Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Kreyòl ayisyen: sa nou dwe konnen sou li

Hugues Saint-Fort
Kreyòl ayisyen: sa nou dwe konnen sou li

Rezime: Atik sa a devlope sa ki esansyèl pou tout Ayisyen ta dwe konnen sou prensipal lang moun pale ann Ayiti, lang Kreyòl, men ke malerezman anpil moun konnen mal, swa paske lekòl ann Ayiti pa te janm aprann yo anyen sou li, swa paske yo menm pa janm fè efò pou mete bèt sou yo, swa paske yo meprize  pwòp lang yo pale toulejou avèk Ayisyen parèy yo. Atik la esplike ki sa Kreyòl ayisyen ye  epi ki sa li pa ye; ki kote li sòti; ki sa li reprezante pou Ayisyen an jeneral epi ki plas li dwe okipe nan edikasyon ann Ayiti. Se yon atik ki baze sou syans lengwistik ki se espesyalite mwen. Li pa gen okenn vize polemik. Li pa fè okenn «voye monte».

Mo kle:                                                                                       
Lang Kreyòl, lengwistik, edikasyon, lang matènèl, lang sous Kreyòl, kreyolofòn.

Entwodiksyon

Kreyòl se non lang yo pale ann Ayiti, peyi ki nan pati lwès zile yo te rele «Hispaniola» lè yon Blan italyen ki rele Christophe Colomb men ki t ap travay pou peyi Lespay te ba li non sa a nan moman li te debake ladan li nan lane 1492. Majorite Ayisyen dwe konnen moso istwa sa a sou peyi yo ki te rele Saint Domingue pandan epòk  li te vin yon koloni franse (1697-1803).  Se te premye peyi moun Nwa afriken ke Blan franse te al kidnape ann Afrik pou fè tounen esklav, rive goumen kont Blan franse sa yo, bat yo epi pran endepandans peyi a, an 1804. Menm jan ak tout kretyen vivan sou latè, pèp ayisyen pale yon lang. Syans lengwistik aprann nou ke langaj se yon reyalite  mantal, yon kapasite pou pale ki chita nan sèvo tout moun. Lengwis yo laji definisyon sa a epi mete ladan li lang siy. Se vre ke lang siy yo se pa lang ki “pale” men se lang kanmenm yo ye epi anpil sosyete aksepte yo san pwoblèm. Pale vle di pwononse son ki genyen yon siyifikasyon, ki devlope yon panse, epi yon kreyativite ki pèmèt moun pwodui ak konprann yon kantite enfini nouvo fraz. Se moun sèlman ki posede kapasite sa a pami tout espès animal yo. Dapre syans lengwistik modèn, moun predispoze jenetikman pou akeri langaj e se kon sa moun rive aprann yon  lang, sa vle di ansanm fraz moun pale nan yon kominote lengwistik. Mwen raple gwo diferans lengwis Noam Chomsky fè ant sa li rele «I-language» (sistèm entèn) epi «E-language» (sistèm ekstèn). Dapre  Chomsky, sistèm entèn lan se yon konesans lengwistik lokitè yo posede sou lang yo pale a, alòske sistèm ekstèn lan se antite istorik, politik, sosyolojik, jewografik ki koresponn a nasyon kote yo pale lang sa yo. Men, dwe genyen yon anviwonnman sosyal ki detèmine ki lang an patikilye  (tankou kreyòl ayisyen oswa franse oswa espayòl oswa angle, e latriye) ki rive  devlope lakay moun. Gras a kapasite lengwistik sa a ki nan pwofil jenetik homo sapiens (omo sapyenns) (ki donk se yon kapasite ki inivèsèl), timoun nan tout  peyi rive akeri rapidman  lang moun pale nan anviwonnman sosyal kote y ap viv la. Yo rele lang saa, lang matènèl osnon premye lang (L1). Kèlkeswa kote l ap viv la, nenpòt kretyen vivan akeri lang matènèl li natirèlman, san pèsonn  pa aprann li lang lan, anvan menm li ale lekòl pou l ta aprann lang lan fòmèlman. Se kon sa timoun ayisyen akeri natirèlman lang sosyete ayisyen an itilize. Lang sa a se Kreyòl. Kreyòl se premye lang pou tout Ayisyen ki fèt epi leve ann Ayiti.

Menm jan sa egziste nan tout lang kretyen vivan pale, genyen yon dimansyon sosyal nan lang kreyòl. Ayisyen pa pale lang kreyòl menm jan. Yo pale li dapre rejyon kote yo sòti, dapre laj yo, dapre klas sosyal yo, dapre edikasyon yo resevwa. Men, an jeneral, malgre tout diferans  sa yo, tout varyasyon ki egziste nan fason yo pale, youn rive konprann lòt san pwoblèm. Gen yon pawoli ann Ayiti ki byen di sa: «Kreyòl pale, Kreyòl konprann».

Nan atik sa a, pou kòmanse, m ap fè yon rale sou konsèp «kreyòl» la epi m ava esplike ki sa Kreyòl ayisyen ye, ki sa li pa ye; ki kote lang sa a sòti; ki sa li reprezante pou pèp ayisyen epi ki plas li dwe okipe nan edikasyon ann Ayiti.

1 . Konsèp «kreyòl» la

Mo «kreyòl» la pa gen lontan depi li egziste. Anvan 16èm syèk, pa te genyen mo sa a nan lang oksidantal yo (angle, panyòl, franse, pòtigè, olandè…). Li sanble  se nan lang pòtigè ak nan lang panyòl ke  mo «kreyòl» la te parèt premye fwa.  Pou plizyè moun save ki travay sou lang kreyòl yo (Hazaël-Massieux 2011, Chaudenson 1995, Mufwene 2002, DeGraff 2011), se nan lang panyòl mo «kreyòl» la te parèt premye fwa. Lè mo «kreyòl» la te fèk parèt, sou fòm «criollo» pandan 16èm syèk la, Blan Panyòl yo te sèvi ak li pou deziyen Blan ki te fèt nan koloni ewopeyen yo. Yo te vle fè yon distenksyon ant Blan koloni yo ak Blan metwopòl yo. Apre sa, mo sa a vin travèse nan lang franse sou fòm «Criole» (Chaudenson 1995). Apre sa, yo vin sèvi ak li sou fòm adjektif pou kalifye tout bagay ki lokal, ki fèt sou plas, tankou pye bwa, bèt, manje, chante, mizik, koutim… Apre sa, yo vin sèvi ak li pou kalifye esklav ki fèt nan koloni yo pou distenge esklav sa yo parapò ak esklav ki te fèt sou kontinan afriken an. Yo te rele esklav ki te fèt sou kontinan afriken an «esklav bosal»1. Se vè mitan 18èm syèk la ke yo te kòmanse sèvi ak mo «kreyòl» la pou kalifye lang ke moun te pale nan koloni yo. Dapre lengwis fransèz Hazaël-Massieux (2008 : 39):  «Ce n’est que très progressivement, à partir de 1770-1780, que le terme de ‘créole’ comme substantif  pour désigner la langue semble attesté dans des publications périodiques de Saint-Domingue, parfois en alternance avec l’expression de «langue créole» ou avec le terme de «nègre». Men, pami savan k ap fè rechèch sou kesyon an, genyen anpil diskisyon. Pa egzanp, gen yon atik ki byen dokimante sou kesyon an ki rele: « Pg. crioulo, esp.criollo et fr. créole en tant que termes désignant des langues: les premiers témoignages de l’Ouest africain”. Ale sou lyen sa a pou konsilte li: http://www.creolica.net/article-63.html

