Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

KOTE FANM PA JWENN DOKTÈ - YON GID SANTE POU FANM

Makòmè, sante fanm nan pla men w Gen plis pase yon milyon fanm toupatou sou latè, k ap viv andeyò tankou lavil, “kote ki pa gen doktè” oubyen kote lasante koute two chè. Anpil fanm soufri, pèdi lavi yo mal paske yo pa jwenn swen ak bon jan enfòmasyon klè sou kesyon lasante.

Nou ekri liv sa a pou tout fanm ak tout moun ki enterese nan amelyorasyon sante fanm. Nan yon tèks fasil ki gen foto ak desen, liv la pote enfòmasyon sou anpil pwoblèm sante medam yo konn rankontre nan lavi yo. Nou gen espwa tout moun - jenn demwazèl, fanm majè, travayè lasante - ap dekouvri itilite ti liv sa a e y ap wè ki jan li ka menm ede yo sove lavi yo. Objektif nou, se pou enfòmasyon sa yo rive jwenn plis fanm posib, nan plis kote posib.

Nou pa ekri liv la pou kont nou. Pou travay la te ka itil toutbon, nou te kesyone fanm toupatou sou latè, sou sa yo bezwen pou sante yo, sou kwayans yo ak pratik yo nan zafè lasante, epi sou pwoblèm yo ta renmen nou trete nan liv la. Fanm ki soti nan plizyè peyi te reyini nan atelye kote yo brase lide sou divès kesyon lasante epi voye rezilta yo ban nou. Rezilta sa yo te pèmèt nou fè yon dekouvèt: alòske enstitisyon ki enterese nan sante fanm toujou pote plis atansyon sou sante repwodiktiv, fanm ki te patisipe nan deba yo te bay lòt pwoblèm yo menm enpòtans lan. Se poutèt sa, liv sa a etidye yon dividal pwoblèm ki gen konsekans sou sante fanm.

Kon sa, tout fanm sa yo bay patisipasyon yo nan preparasyon liv la, se pawòl yo, eksperyans yo ansanm ak ti istwa yo rakonte ki fè liv la gen fòm li genyen an. Se Kòmantè yo ki gide nou, ki fè nou wè sa k pi itil, sa k pa fin klè, sa k pa korèk, si, wi ou non, tèl ou tèl enfòmasyon ap itil nan kominote yo.

Ou menm ki konn li, ou ka li liv la pou moun ki pa konn li. Si w konn moun ki gen pwoblèm sante, tanpri souple, pataje enfòmasyon ou jwenn nan liv la ak yo - liv la pa byen yon sèl fanm. Pandan n ap dekouvri ajisman ak lide ki ka ede n regle pwoblèm sante fanm, n ap wè ki jan li vin pi enpòtan pou nou travay men nan men epi pou nou aprann youn anba bouch lòt. Travay men nan men an ansanm ak pataj konesans, se 2 etap nesesè sou chimen chanjman.



Document: 

hesperian_wwhnd_haitian_creole_2000.pdf

Image: 

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages