèvitè nan Konfederasyon nasyonal vodouyizan Ayisyen yo (K.N.V.A).

 oktòb 2013

Pages