Ki sa yo rele «kreyòl»?

Yo rele «kreyòl» yon gwoup lang ki parèt ant 17èm ak 18èm syèk nan zile Karayib yo nan yon seri sosyete ki te rele «sosyete plantasyon» kote te genyen yon pakèt Afriken ke kolon ewopeyen te al kidnape ann Afrik pou vin fè travay kòm esklav nan chan kann, nan plantasyon kafe, koton… Te gen anpil nan Afriken sa yo ki pa te pale menm lang lè yo t ap viv ann Afrik. Lè yo vin debake nan koloni yo, yo pa t konprann non plis lang kolon ewopeyen yo t ap pale ak yo. Nan epòk kolonyal la, te genyen twa kalite lang  moun te pale nan Sen Domeng: lang afriken yo (lang Gbe, lang Kwa, lang Bantu…), lang kreyòl, ak lang franse. (Girard 2013). Donk, pa te genyen okenn nan lang moun te pale nan epòk sa a nan koloni Sen Domeng ki ta kapab sèvi kòm lingua franca2 nan koloni a. Se kon sa lang kreyòl yo vin kreye.  Genyen yon pakèt rechèch enteresan ke lengwis kreyolis pibliye sou kesyon sa a. Mwen ta rekòmande 3 ladan yo: DeGraff (1999), Winford (2003), Kouwenberg and Singler (2008).

Se pa yon sèl lang kreyòl ki genyen. Genyen plizyè lang kreyòl. Chak lang kreyòl sa yo baze majorite mo ki nan leksik yo sou leksik lang peyi ewopeyen ki te kolonize zile a. Pa egzanp, paske se Lafrans ki te kolonize Ayiti, kreyòl moun pale ann Ayiti se yon kreyòl ki baze sou lang franse; paske se Langletè ki te kolonize Jamayik, kreyòl moun pale nan Jamayik se yon kreyòl ki baze sou lang angle. Mwen dwe siyale ke nan zile Jamayik lokitè jamayiken yo pa rele lang popilasyon an pale, kreyòl.  Yo rele li “patwa”. Mwen respekte non sa a popilasyon jamayiken an bay lang  moun pale sou zile a. Men, pou tout lengwis  ki analize  patwa  jamayiken an, varyete sa a posede kèk karakteristik ki egziste nan plizyè lòt lang kreyòl. Sa pa vle di ditou ke tout lang kreyòl yo gen menm konpòtman. Selon lengwis Salikoko Mufwene, se paske lokitè lang kreyòl yo te kreye lang yo nan menm sitiyasyon sosyal, menm sitiyasyon istorik (plantasyon) ke konsèp “kreyòl” la vin pran tout sans li. Se sa ki fè lengwis yo kalifye “patwa” Jamayik la kòm yon kreyòl. Genyen lang kreyòl ki baze sou franse, sou angle, sou olandè, sou pòtigè, sou panyòl. Se senk peyi ewopeyen sa yo ki te pote labanyè kolonizasyon sou kontinan ameriken an pandan 17èm ak 18èm syèk la. Pa gen konpreyansyon ant diferan kreyòl sa yo, kwak sou plan estrikti, osnon sentaks, kapab genyen kèk resanblans ant diferan lang kreyòl sa yo.

Saint-Fort (2017) site DeGraff (1999) ki raple 3 gwo ipotèz lengwis kreyolis yo avanse pou esplike ki jan lang kreyòl yo te rive fòmen. Youn nan ipotèz sa yo se ipotèz «sibstratis», yon lòt se ipotèz «sipèstratis», yon lòt ankò se ipotèz «inivèsalis». Dapre ipotèz sibstratis la, lang kreyòl yo se rezilta sa ki rive lè lokitè lang Afriken ki t ap viv nan Afrik de Lwès yo te transfere estrikti semantik ak sentaksik lang matènèl yo anndan leksik lang ewopeyen yo (Sylvain 1936, Lefebvre 1998). Dapre ipotèz sipèstratis la, se lang ewopeyen yo ki kapab esplike pi byen ki jan lang kreyòl yo te rive fòme, espesyalman lang kreyòl ki baze sou franse yo (Faine 1936, Chaudenson 1992, 2003); ipotèz inivèsalis la se kreyasyon lengwis kreyolis angle ki rele Derek Bickerton (1984a) ki te vini avèk yon teyori ki te fè yon pakèt bri, ke li te rele ipotèz «bioprogramme».

Dapre rechèch lengwis tankou Mufwene (2008), DeGraff (2001a, 2001b), lang kreyòl yo reprezante egzanp nòmal yon fenomèn chanjman lengwistik ki fèt lè vin genyen kontak ki tabli ant lang ki diferan sou plan tipolojik (lengwis yo klase lang yo dapre tip yo, sa vle di resanblans estriktirèl  yo genyen; yon lòt fason lengwis yo klase lang yo se dapre metòd klasifikasyon  jenetik, sa vle di rapò yo genyen avèk  lang ke lengwis yo  konsidere kòm zansèt yo) e ki pa gen lyen jenetik (pa egzanp lang womàn/jèmanik vs lang Kwa/Bantu [Niger-Congo] (Aboh 2015:8). Lang sa yo te lwen anpil youn de lòt, men akoz de esklavaj, yo te rive reyini sou plantasyon koloni yo. Se youn nan aspè ki rann etid lang kreyòl yo enpòtan pou etid lengwistik paske sa louvri yon fenèt sou prensip jeneral evolisyon lang moun pale.

