Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

KÒLÒK ENTÈNASYONAL

Akademi Kreyòl Ayisyen: Ki pwoblèm? Ki avantaj? Ki defi? Ki avni?
KÒLÒK ENTÈNASYONAL

Version en français

Kòlòk  sou Akademi kreyòl ayisyen  an dwe ban nou okazyon reflechi ak  brase lide dekwa pou nou soti ak  yon seri pwopozisyon klè sou ki  jan pou nou mete Akademi lang kreyòl la sou pye. Se yon jefò pou montre ijans ki genyen pou nou lanse deba ak diskisyon, pou nou pote eklèsisman epi jwenn yon antant sou yon pwoblèm sosyal pèp ayisyen te vle rezoud ak konstitisyon 1987 la, lè li te prevwa kreye  < Akademi ayisyen> pou lang kreyòl la.

Fòk nou sonje konstitisyon 1987 la te manyen kesyon lang nan peyi d Ayiti  nan plizyè atik li yo. Pou kòmanse, konstitisyon an prevwa de (2) bagay: Li rekonèt kreyòl kòm ‘‘lang tout Ayisyen’’ epi li deklare kare bare kreyòl ak franse kòm de (2) lang ofisyèl1. Li kontinye mande pou kominikasyon ant leta ak popilasyon an fèt nan 2 lang yo, kit se dokiman ofisyèl, kit se zafè  lajistis2, kit se infòmasyon jeneral3. Se nan menm lespri sa a, konstitisyon 1987 la mande leta ayisyen pou li mete yon akademi kanpe pou ‘‘fikse lang kreyòl la epi pou ede li byen devlope nan pale pawòl lasyans’’.

Atik sa yo vrèman byen makonnen paske yo bay mwayen legal ak zouti pou jere kesyon lang nan peyi  d Ayiti; nan fason yo idantifye chak lang sa yo ni pa rapò ak popilasyon ayisyen an, ni pa rapò ak leta ayisyen. Atik sa yo di ki jan moun dwe  sèvi ak lang yo, yo prevwa dispozisyon ak mwayen ki ka ede Leta a aplike sa konstitisyon an mande pi fasil. Se yon bagay ki mande pou moun ta eseye konprann li pa rapò ak sa Pradel Pompilus rele ‘‘pwoblèm lang4’’nan peyi  d Ayiti5, depi nan istwa lang yo. Kòm istwa sa a fè youn ak istwa moun ki pale lang yo, li ta bon pou moun eseye konprann pwoblèm sa a nan rapò pouvwa k ap devlope nan mitan moun anndan sosyete ayisyen an6. Se nan sans sa a, konstitisyon 1987 la koupe fache ak lòt ansyen konstitisyon yo, paske li retire lang kreyòl la nan pozisyon lang ki pa ofisyèl, lang ki ta enferyè (kit sa te fèt defakto, kit lalwa te rekonèt li). Men tou, li pote yon repons klè pou revandikasyon popilasyon ayisyen an ki pale kreyòl  e ki te bezwen reparasyon ak libète.

Malgre gran pa sa a, vennkatran apre referandòm ak piblikasyon konstitisyon an, ki eksplikasyon moun ta ka jwenn pou fason Leta a kominike ak popilasyon an san li pa vrèman respekte sa konstitisyon an di? Èske se paske atik sa yo pa tonbe daplon ak divès politik otorite leta yo ap deplwaye depi 1987 nan kesyon lang, kilti, edikasyon ak kominikasyon?

Menm jan tou, nou dwe poze tèt nou kesyon sou absans akademi ayisyen  pou lang kreyòl la. Èske se ta rapò pouvwa k ap devlope nan mitan moun nan sosyete ayisyen an ki ta lakòz li difisil pou mete akademi an sou pye? Èske difikilte sa a ta soti nan istwa esklavaj la ki te lakòz lang kreyòl la pran pozisyon lang ki domine pliske li se lang moun ki domine yo pale ?  Konsa, èske yo ta sèvi ak sa pou mete majorite nan popilasyon ayisyen an sou kote nan zafè pouvwa a nèt epi pou anpeche li patisipe nan zafè politik peyi a? Nan mitan Konfizyon sa a ki se reyalite Ayisyen nan peyi d Ayiti, pwoblèm lang lan rete yon pwoblèm ki travèse yon ansanm pwoblèm ki gen rapò ak jan moun ki pale lang lan wè tèt yo anndan sosyete a. Pwoblèm lang gen rapò tou ak  pozisyon moun nan sosyete a ki pale lang kreyòl, fason yo konprann egzistans yo, fason yo idantifye tèt yo oubyen yo idantifye lòt moun.

Refleksyon sa a fè nou louvri chemen pou nou abòde yon pwoblèm politik lang nou ta ka anvizaje sou divès fòm epi devlope divès tèm kote nou touche kesyon kilti, idantite, rekonesans, fason moun wè tèt yo, kesyon koloni yo nan sosyete modèn yo. Refleksyon sa a pouse nou manyen tout yon seri pwoblèm ki gen rapò ak patrimwàn kiltirèl peyi a. Li mande tou pou nou gade jan popilasyon ayisyen an kapab rive dekouvri patrimwàn rejyon an ak patrimwàn lemonn nan dokiman ki merite tradui. Li oblije nou kesyone rapò ki egziste ant zèv oral ak zèv ki ekri. Li ta bon tou pou nou reflechi sou kesyon memwa ak achiv. Se  nan sans sa a nou ta merite analize pozisyon sou  divès dispozisyon legal konstitiyan 1986-1987 yo te prevwa yo,  epi dayè yo byen eksplike li nan entwodiksyon konstitisyon an7, lè yo pale de: elimine diskriminasyon sou kesyon lang, kilti, sou zòn  kote ou  rete kit lavil kit andeyò, ak diskriminasyon sou devlopman moun sou plan materyèl, moral ak entelektyèl.

Men tou, èske nou pa ta kesyone pwoblèm pou mete akademi an sou pye a nan rapò li ak kesyon lide akademi an menm? Èske se ta lòt eksperyans ki fèt deja nan sans sa a ki ta nannan pwoblèm lan? Kouman pou nou ta abòde kesyon akademi ayisyen an? Èske mo akademi an se yon mo ki ka lage konfizyon nan tèt moun? Ki kalite konfizyon? Èkse se jan konstitisyon an prezante atik sou akademi an ki poze pwoblèm? Ki kalite enstitisyon nou ta ka anvizaje pou ede zouti syantifik devlope nan lang kreyòl? Ki misyon, ki travay ak mòd fonksyònman nou tabli? Kòm yon enstitisyon leta, kouman pou nou ta mete akademi an sou pye?

Èske nou pa ta dwe enkyete, lè nou gade jan kreyòl la ap evolye, sitou lè nou konsidere kantite travay ki fèt sou lang lan, menn lè yo konsidere kreyòl ayisyen an kòm modèl poutèt se li ki pi devlope nan tout lòt kreyòl ki gen rasin yo nan lang franse8? Se vre kreyòl ayisyen an vanse. Nou ka site afè kreyòl ki rantre nan lekòl grasa refòm 1979 la Minis Joseph C. Bernard te koumanse nan sistèm edikasyon an, epi yon sistèm òtograf ki ofisyèl depi 31 janvye 1980, san nou pa bliye kreyòl k ap anseye nan Inivèsite.  Men, nou konstate yo pa sèvi avè l ase nan edikasyon, nan pwodui liv, nan lajistis  ak nan administrasyon. Se sitou nan literati gen plis efò ki fèt pou pwodui yon seri zèv enpòtan an kreyòl. Ann Ayiti, nou wè gen yon gwo mank nan afè rechèch an kreyòl oswa sou lang kreyòl, sitou nan kesyon demontre prensip fonksyònman lang lan, nan sèvi ak li nan divès domèn nan lavi teknik ak syantifik. Nou ka site kèk eksepsyon tankou plizyè liv Yves Déjean ekri (li pibliye yon liv nan lane 2006 kote li reyini sa ki pi enpòtan nan tout sa li janm ekri)9, liv Pierre Vernet10 ak kèk lòt otè ak inivèsitè. Nan tout istwa Inivèsite nan peyi d Ayiti, travay rechèch etidyan blije fè pou yo jwenn lisans te toujou prezante an franse, eksepte 4 ladan yo, 2 nan Fakilte zyanzimèn, 2 nan Fakilte Lengwistik Aplike, soti 1998 rive 2005. Men poutan, nou kapab kanmenm fè kèk grenn otè ak inivèsitè konpliman pou detwa travay syantifik yo koumanse fè an kreyòl, paske yo tanmen anseye an kreyòl nan inivèsite a.