Lang kreyòl yo se konsekans 2 gwo evenman nan istwa limanite: kolonizasyon ak esklavaj. Se akoz 2 evenman sa yo ke vin genyen lang kreyòl yo nan Karayib la ki pote mak 2 kontinan sa yo: kontinan afriken ak kontinan ewopeyen.

2 . Ki sa kreyòl ayisyen ye?

Kreyòl ayisyen se lang matènèl/premye lang tout Ayisyen ki fèt epi leve ann Ayiti. Se avèk lang sa a Ayisyen esprime tout santiman yo, pale sou tout kesyon yo vle pale, se lang sa a ki pèmèt yo bay tout bagay yon non nan sosyete kote y ap viv la. Se an Kreyòl, popilasyon ayisyen ap fonksyone depi Ayiti te pran nesans an 1804 kòm nasyon. Kreyòl makònen ak sosyete ayisyen an, ak kilti ayisyen an. Menm jan ak tout lang kretyen vivan pale, kreyòl ayisyen se yon sistèm. Sistèm sa a fòme avèk plizyè pyès kote yo chak gen relasyon  etwa antre yo epi yo chak ranpli yon fonksyon. Chak pyès sa yo  ap fonksyone dapre règ. Kreyòl ayisyen, menm jan ak tout lang moun pale, se yon sistèm règ.  Sistèm règ sa yo  fòme sa lengwis yo  rele an lengwistik yon «konpetans gramatikal». Sa vle di lokitè a posede yon konesans sou lang lan ki fè l konprann tousuit si tèl fraz fè pati gramè  lang lan. Kreyòl se yon sistèm lengwistik ki chita nan sèvo tout Ayisyen ki fèt ann Ayiti epi ki grandi ann Ayiti. Sistèm lengwistik sa a ---menm jan ak tout lòt lang sou latè---posede 4 gwo dimansyon: li genyen yon sistèm son (lengwis yo rele li fonoloji , phonology ann angle, phonologie  an franse); son sa yo suiv pwòp règ pa yo ki pèmèt lokitè yo fòme mo ki aseptab nan lang lan (lengwis yo rele règ fòmasyon mo yo mòfoloji, morphology ann angle, morphologie an franse ); mo sa yo suiv pwòp règ pa yo ki pèmèt lokitè yo fòme fraz gramatikal (lengwis yo rele règ sa yo sentaks, syntax ann angle, syntaxe an franse ); fraz sa yo posede yon sans (lengwis yo rele sistèm sans yon lang, semantik, semantics ann angle, sémantique an franse). Gen yon branch semantik  ki rele pragmatik, (pragmatics, ann angle, pragmatique an franse). Pragmatik etidye diferan sans fraz nan yon lang kapab genyen dapre kontèks moun pwononse yo. Kat (4) dimansyon sa yo egziste nan tout lang kretyen vivan pale. Yo se nannan tout lang.

Pou kreyòl ayisyen, dimansyon fonolojik la parèt klè lè nou konpare mo «pon» /põ/ ak mo «jon» /ʒõ/. Se paske /p/ diferan de /ʒ/ ke yon kreyolofòn rive fè yon diferans ant 2 mo sa yo. Lengwis rele son sa yo «fonèm» (an franse, «phonème», ann angle «phoneme») Yo defini fonèm tankou pi piti son distenk ki egziste nan yon lang. Nan lang kreyòl ayisyen, genyen 32 fonèm ki divize an vwayèl, demi-vwayèl ak konsòn. Vwayèl yo divize an 2 gwoup: vwayèl bouch ak vwayèl bouch-nen. Genyen 7 vwayèl bouch: [i] “i”, [e] “e”, [ɛ] “è”, [a] “a”, [o] “o”, [ɔ] “ò”, [u] “ou”; 3 vwayèl bouch-nen: [ã] “an”, [õ] “on”, [ĕ] “en”; 3 demi-vwayèl [j] “y”, [w] “w”, [Ч] “ui”; ak 18 konsòn. Majorite fonèm sa yo egziste tou nan lang franse. Pa genyen anpil diferans ant konsòn kreyòl yo ak konsòn franse yo. Dapre lengwis ayisyen Pradel Pompilus (1973), «le système consonantique du créole ne diffère de celui du français que par une paire de phonèmes en plus: ce sont les affriqués ʧ et ʤ, qui ont d’ailleurs un faible rendement phonologique et qui permettent de distinguer ju ʧak (maladie de l’espèce gallinacée, et ju ʤak (un cric), l’onomatopée ʧɔk  et le nom ʤɔk (mauvais sort).» (Se sèlman 2 fonèm ke sistèm konsòn kreyòl la genyen an plis sistèm konsòn franse: 2 fonèm sa yo se fonèm «afrike» ʧ ak ʤ. Dayè, 2 fonèm sa yo genyen yon randman fonolojik ki fèb. Se yo ki pèmèt lokitè yo distenge  ju ʧak (maladi poul, ak ju ʤak, onomatope ʧɔk ak non ʤɔk.) [Tradiksyon pa m].

Konsòn lang kreyòl la se: [p], [b], [f], [v], [t], [d], [s], [z], [k], [g], [h],[ch], [j], [m], [n], [ng], [l], [r].

Genyen plis diferans ant vwayèl franse yo ak vwayèl kreyòl yo. Pa egzanp, majorite Ayisyen ki viv nan zòn riral, sa yo rele malerezman ann Ayiti «an deyò», pa genyen nan sistèm fonolojik yo 3 vwayèl sa yo ke lengwis yo rele an franse: «voyelles antérieures arrondies» (ann angle «front rounded vowels») ki egziste an franse osnon nan kreyòl «fransize» ke Ayisyen ki te pase lekòl ann Ayiti pale. «Voyelles antérieures arrondies» yo se: [y] «u» (tout senbòl ki anndan kwochè yo se senbòl alfabè fonetik entènasyonal) tankou nan  franse «mur»; [ø] « eu» tankou nan franse «bleu»; [œ] «œ» tankou nan franse «beurre». Twa vwayèl sa yo tounen nan bouch majorite Ayisyen ki viv «an deyò» osnon nan klas popilè yo: [i] “i”, [e] “e”, [ɛ] “è”. Egzanp: «mi an», «machin ble an», «bè a gate».

Dimansyon mòfolojik la se règ ki pèmèt lokitè yo fòme mo nan lang lan. Se etid estrikti mo ki nan lang lan. Ki jan kreyòl ayisyen kreye mo ki nan leksik li? Li enpòtan pou m raple ke leksik se sektè nan yon lang ki louvri byen laj, epi ki pa otonòm. Li ranmase tout sa ki gen nan lari a. Se avèk leksik enfliyans lòt kilti penetre nan yon lang.

Sentaks se fason nou òganize mo nan yon lang pou fè yo tounen fraz, ki fè nou rive konprann fraz la. Sentaks se nannan yon lang. Yon fraz tankou «Tifi a konn danse konpa» se yon fraz ki bati dapre règ sentaks kreyòl. Se sa ki fè li se yon fraz «gramatikal». Men, «gramatikal»  pa vle di menm bagay ak «kòrèk» paske mo «kòrèk» la  toujou mache ak yon «jugement de valeur», sa vle di yon  opinyon ki bon  osnon ki mal. Si nou konpare fraz ki pi wo a avèk yon fraz tankou «*Tifi a danse konn konpa», nenpòt moun ki konn pale kreyòl ap di ke fraz «*Tifi a danse konn konpa» pa yon fraz ki fòme dapre règ sentaks kreyòl. Nan tèminoloji lengwis yo, se yon fraz ki «agramatikal».

Dimansyon semantik nan yon lang gen pou l wè ak kesyon sans nan lang lan. Li divize an 2 pati. Genyen semantik leksikal ki etidye relasyon ki egziste ant mo yo, epi genyen semantik fraz ki etidye fason sans fraz yo kapab depann de sans mo ki nan fraz sa yo.

Kreyòl ayisyen se lang natif natal tout Ayisyen ki fèt epi leve ann Ayiti. Lengwis (Singler 1996; Lefebvre 1998) ki fouye nan istwa lang sa a poze kòm ipotèz (apre anpil rechèch istorik, antwopolojik, lengwistik) ke moun ki kreye kreyòl ayisyen nan koloni franse Sen Domeng ke yo rele Ayiti depi 1804 te sòti nan lwès kontinan Afrik, e yo te pale kòm lang natif natal yon gwoup lang ki fè pati fanmi lang Niger Congo, espesyalman lang Kwa yo ki genyen yon majorite moun ki pale lang Gbe yo. Peyi afriken kote yo pale lang Gbe yo (Fongbe ak Ewe) se sitou Bénin ak Togo. Dapre ipotèz lengwis Singler (1996), lokitè Fongbe yo ak Ewe yo te kreye lang kreyòl ayisyen ant 1680 ak 1740. Pandan epòk sa a, pwodiksyon sik t ap byen boule nan koloni Sen Domeng e te gen anpil Afriken ke kolon franse yo te fè tounen esklav, voye chèche ann Afrik pou vin travay di sou plantasyon sik koloni an. Nan ipotèz lengwis Singler, kreyòl ayisyen se rezilta rankont lang majorite esklav nan  plantasyon sik yo te pale: ewe ak fongbe (men te gen lòt toujou) avèk lang franse (ki te yon franse rejyonal, dyalektal) kolon franse yo te pale nan epòk sa a. Suzanne Sylvain (1936), premye lengwis ayisyèn ki te fè rechèch sou kreyòl ayisyen te soutni yon  tèz nan inivèsite Sorbonne kote li te defann lide ke kreyòl ayisyen se «un français coulé dans le moule de la syntaxe africaine, ou, comme on classe généralement les langues d’après leur parenté syntaxique, d’une langue éwé à vocabulaire français.» Genyen lengwis (DeGraff, pawòl an prive) ki panse ke pawòl sa a, nan fen liv Sylvain an, pa koresponn ak konparezon Sylvain fè nan nannan liv la kote li byen demontre anpil enfliyans lang franse a sou divès aspè nan chapant lang kreyòl la. («yon franse ki pase nan moul sentaks lang afriken, oubyen, kòm jeneralman yo klase lang yo selon resanblans sentaksik yo genyen, nou kapab di ke se yon lang éwé ki  genyen yon vokabilè franse.») (Tradiksyon pa mwen). Nan tèminoloji lengwis yo anplwaye, yo rele lang esklav yo «lang sibstra» (an franse langues substrat, ann angle substrate languages), alòske lang kolon yo se «lang sipèstra» (an franse langues superstrat, ann angle superstrate languages). Dapre lengwis Lefebvre (1998), pandan epòk kreyòl ayisyen t ap devlope, lokitè yo te kontinye itilize lang afriken ann Ayiti, e sa te dire kon sa pandan anviwon san lane. Men, depi kèk tan, se avèk lang franse sèlman kreyòl ayisyen ap evolye ann Ayiti, e akoz relasyon klas, relasyon pouvwa ki tabli nan sosyete ayisyen an (yon sitiyasyon Ayiti erite depi tan kolonyal), anpil moun pa bay lang kreyòl respè li merite, yo pa konsidere li, yo devalorize li.

3. Ki sa Kreyòl ayisyen pa ye?

3.1. Kreyòl ayisyen pa yon dyalèk franse

Li enpòtan anpil pou nou konprann ke kreyòl ayisyen pa yon dyalèk franse. An n defini dabò sa yo rele «dyalèk» nan syans lengwistik (sosyolengwistik). Yon dyalèk se yon varyete3 yon lang moun pale nan yon zòn yon peyi (dyalèk rejyonal). Varyete sa a genyen mo ak konstriksyon gramatikal ki diferan nan lòt pati peyi a. Pa egzanp, ann Ayiti, kreyòl moun pale nan Nò genyen  ka kote menm mo a genyen yon sans  diferan nan lwès osnon nan Sid  peyi a. Pa egzanp,  lokitè nan Nò peyi d Ayiti  rele amizman sa lokitè nan zòn  Pòtoprens  rele  pistach. Mo dyalèk la kapab defini tou yon varyete ke moun ki fè pati yon klas sosyal pale, men ki diferan fason moun nan lòt klas sosyal menm peyi a, pale (dyalèk sosyal, sosyolèk) (an franse sociolecte, ann angle sociolect).

Kòm lang otonòm, kreyòl ayisyen pa te janm yon varyete jeyografik, yon dyalèk rejyonal lang franse, menm jan nou ta kapab di sa pou varyete an Frans tankou dyalèk «picard», osnon dyalèk «normand». Kreyòl ayisyen se rezilta kontak ant franse oral kolon ki te sòti nan lwès ak nan sant Lafrans te pale ak  Afriken ki te pale diferan lang moun te pale nan lwès kontinan  Afrik. Pèsonn pa t janm pale Kreyòl ayisyen nan yon zòn jeyografik Lafrans. Zansèt afriken nou yo rankontre kolon franse sou tè Sen Domeng epi se kon sa vin gen relasyon antre yo nan fòmasyon lang  kreyòl ayisyen ak lang franse.