Lè yon lang ap devlope, èkse se pa ta yon obligasyon pou demontre prensip fonksyònman li ak divès nivo langaj yo?

E se la a, nou merite kesyone jan nou sèvi ak de (2) lang ofisyèl konstitisyon an rekonèt la, epi an menm tan an tou Akademi a kòm aparèy enstitisyonèl ki ta dwe travay pou demontre kapasite lang kreyòl la. Tout kesyònman sa yo pèmèt nou dekouvri twa reyalite enpòtan nou ta dwe analize: 1) lang kreyòl la tankou tout lòt lang rete yon sistèm tou louvri  kote moun ki pale l yo kontinye ap repwodui li nan fason yo sèvi avèk li; 2) jan lang kreyòl la ap bouje anndan sosyete a kapab yon mwayen ki esplike jan yo sèvi avè l la; 3) aksyon leta poze anndan politik piblik yo, swa pou li eseye korije kèk bagay oubyen pou li tabli egalite, an menm tan an tou, kalite entitisyon li prevwa pou mete aksyon sa yo ann aplikasyon epi makfabrik enstitisyon sa yo.
Se anndan istwa 2 lang yo nan peyi a ak nan pwoblèm istwa sa a charye, Komite Inisyativ pou monte Akademi a vle gade sa konstitisyon an di sou 2 lang yo, kòm baz legal ak administratif pou tabli yon  politik lang toutbon pandan n ap kesyone pwoblèm ki genyen nan zafè mete akademi  sou pye. Kòlòk sa a se bonjan okazyon pou nou reflechi sou misyon akademi an, manda li, jan pou l òganize ak fason pou nou ta oryante li. Se nan lide sa a, nou santi li enpòtan pou nou poze yon lòt kesyon ki ta ka dirije refleksyon ki pral fèt sou kreyasyon enstitisyon sa a: Ki akademi kreyòl nou vle pou peyi d Ayiti? Nan ki rejyon ak nan ki monn?

Refleksyon ak deba anndan kòlòk sa a sou  akademi an kapab ban nou yon bon okazyon  pou devlope sa nou ta ka rele yon kreyolofoni syantifik ak kiltirèl pou fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an, pou gaye li plis toujou epi devlope zouti syantifik ak kiltirèl an kreyòl, nan jan nouvo teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon  yo ap vanse jounen jodi11.
Tèm kòlòk la se:
Kòlòk la ap dewoule sou divès tèm enpòtan, tankou:

Politik Lengwistik ak Pratik Lengwistik nan peyi d Ayiti

  • Nòmalizasyon, estandadizasyon ak amenajman lengwistik
  • Kreyòl ak Pwodiksyon lengwistik
  • Kreyòl ak Pwodiksyon literè
  • Kreyòl ak Tradiksyon
  • Kreyòl : fason n ap pale l epi fason n ap ekri l
  • Relasyon ant lang yo
  • Kreyòl ak koze devlopman
  • Kreyòl ak nouvo teknoloji enfòmasyon ansanm ak nouvo teknoloji  kominikasyon yo

 Lang, Idantite, Sosyete

  • Lang ak reprezantasyon sosyal yo
  • Lang ak zafè rekonesans lan
  • Lang, nasyon ak nasyonalite
  • Lang ak koze mondyalizasyon

Lang ak Akademi

  • Akademi kreyòl la ak lòt eksperyans ki te fèt nan mete kèk lòt akademi sou pye.
  • Wòl tradisyonèl yon akademi lang jwe: tout avantaj ak tout pwoblèm ki genyen.
  • Akademi ak bilengwis.
  • Akademi ayisyen an; fason pou yo wè l, fason pou yo mete l sou pye, fason pou yo jere l epi fason pou yo dirije l.

Lang kòlòk la

Lang kòlòk la se kreyòl ayisyen ak franse. Nan dokiman rezolisyon kòlòk la, tèks konferansye yo ap pibliye ni an kreyòl ni an franse.