3.2. Kreyòl ayisyen pa yon patwa (patois)

An jeneral, mo «patwa» a, lè yo anplwaye li an Frans, li toujou genyen yon konotasyon pejoratif. Sa vle di se yon jouman li ye. Nan sans sa a, yon «patwa» se yon fason moun pale (mo ki anplwaye yo, fason moun pwononse mo sa yo), sitou nan zòn riral ant zanmi osnon fanmi. Yon lòt karakteristik patwa jan yo itilize li an Frans: moun pa ekri yo, se pale sèlman moun pale yo. An Frans, patwa yo fin disparèt akoz yon pakèt rezon (sèvis militè obligatwa, tout moun ale lekòl, radyo ak televizyon ki ekspoze tout moun avèk yon sèl fason pale…).

Nan plizyè zile ki nan Karayib la (Jamayik, Trinidad…), yo rele lang matènèl natif natal moun yo «patwa» san ke pa genyen fòseman yon konotasyon pejoratif ki tache sou li. Nan zile sa yo, lokitè yo pa sèvi ak mo «kreyòl» la menm jan nou menm Ayisyen sèvi ak li.

4. Ki kote Kreyòl ayisyen sòti?

Kreyòl ayisyen fè pati yon gwoup lang kreyòl ki baze sou franse. Sa pa vle di se yon lang ki fòme sèlman avèk franse nan tout pati estrikti li (fonoloji, leksik, sentaks, mòfoloji). Pandan kèk tan, te genyen save ki te defann lide ke leksik kreyòl ayisyen te sòti nan lang franse men sentaks li te sòti nan lang afriken. Youn nan premye save ki te soutni lide sa a se te yon lengwis ayisyèn ki rele Suzanne Sylvain  (1936). An reyalite, nou jwenn enfliyans franse  ansanm ak enfliyans lang afriken nan tout pati  lang kreyòl. Se sitou paske Ayiti te yon ansyen koloni franse ke yo klase kreyòl ayisyen pami lang kreyòl ki baze sou franse, menm jan yo fè pou kreyòl matinikè ak kreyòl gwadloupeyen. Akoz de sa, majorite mo ki nan leksik kreyòl ayisyen sòti nan leksik franse. Men, an menm tan, se pa sèlman lang kolon franse ke nou jwenn nan fòmasyon kreyòl ayisyen. Nou jwenn lang esklav yo tou. Kreyòl ayisyen sòti nan rankont varyete franse ke kolon franse  yo te pale nan Sen Domeng avèk plizyè  lang Afriken te pale. Varyete franse kolon yo te pale nan epòk sa a (17èm ak 18èm syèk) te diferan de varyete franse estanda ke moun pale kounyè a. Men sa lengwis franko-ameriken Albert Valdman ki ekri anpil sou lang kreyòl ki baze sou franse yo, ansanm ak sou kreyòl ayisyen, ekri: «Un grand nombre des traits phonologiques et syntaxiques du CH sont partagés par les variétés non-standard du français des XV11è et XV111è siècles qui survivent encore dans les dialectes nord-américains de français et, bien sûr, dans les variétés non-standard métropolitaines (Valdman 1971: 205) (tradiksyon Valdman 2015).

Dapre Dominique Fattier (2013: 866), yon lengwis fransèz, «la situation sociolinguistique de la colonie française de Saint-Domingue peut se décrire comme une diglossie emboitée, l’une opposant le français au créole, l’autre, «périphérique», opposant le créole aux langues africaines des esclaves. Dans cette diglossie périphérique, le créole jouissait d’un statut supérieur à celui qui était affecté aux langues africaines. Il était pour les bossales une langue «haute» accessible, et c’est dans une grande mesure en conséquence de ce caractère qu’il a pu devenir un élément fondamental de la dynamique linguistique.»
(«Nou ta kapab dekri sitiyasyon sosyolengwistik koloni franse Sen Domeng tankou yon diglosi kote lang yo antre youn anndan lòt. Nan sitiyasyon sa a, genyen yon kote nou jwenn franse an fas kreyòl, epi yon lòt kote ke nou ta rele «périphérique», nou jwenn kreyòl la an fas lang afriken ke esklav yo pale. Nan kalite diglosi «périphérique» sa a, lang kreyòl la te genyen yon estati sosyal ki te depase estati sosyal moun te bay lang afriken yo. Pou esklav bosal yo, kreyòl la te yon lang «siperyè» ki te aksesib. Se akoz de sa ke li te rive tounen yon eleman fondamantal nan dinamik lengwistik sosyete ayisyen an.») [tradiksyon pa m].

Dapre istoryen gwadloupeyen Philippe Girard (2013: 110) «Les préjugés sociaux contre les bossales, qui occupaient le bas de la hiérarchie servile, expliquent aussi la disparition des langues africaines au profit d’autres langues considérées comme plus nobles: pour  un esclave, ne s’exprimer qu’en kreyòl était un marqueur social indiquant qu’il était né aux Antilles» (prejije sosyal kont esklav bosal yo ke yo te mete sou dènye mach nechèl klasman esklav yo te esplike tou disparisyon lang afriken yo ke yo te ranplase avèk lòt lang sosyete a te pi byen konsidere: pou yon esklav, pale kreyòl sèlman te yon avantaj sosyal ki endike li te fèt nan Antiy yo») [tradiksyon pa m].

Kreyòl ayisyen kontinye gen kontak avèk franse jounen jodi a piske se 2 lang sa yo ki se 2 lang ofisyèl Ayiti. Men, nou manke rechèch sosyolengwistik solid ki pou ta dekri franse moun pale ann Ayiti, byenke tèz doktora Pradel Pompilus la (1961) ban nou yon bon deskripsyon jan lokitè klas sosyal privilijye ayisyen nan ane 1950 yo pale franse.

5. Ki sa Kreyòl reprezante pou pèp ayisyen?

Men ki jan Ferdinand de Saussure (1972 [1916]: 30), yon lengwis suis ke yo konsidere kòm papa lengwistik modèn te esplike ki sa lang ye:

«La langue est un trésor déposé par la pratique de la parole dans les sujets appartenant à une même communauté, un système grammatical existant virtuellement dans chaque cerveau, ou plus exactement dans les cerveaux d’un ensemble d’individus; car la langue n’est complète dans aucun, elle n’existe parfaitement que dans la masse.»

(«Lang se tankou yon ja lajan ki chita anndan tout moun e ki se konsekans kapasite pale ke tout moun posede; se yon sistèm gramatikal ki egziste an pisans anndan sèvo chak moun, ou pi egzakteman anndan sèvo yon gwoup moun; men lang pa fin konplè nèt anndan okenn moun, se sèlman nan mas moun yo ke li egziste konplètman.»)  (Tradiksyon pa m).