Delè pou voye pwopozisyon kominikasyon yo

Komite òganizasyon kòlòk la ap resevwa kominikasyon yo nan adrès elektwonik:
Akademiayisyen.kolok2011@gmail.com
akademiayisyen.kolok2011@ueh.edu.ht
15 dawou pou pi ta, se dat apèl pou kominikasyon sa a ap fèmen. Pwopozisyon yo dwe genyen:

  • Non moun ki ekri li a, nimewo telefòn li, adrès lapòs ak adrès elektwonik li,
  • Tit pwofesyonèl li ak enstitisyon li reprezante
  • 500 mo pou pi plis sou tèm li chwazi a

Apèl pou kominikasyon sa a konsènen sitou moun k ap evolye nan domèn Syanzimèn, ak Syans sosyal, espesyalman lengwistik, filozofi, literati, antwopoloji, sosyoloji,  istwa,  elatriye…. Se yon apèl pou moun nan milye ayisyen an ak nan dyaspora ayisyen an k ap evolye toupatou nan lemonn, pou inivèsitè nan zòn Karayib la ak toupatou sou latè, epi pou tout enstitisyon ki enterese nan zafè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an ak kesyon akademi an espesyalman.

Men non enstitisyon ki fè pati komite pilotaj la:

Bon Nouvèl
Bureau Nationale d’Ethnologie (BNE)
Faculté de Linguistique Appliquée (FLA)
Ministère de la Culture et de la Communication (MCC)
Ministère de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP)
Presses Nationales d’Haiti
Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS)
Université d’État d’Haïti (UEH)

Men non moun kifè pati komite syantifik la

Jean Léon Ambroise
Darline Cothière
Michel Degraff
Yves Dejean
Fritz Deshommes
Renauld Govain
Laennec Hurbon
Nirva Jean-Jacques
Pierre Michel Laguerre

* * *

Nòt

  1. «sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm, se lang kreyòl»
    «Kreyòl ak Franse se lang ofisyèl Repiblik la» Ayiti, Konstitisyon Repiblik d Ayiti, Pòtoprens, 10 Mas 1987, Jounal  Monitè no 5.
     
  2. Men sa ki nesesè pou yo sèvi ak manda sa a:
    «Rezon ki fè yo arete yon moun, oubyen rezon ki fè yo fèmen moun nan prizon, se pou manda a esplike sa klè an kreyòl ak an franse(…).» Yon pati nan atik 24-3.a
     
  3. «Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li simaye bonjan enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tout sa ki an rapò ak vi peyi a. Leta dwe bay enfòmasyon sou lwa, sou dekrè lwa, ak sou règleman li mete deyò, ak tout aranjman, trete, konvansyon, li siyen ak lòt peyi, sof si gen de bagay sekirite nasyonal mande pou yo rete sekrè». Atik 24. Konstitisyon1987 la.
     
  4. Sa tou mande pou nou poze pwoblèm de(2) lang nan peyi d Ayiti a lapoula, tout pandan n ap bay tout mezi ki nan konstitisyon an tout enpòtans yo genyen yo.
     
  5. Pompilus Pradel. Le problème linguistique Haitien. Pòtoprens. Edisyon Fardin.
     
  6. Gen yon premye seri kesyon ki ta kapab konsène diferans pou nou ta fè ant lang (tout moun ap itilize a) popilasyon ayisyen an ak lang ofisyèl leta ; kouman nou ka esplike sitiyasyon kote lang leta ap itilize yo pa menm ak lang moun nan popilasyon an ap itilize yo? Èske te gen yon epòk kote Leta pa t konn pale menm lang ak moun nan popilasyon an?
     
  7. Konstitisyon sa a la, pou gouvènman an respekte tout dwa tout kretyen vivan genyen; Dwa pou yo viv lib. Dwa pou yo viv alèz. Dwa pou yo toujou kapab di mo pa yo, nan jan pou peyi a mache, dwa pou tout sitwayen nan tout peyi a bay dizon li nan tout desizyon k ap pran>. Tèks deklarasyon ki entwodui kostitisyon1987 la.
     