 
Pou pèp ayisyen, kreyòl reprezante yon reyalite sosyal. Se kreyòl ki fè sosyete ayisyen an fonksyone. Lang kreyòl enfliyanse jan sosyete ayisyen an evolye, men sosyete ayisyen an enfliyanse evolisyon lang kreyòl la tou. Se an kreyòl majorite tout aktivite ki dewoule ann Ayiti fèt. Kreyòl reprezante yon kontra sosyal Ayisyen siyen youn ak lòt pou sosyete an ka fonksyone. Se pa pou lang chinwa osnon alman osnon angle pèp ayisyen siyen kontra sa a. Tout Ayisyen konnen pawoli ki di «Kreyòl pale, kreyòl konprann».

Men, kreyòl reprezante tou yon aspè nan idantite pèp ayisyen. Malgre genyen plizyè etranje ki aprann pale kreyòl, li klè ke konpetans anpil nan yo limite sou plan kiltirèl sitou. Yon lang toujou mache ak yon kilti e yon etranje ki aprann youn san lòt komèt yon gwo erè. Se youn nan gwo diferans ki egziste ant yon Ayisyen natif natal ak yon etranje ki aprann lang kreyòl nan liv osnon nan klas inivèsite. Lang kreyòl se sèl zouti ki simante kilti ayisyen an. Sa vle di ke moun ki pa metrize li ap gen gwo pwoblèm pou yo antre anndan kilti sa a.

6. Ki plas lang kreyòl dwe okipe nan edikasyon ann Ayiti?

Li pa posib pou elimine lang kreyòl nan pwoblematik edikasyon ann Ayiti. An reyalite, youn nan rezon ki fè edikasyon ann Ayiti se yon gwo echèk depi lontan malgre te toujou genyen kèk grenn endividi ki reyisi nan sistèm edikasyon ayisyen an, se paske otorite yo te toujou refize bay lang kreyòl plas li ta dwe okipe nan sosyete a. Men ki jan pwoblematik lang lan poze pou edikasyon ann Ayiti. Ayiti se yon peyi kreyolofòn. Sa vle di se lang kreyòl ki premye lang pou tout Ayisyen ki fèt epi leve ann Ayiti. Nan majorite peyi sou latè, edikasyon toujou fèt nan lang elèv yo pale lakay yo, avèk zanmi yo, avèk fanmi yo, avèk moun k ap viv nan sosyete a avèk yo. Malerezman, nan peyi ke Ewopeyen yo te kolonize, tankou majorite peyi ann Afrik, tout peyi ki nan Karayib la, anpil peyi ki sou kontinan azyatik la, se pa kon sa sa fèt. Nan peyi sa yo, pisans kolonyal yo sèvi ak klas dominan lokal yo pou  enpoze lang ansyen pisans kolonyal la (pafwa se lang franse, pafwa se lang angle, pafwa se lang olandè osnon pòtigè, osnon panyòl) nan sistèm edikasyon peyi a epi anpeche majorite popilasyon peyi a sèvi ak lang yo pale toulejou nan sosyete a pou aprann epi devlope lespri yo.

Sosyete ayisyen an se youn nan sosyete k ap sibi abi sa a. Depi Ayiti te pran Endepandans li nan men Lafrans an 1804 apre yon kokennchenn revolisyon  ki te dire douz lane (1791-1803), se nan lang franse edikasyon te fèt. Poutan, se apèn si gen anviwon 4% Ayisyen ki konn pale, li, ekri, konprann lang franse. Alòske tout Ayisyen, kèlkeswa klas sosyal li, konn pale kreyòl. Genyen anpil Ayisyen ki konn pale lang kreyòl sèlman.  Dapre lengwis ayisyen Yves Dejean (2010: 208): «With Creole, any given Haitian can communicate with any other Haitian. Those of all creeds, religion, political affiliations, levels of schooling, and theoretical or practical knowledge possess in their minds the same fundamental linguistic system and its complex phonology, syntax, morphology, and semantics.” (Avèk Kreyòl, nenpòt Ayisyen kapab kominike avèk nenpòt ki lòt Ayisyen. Ayisyen nenpòt ki kwayans, relijyon, apatenans politik, nivo lekòl, ak konesans teyorik ou pratik, posede nan lespri yo menm sistèm lengwistik fondamantal la avèk fonoloji li, sentaks li, mòfoloji li, semantik li.) [Tradiksyon pa m].

Kesyon lang lan ann Ayiti mete anpil inegalite nan sistèm edikasyon an paske se yon ti minorite moun (anpil ladan yo fè pati klas sosyal privilejye) ki konprann lang franse ki se lang yo itilize nan majorite lekòl peyi a. Nan dat 18 septanm 1979, gouvènman ayisyen an te pran yon dekrè ki fè lang kreyòl antre nan «curriculum» (kourikouloum) sistèm lekòl ayisyen. Dapre dekrè sa a, sistèm lan gen dwa sèvi ak kreyòl non sèlman kòm zouti pou anseye diferan matyè, men tou pou anseye lang kreyòl la. Se te premye fwa yon gouvènman ayisyen  te pran yon michan desizyon  kon sa. Dapre Joseph C. Bernard ki te minis edikasyon nan epòk la, itilizasyon lang kreyòl nan klas ta va pèmèt majorite elèv ki pa pale franse men ki pale epi konprann kreyòl, rive konprann sa y ap aprann nan klas. Minis la te baze desizyon li an sou anpil rechèch ki montre efikasite yon ansèyman ki sèvi ak premye lang elèv yo pale lakay yo. An menm tan, lekòl yo te pral anseye kreyòl kòm lang matènèl elèv yo. Lekòl yo ta dwe fini ak kesyon anseye lang franse kòm lang matènèl elèv ayisyen paske se pa franse ki lang matènèl pèp ayisyen. Se lang kreyòl. Objektif minis Bernard se te rive mete nan sistèm edikasyon ann Ayiti yon bilengwism kreyòl-franse.