  8. An reyalite, lang kreyòl ayisyen an pa t pran tan pou li te gen yon nivo gramè ki avanse e se sa k fè se kreyòl ayisyen ki te pran distans ak lang franse a anvan tout lòt kreyòl ki gen baz leksikal franse a. Se depi nan kòmansman 19yèm syèk la dirijan yo te wè nesesite pou yo kòmanse sèvi avè l nan lavi piblik la. Vintila- Radelscu Iona. (1979), (2yèm edisyon). Le créole. The Hague. Mouton Publisher. P 95
     
  9. Dejean.Yves. 2006. Yon Lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Pòtoprens. Edisyon Henri Deschamps. Nan lane 1990, menm ekriven sa a te pwopoze divès teknik pou moun ekri kreyòl ayisyen an: Comment écrire le créole haitien. Yon liv li pibliye apati tèz li te remèt pou li jwenn tit doktè, yon tèz ki genyen menm tit la tou.
     
  10. Vernet Pierre. Technique d’écriture du créole haitien. Pòtoprens, le Natal.
     
  11. Jan nou te montre l la < kreyolofoni sa a ta kapab tounen yon bon mwayen oubyen yon nouvo zouti pou lang kreyòl la rive pran plas li dwe genyen nan tren mondyalizasyon an, Govain, Renauld 2010 «Les pratiques du créole et la mondialisation», tit yon ekspoze li te bay nan yon kòlòk Entènasyonal ki te gen kòm tèm prensipal ‘Penser un humanisme de la diversité’. Tulane University.Nouvèl Oleyan, Etazini, yon evènman Tulane University ak Crenel te òganize nan dat 5 ak 6 Avril 2010.

    Colloque international

    L’Académie du créole haïtien:
    Enjeux, défis et prospectives.

    Université d’État d’Haïti

    Port-au-Prince, 27-29 octobre 2011

    Le colloque «l’Académie du créole haïtien: enjeux, défis et prospectives» entend ouvrir un espace réflexif en vue d’apporter des propositions concrètes et avisées relatives à la mise sur pied de l’Académie du créole haïtien. Cet effort académique et scientifique rencontre l’urgence de débats et de discussions, de mise au point et d’explicitation des points de vue sur un problème de société sur lequel le peuple haïtien a agi à travers la constitution de 1987: l’institution de l’ «Académie haïtienne» de la langue créole.

    En effet, la constitution de 1987, à travers plusieurs de ses articles, a abordé la question des langues en Haïti. Dans un premier temps,  la constitution opère un double mouvement: 1ère la reconnaissance du Créole comme langue commune  à «tous les Haïtiens», 2ème la proclamation de deux langues officielles: le Créole et le Français1. Elle continue par exiger la communication entre l’Etat haïtien et la population haïtienne dans les deux langues qu’il s’agisse de l’exercice du pouvoir judiciaire2 ou de la vulgarisation à l’oral et à l’écrit de tout document concernant la «vie nationale»3. Dans le droit fil de ces dispositions, la constitution fait obligation à l’Etat haïtien d’instituer l’Académie haïtienne, académie qui aura pour tâches de «fixer la langue créole et de permettre son développement scientifique et harmonieux».

    Ces articles entrent en résonnance au sens où ils offrent des provisions légales et institutionnelles  sur la «gestion des langues» en Haïti, à travers leur identification par rapport à la population haïtienne et à l’État haïtien, leur usage, la mise en place de dispositions et de dispositifs pouvant faciliter l’application des prescrits. Par ces articles, les constituants  de 1986-1987,  dans la mouvance du mouvement démocratique et populaire de l’époque,  à la fois interrogent et apportent des éléments de réponse à la question des langues en Haïti, ce qui doit être appréhendé au regard du problème linguistique4haïtien pour reprendre une expression de Pradel Pompilus5, de son histoire en tant qu’elle est constitutive de l’histoire des «sujets linguistiques», donc des rapports de pouvoir dans lesquels ces derniers sont pris au sein de la société haïtienne6.  À ce stade, la constitution de 1987 se révèle en totale rupture d’avec les autres constitutions haïtiennes en tant qu’elle remet en cause le statut non officiel et de langue dominée du créole haïtien – de fait ou entériné par des lois – mais également en tant qu’elle est une réponse juridico-légale aux revendications de «réparation» et d’émancipation de la population haïtienne globalement créolophone.

    Mais, au regard de cette grande avancée, quelles explications apporter au fait qu’un quart de siècle après le référendum et la publication de la constitution de 1987, la communication entre l’Etat haïtien et la population haïtienne ne suive pas à proprement parler les prescrits constitutionnels? Ces prescrits ne tombent-ils pas en accord avec les différentes politiques publiques en cours en matière de langue, de culture, d’éducation, de communication par les autorités de l’Etat haïtien depuis 1987?    

    Sur  cette même lancée, nous devons interroger l’absence institutionnelle de l’ «Académie haïtienne» de la langue créole. Pouvons-nous expliquer cette difficulté de donner corps à l’Académie par les rapports de pouvoir dans lesquels le créole haïtien et ses locuteurs-trice-s sont pris-e-s au sein de la société haïtienne? Cette difficulté relève-t-elle de l’héritage colonial esclavagiste qui avait relégué le créole à la position d’une langue dominée en tant que langue  des dominés-opprimés, participant à l’exclusion de la majorité de la population haïtienne de toutes les sphères du pouvoir et de la participation pleine à la communauté politique? Dans son enchevêtrement à la réalité des «sujets linguistiques» haïtiens, le problème linguistique est donc transversal à un ensemble de problématiques relatives aux représentations sociales des «sujets linguistiques», la position sociale concrète ou projetée des locuteur-trice-s du créole, la manière dont ils-elles se posent dans l’existence, la manière de s’identifier ou d’identifier l’autre.

    Ce qui ouvre le champ de la problématisation sur une politique linguistique envisagée à différentes approches  et à des thématiques faisant croiser le culturel, les questions de l’identité, de la reconnaissance, des représentations de soi, de la «colonialité» des sociétés contemporaines.  Il renvoie également à des préoccupations relatives au patrimoine culturel du pays, à l’accès de toute la population haïtienne au patrimoine régional et mondial par des œuvres de traduction, le rapport entre oraliture et écriture, la mémoire et l’archivage. Cela nous offre donc le prisme à travers lequel peuvent être lues et questionnées les différentes postures  à l’égard des dispositions de la Charte Fondamentale dont les préoccupations ont trouvé leur explicitation dans le préambule7: l’élimination de discriminations où croisent problèmes linguistiques, questions de culture, d’habitation de l’espace territorial et d’épanouissement matériel, moral et intellectuel.

    Ou, du moins, cette difficulté de la mise sur pied de l’ «Académie haïtienne» relève-t-elle directement de l’ «idée d’Académie» compte tenu de ses différentes matérialisations expérimentées ou possibles? A partir de quel paradigme l’académie haïtienne est-elle approchée?  Suscite-t-elle des suspicions, et de quelle sorte? Dans ce cas précis, ces réserves à l’égard de l’Académie renvoient-elles   à l’idée de l’article sur l’Académie haïtienne tel qu’il est édicté dans la constitution? Quel dispositif institutionnel pensé en termes de mission, de compétences requises et de fonctionnement peut concourir au développement du créole enrichi de la dynamique sociétale haïtienne? Comment pouvons-nous penser l’Académie dans les termes d’un tel dispositif institutionnel? N’y aurait-il peut-être lieu de s’inquiéter de l’évolution du créole haitien –en termes de travaux effectués sur cette langue– quoiqu’il soit considéré comme le parangon des créoles français en raison de son développement relativement précoce par rapport aux autres variétés des créoles français8? Des avancées considérables dans l’évolution du créole haïtien sont à souligner. On peut citer  l’introduction du créole à l’école à la faveur de la Réforme éducative de 1979 –initié  par le ministre Joseph C. Bernard– et  l’officialisation de la graphie en cours depuis le 31 janvier 1980 précédant l’officialisation de la langue,  sans compter l’enseignement du créole à l’Université. Toutefois nous pouvons constater qu’il reste d’un usage limité dans les sphères de l’éducation, de la production et de l’administration. C’est surtout en littérature que la production en créole à retrouvé plus d’efforts et plus de consécrations dans des œuvres magistrales. On peut observer en Haïti, un manque considérable de recherches en (et sur le) créole relatives à sa description,  son utilisation dans différents domaines de la vie technique et scientifique. On peut excepter  certains travaux  dont ceux d’Yves Déjean (dont l’essentiel est concentré dans la publication faite en  2006)9, de Pierre Vernet10, et autres rares auteurs et universitaires. Dans toute l’histoire de l’Université en Haïti (et du créole haïtien) les travaux de recherches obligatoires (mémoires pour l’obtention du grade de licencié) ont été rédigés en français dans leur quasi-totalité, excepté quatre mémoires qui ont été rédigés en créole dont deux à la Faculté des Sciences humaines et deux à la Faculté de Linguistique Appliquée de l’Université d’État d’Haïti, entre 1998 et 2005. Par ailleurs, on pourra saluer l’effort de rares auteurs et universitaires qui ont entamé une production scientifique en créole.