Nan dat 22 ak 31 janvye 1980, minis Joseph C. Bernard fè pibliye 2 kominike, youn an franse, (ki te parèt nan dat 22  janvye 1980), yon lòt an kreyòl, (ki te parèt nan dat 31 janvye 1980) sou òtograf kreyòl. Dapre kominike a, piske «Kreyòl vini lang ofisyèl nan lekòl, dwe genyen yon sèl jan pou ekri Kreyòl nan tout lekòl». Donk, nan fen kominike a, minis la fè pibliye yon tèks kote li montre «ki jan [pou] nou ekri Kreyòl ayisyen». Ant janvye 1980 avèk 2020, òtograf sa a te sibi kèk chanjman tou piti men nannan òtograf la rete. Se depi lè sa a, Ayiti genyen yon òtograf kreyòl ki ofisyèl. Nan tout zile Karayib la, Ayiti te premye peyi ki te genyen yon òtograf ofisyèl pou lang natif natal popilasyon li an.

6.1. Yon ti istwa òtograf Kreyòl ayisyen

Yo te kòmanse ekri kreyòl ann Ayiti depi sou tan kolonyal (1697-1803). Youn nan premye tèks ki te ekri an kreyòl  Sen Domeng se Lisette quitté la plaine (1757), yon pwezi/chante ki te selèb anpil nan Sen Domeng. Kwak te genyen gwo diferans ant lang kreyòl moun te pale nan epòk sa a avèk lang kreyòl moun pale nan epòk apre endepandans lan, nou dwe rekonèt se yon kesyon evolisyon lengwistik ki egziste nan istwa majorite lang ki byen chita jounen jodi a. Pa egzanp, nan lang franse, premye tèks (Les Serments de Strasbourg, 842) ke istwa literè franse kite pou nou, se yon tèks ki pratikman enposib pou yon Frankofòn modèn konprann. Nan lang angle, menm pwoblèm lan poze tou avèk tèks ki te ekri nan Ansyen Angle (Old English AD 650-1100).

Pandan tout 19èm syèk la, ekriven ayisyen yo te pibliye tout sa yo ekri an franse. Pa egzanp gwo save tankou Anténor Firmin, Louis Joseph Janvier, Seymour Pradel, Hannibal Price, Edmond Paul, pa te ekri anyen an kreyòl. Se sèlman nan fen 19èm syèk la, an 1896, powèt Oswald Durand pibliye yon rekey powèm kote nou jwenn yon powèm ki te vin selèb, ki rele Choucoune.

An 1901, powèt Georges Sylvain, papa lengwis ayisyèn Suzanne Sylvain, pibliye yon rekey powèm ki rele Cric? Crac! ki te yon adaptasyon fab ekriven franse La Fontaine. Pandan tout epòk okipasyon meriken an (1915-1934), lè anpil entèlektyèl ayisyen t ap fè gwo kritik kont blan meriken yo, nanpwen youn ladan yo ki te itilize lang kreyòl pou defann nasyon an. Se an franse yo tout te ekri.

An 1953, yon powèt ki rele Félix Morisseau-Leroy pibliye yon rekèy powèm ki rele Diacoute (Dyakout). Tout powèm nan rekèy sa a te ekri an kreyòl. Nan menm ane a, Morisseau-Leroy te ekri yon adaptasyon an kreyòl pyès teyat Antigone ke ekriven grèk Sophocle te ekri. An 1975, ekriven Nono Numa tradui an kreyòl pyès teyat Le Cid ekriven franse Pierre Corneille te ekri an 1636. An 1975, Frankétienne pibliye yon michan woman an kreyòl ki rele Dezafi; an 1977, yon jenn istoryen, Michel-Rolph Trouillot, pibliye yon liv istwa li rele Ti difé boulé sou istoua Ayiti. (Ti dife boule sou istwa Ayiti). Pandan tout tan ekriven ayisyen ki te chwazi ekri an kreyòl te fè sa, òtograf yo te adopte a te sanble anpil ak òtograf franse. Se te yon òtograf ki te ilojik, iregilye, dezòdone. Pafwa, li te parèt yon òtograf etimolojik, pafwa li te difisil pou te kalifye sa li te ye. Pandan tout epòk sa a, pa te genyen yon sistèm òtograf otonòm pou lang kreyòl ayisyen.

Genyen chanjman ki fèt nan fason yo ekri lang kreyòl ayisyen, espesyalman apre dekrè janvye 1980 ki te vin mete yon òtograf ofisyèl pou lang lan. Òtograf sa a pa te rive kon sa, pa aza. Li genyen yon istwa dèyè li, li genyen prensip solid dèyè li ki baze sou syans lengwistik. Mwen pral fè yon rale sou prensip sa yo.

6.2. Prensip ekriti òtograf ofisyèl Kreyòl ayisyen.

Premye  fason yon lang manifeste li se avèk son. Donk, nou kapab di ke yon lang se son li ye. Genyen peyi sou latè kote moun save  envante fason pou reprezante  son sa yo. Se sa nou rele grafi, ekriti. Lè lengwis yo ap analize lang, yo kenbe prensip ke pale vini anvan ekri. E sa se vre. Ekriti parèt lontan apre moun kòmanse  pale. Rechèch akeyolojik montre ke moun kòmanse ekri nan yon peyi ki rele Sumer. Sa te fèt te genyen anviwon 6.000 lane. Peyi Sumer koresponn a peyi ki rele Irak jounen jodi a. Alòske moun te kòmanse pale, sa te genyen plis pase santèn milye lane.

Òtograf ofisyèl Kreyòl ayisyen nou genyen jounen jodi a se rezilta travay ak rechèch ki te kòmanse depi nan kòmansman ane 1940. Se yon pastè  ilandè pwotestan ki rele Ormonde McConnell ki te vini ak yon pwojè pou li aprann peyizan ayisyen nan zòn Sid Ayiti li labib lè li te dekouvri peyizan yo pa te konn li lang kreyòl (Dejean 1980, Schieffelin and Doucet 1998). McConnell vin rankontre ann Ayiti yon Meriken ki rele Frank Laubach ki te espesyalis nan kesyon alfabetizasyon. De (2) mesye sa yo te mete ansanm pou yo bati yon sistèm òtograf pou kreyòl ayisyen. Sistèm òtograf yo a te diferan anpil de fason ekriven ayisyen nan epòk la te konn ekri. Li te baze sou prensip deskripsyon son distenktif nan yon lang, sa vle di pi piti son nan yon lang ki pèmèt distenge de (2) mo, sa lengwis yo rele fonèm. Donk, se te yon òtograf fonemik/fonolojik. Youn nan prensip fondamantal òtograf McConnell-Laubach la te di dwe genyen yon sèl lèt pou chak son distenktif, epi se menm lèt la ki dwe sèvi pou menm son an, kèlke swa pozisyon kote li parèt la. Òtograf McConnell-Laubach la te genyen trant-twa senbòl. Men yo: 7 vwayèl bouch: a, é, è, i, o, ò, ou; 3 vwayèl bouch-nen: â, ê, ô; 3 demi-vwayèl: i/y, w, ui; 19 konsòn: b, d, f, sh, g, ng, h, j, k, l, m, n, p, r, s, t, v, z. Entèlektyèl ayisyen yo te fache anpil kont òtograf McConnell-Laubach la. Prensipal kritik yo te vide sou li te konsène twa pwen: (1) itilizasyon aksan sikonflèks pou endike vwayèl bouch-nen yo, tankou: â, ê, ô paske se pa kon sa yo itilize aksan sikonflèks an franse; (2) òtograf McConnell-Laubach la pa te itilize «voyelles antérieures arrondies» ki egziste an franse, tankou /u/, /oe/; (3) twòp itilizasyon sa yo menm, yo te konsidere tankou lèt «anglo-saxon» (anglo-sakson): w, y, k.