    Cette question du développement  d’une langue  ne passerait-elle pas nécessairement par  un degré poussé de normalisation et de standardisation?

    Par cela, nous interrogeons dans un même temps l’usage des deux langues officialisées par la constitution, mais également l’Académie en tant que dispositifs institutionnels travaillant au développement de tout le  potentiel de la langue créole. Ces interrogations mettent en relief trois réalités majeures qui invitent à l’analyse:: 1) la langue créole, de même que les autres langues,  est un système ouvert que continuent de produire les locuteur-trice-s dans l’usage qu’ils-elles en font ; 2) l’inscription de la langue  créole dans la dynamique sociétale qui peut être source d’explication  de son usage (sa fréquence et les secteurs de la vie dans lesquels la langue créole est exclue ou mobilisée) ; 3) l’action de l’Etat par des politiques publiques à visée réparatrice ou égalitaire ainsi que la nature et les caractéristiques de l’institution devant les mettre en application.

    Au regard de cette histoire de la question des langues en Haïti et des problèmes qui s’y dégagent, le comité d’initiative pour la mise en place de l’Académie haïtienne aborde les prescrits constitutionnels comme la formulation de bases juridico-administratives à une politique linguistique tout en prenant compte et en interrogeant les difficultés d’instituer l’Académie. Ce colloque est bien l’occasion idéale, pensons-nous, de réfléchir sur sa mission, son mandat, son organisation, son orientation. Dans cette perspective, nous nous posons la question suivante qui semble de nature à orienter nos réflexions autour de la création de cette institution: «Quelle académie créole pour Haïti, voire pour quelle région et dans quel monde?»

    Ces réflexions et débats autour de la création de l’Académie, à la faveur de ce colloque international peuvent constituer un préalable au développement d’une «créolophonie» scientifique et linguistico-culturelle dont l’un des buts pourrait être la promotion, l’expansion et le développement scientifique et culturel du créole en question11, dans une prise en compte des nouvelles technologies de l’information et de la communication. 

    Le colloque se déroulera autour de thématiques dominantes:

    Politique linguistique et pratiques linguistiques en Haïti

    • Normalisation, standardisation et aménagement linguistique
    • Créole et production scientifique.
    • Créole et production littéraire.
    • Créole et traduction.
    • Créole: entre oraliture et écriture.
    • Contact des langues.
    • Créole et développement.
    • Créole et les nouvelles technologies d’information et de communication (NTIC).

    Langues, identités, sociétés

    • Langue et représentations sociales.
    • langue et question de reconnaissance.
    • Langue, nation et nationalité.
    • Langue et mondialisation.

    Langues et Académie

    • L’Académie créole et d’autres expériences d’implantation d’académies.
    • Rôle traditionnel d’une académie de langue: avantages et inconvénients.
    • Académie et bilinguisme.
    • L’Académie haïtienne: conception, mise en place, gestion, gouvernance…

    Langue du colloque

    Les langues du colloque sont le créole haïtien et le français. Pour ce qui concerne les communications, elles seront publiées dans les deux langues dans les actes du colloque.

    Délai de soumission des propositions

    Le comité d’organisation reçoit les communications à l’adresse:
    akademiayisyen.kolok2011@gmail.com
    ou
    akademiayisyen.kolok2011@ueh.edu.ht

    Jusqu’au 15 août 2011, date de fermeture de l’appel à communication. La proposition comportera les éléments suivants:

    • Nom complet de l’auteur, téléphone, adresses postale et électronique,
    • Statut professionnel et institution d’attache,
    • 500 mots maximum traitant de la problématique choisie.

    Cet appel à communication est ouvert à toutes les disciplines des sciences humaines et sociales, et particulièrement à la linguistique, la philosophie, la littérature, l’anthropologie, la sociologie et l’histoire. Il est lancé au public haïtien et à la diaspora haïtienne évoluant un peu partout dans le monde, aux universitaires de la Caraïbe et du monde entier, et à toutes les institutions et instances intéressées au devenir du créole haïtien en général et à la question de l’académie haïtienne en particulier.

    Voici les institutions faisant partie du comité de pilotage:

    Bon Nouvèl
    Bureau Nationale d’Ethnologie (BNE)
    Faculté de Linguistique Appliquée (FLA)
    Ministère de la Culture et de la Communication (MCC)
    Ministère de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP)
    Presses Nationales
    Société d’Animation et de Communication Sociale (SAKS)
    Université d’État d’Haïti (UEH)

    Le comité scientifique est composé des personnalités suivantes:

    Jean Léon Ambroise
    Darline Cothière
    Michel Degraff
    Yves Dejean
    Fritz Deshommes
    Renauld Govain
    Laennec Hurbon
    Nirva Jean-Jacques
    Pierre Michel Laguerre

    * * *

    Notes

    1. «Tous les Haïtiens sont unis par une Langue commune: le Créole. Le Créole et le Français sont les langues officielles de la République». Haïti, La Constitution de la République d’Haïti, 10 Mars 1987, Port-au-Prince: Journal Le Moniteur, art. 5.
       
    2. «Pour que ce mandat puisse être exécuté, il faut:
      qu’il exprime formellement en créole et en français le ou les motifs de l’arrestation ou de la détention et la disposition de loi qui punt le fat imputé (…)». Ibid, art. 24.3-a.
       
    3. «Obligation est faite à l'État de donner publicité par voie de presse parlée, écrite et télévisée, en langues créole et française aux lois, arrêtés, décrets, accords internationaux, traités, conventions, à tout ce qui touche la vie nationale, exception faite pour les informations relevant de la sécurité nationale». Ibid.art. 40.
       
    4. Ce qui pose d’emblée d’interroger le rapport des deux langues en Haïti, tout en prenant la mesure des prescrits constitutionnels.
       
    5. POMPILUS Pradel, 1985, Le problème linguistique haïtien. Port-au-Prince, Éditions Fardin.
       
    6. Un premier questionnement pourrait porter sur la distinction entre la langue (commune) de la population haïtienne et la langue (officielle) de l’Etat: Comment expliquer que les langues de l’Etat ne soient pas toutes, les langues de la population? A-t-il existé une période où l’Etat ne parlait pas la même langue que la population?
       
    7. «Pour fortifier l'unité nationale, en éliminant toutes discriminations entre les populations des villes et des campagnes, par l'acceptation de la communauté de langues et de culture et par la reconnaissance du droit au progrès, à l'information, à l'éducation, à la santé, au travail et au loisir pour tous les citoyens». préambule.
       
    8. En effet, le créole haïtien a acquis assez tôt un niveau de grammatisation avancé: le créole haïtien semble avoir acquis un certain «prestige» bien avant les autres variétés du créole français. Au début 19ème siècle, on le jugeait même digne d’être utilisé dans la vie publique.  Vintila-Radelscu, Ioana, (1979), (2ème édition). Le créole. The Hague, Mouton Publishers, P. 95.
       
    9. Déjean, Yves, 2006, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Port-au-Prince, Éditions Henri Deschamps.
      En 1980, cet auteur (op. cit.) avait proposé des techniques d’initiation à l’écriture du créole haïtien: Comment écrire le créole haïtien, publication issue de sa thèse de doctorat portant le même titre.
       
    10. Vernet, Pierre, 1980. Technique d’écriture du créole Haïtien. Port-au-Prince, Le Natal. Cette même année, Pierre Vernet a publié un manuel qui va dans le même sens – Technique d’écriture du créole haïtien – destiné aux enseignants de créole dans la manière d’envisager l’enseignement-apprentissage de cette langue à l’école, notamment dans le domaine de l’écrit.
       
    11. Comme il a été souligné, cette «créolophonie» peut être à la fois un bon moyen et un nouvel instrument pouvant permettre à la langue créole de prendre sa place dans le train de la mondialisation. Govain, Renauld, 2010, «Les pratiques du créole haïtien et la mondialisation», communication présentée au Colloque Penser un humanisme de la diversité, Tulane University, New Orleans, USA, organisé par Tulane University et CRENEL, 5-6 avril 2010

    Connexion utilisateur

    CAPTCHA
    Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.