Entèlektyèl ayisyen yo ki te gwo defansè lang franse te revòlte kont òtograf McConnell-Laubach la pou 2 rezon. Toudabò, dapre yo, se yon òtograf ki t ap fè pwomosyon sa yo rele «gwo kreyòl»; epi, dapre yo, se te yon òtograf ki t ap fè pwomosyon lang angle ann Ayiti. Sa se te gwo manti ke anpil Ayisyen ap repete jiska prezan.  Òtograf  McConnell-Laubach la se yon òtograf ki te baze sou òtograf fonetik entènasyonal (men li diferan de òtograf fonetik entènasyonal) ki se yon zouti syantifik  ki pa gen okenn rapò ak lang angle e ke edikatè nan tout peyi itilize pou anseye lang etranje. Pou entèlektyèl ayisyen yo, Ayiti se yon peyi frankofòn, se pa yon peyi anglofòn. Entèlektyèl ayisyen ki t ap defann lide sa a ak tout fòs se te Charles-Fernand Pressoir. Dapre Pressoir (1947:67), «l’orthographe de McConnell conviendrait à des «sauvages de l’Australie  ou de quelque coin perdu», mais n’est pas de mise «dans un pays  à traditions françaises» (Dejean 1980: 22). (òtograf McConnell la ta bon  pou yon seri pèp sovaj ann Australie osnon kèk peyi pèdi men li pa kapab sèvi nan yon peyi tankou Ayiti ki genyen  tradisyon franse) [Tradiksyon pa m]. Donk, Pressoir vin pwopoze yon lòt sistèm òtograf. Sistèm Pressoir te pwopoze a te genyen kèk chanjman parapò a òtograf McConnell-Laubach la men yo pa te tèlman diferan pase sa. Li elimine aksan sikonflèks epi ranplase li avèk lèt n; malgre kritik li te fè sou sa li te rele lèt «anglo-saxon», Pressoir te kenbe lèt k pou reprezante son [k] ansanm ak lèt y ak lèt i pou reprezante demi-konsòn /j/. Epi, olye lèt w, li vin sèvi ak yon digraf ou ki reprezante vwayèl /u/ ansanm ak demi-vwayèl /w/. Sistèm Pressoir la te vin genyen trant (30) senbòl. Men yo:

Vwayèl bouch: a, é, è, i. o, ò, ou                                      
Vwayèl bouch-nen: an, en, on                
Semi-vwayèl: i/y, ou, u
Konsòn: b, d, ch, f, g, ng, j, k, l, m, n, p, r, s, t, v, z

Pressoir te entwodui yon inovasyon ki enteresan. Li vin sèvi ak yon «trait d’union» pou distenge vwayèl bouch-nen nou jwenn nan /pãtã/ (pantan) ak vwayèl ki pa vwayèl bouch-nen men ki genyen yon konsòn bouch-nen ki vini apre li, tankou nan mo: pa-n, nou jwenn nan mo franse panne.

Pandan anviwon trant lane, anpil ekriven ayisyen ki t ap ekri an kreyòl te itilize òtograf Pressoir. Pa egzanp, Morisseau-Leroy te  itilize òtograf Pressoir la pou li ekri Diacoute  an 1953; Frankétienne te fè menm bagay  la an 1975 pou li ekri Dezafi; Michel-Rolph Trouillot te fè menm bagay la an 1977 pou  ekri Ti difé boulé  sou istoua Ayiti.  Anpil sèvis alfabetizasyon diferan gouvènman ayisyen te sèvi tou ak òtograf Pressoir la. Men, anpil misyonè ameriken yo te prefere sèvi ak pwòp òtograf pa yo. Yo pa te vle itilize òtograf Pressoir la.

Nou te esplike pi wo a ke gouvènman ayisyen te kreye yon òtograf ofisyèl pou lang kreyòl ayisyen nan dat 30 janvye 1980. Se yon gwoup edikatè ayisyen ak yon gwoup lengwis ayisyen ak lengwis franse ki te soti nan inivèsite René Descartes, nan vil Paris, an France, ki te bati òtograf sa a. Moun sa yo t ap travay nan Institut Pédagogique National (IPN), Enstiti Pedagojik  Nasyonal. Se sa ki fè yo te rele òtograf sa a òtograf IPN. Depi janvye 1980, se òtograf sa a ki ofisyèl nan tout peyi d Ayiti. Se avèk li majorite Ayisyen sèvi nan lekòl, nan legliz, nan sèvis piblik, nan piblisite, nan komès, nan ekri liv.

Malgre sa, gen anpil moun ki poko rive metrize òtograf ofisyèl la, swa paske yo pa aprann li, swa paske yo pa o kouran ke li egziste, swa paske yo meprize lang yo pale  toulejou avèk Ayisyen parèy yo. Kesyon sa a se yon kokenn kesyon idantite nou pa pral abòde nan atik sa a.

Nan dat 7 avril 2014, vin genyen yon Lwa gouvènman ayisyen pran ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA). Sa a se te yon gwo devlòpman nan istwa lang kreyòl ann Ayiti. Nan yon dokiman ki rele Premye Rezolisyon Sou òtograf Lang Kreyòl Ayisyen, Akademi Kreyòl Ayisyen an di: «Akademi an rekondui alfabè 1979 la ki rekonèt lang kreyòl ayisyen an genyen trannde (32) son (syans lengwistik rele son yo «fonèm»). Alfabè a reprezante son sa yo avèk 32 senbòl kote chak senbòl reprezante yon fonèm (syans lengwistik rele senbòl sa yo «grafèm»). Pami 32 grafèm sa yo, genyen ki fèt ak yon (1) grenn lèt oubyen yon (1) graf, genyen ki fèt ak de (2) lèt (lengwis yo rele grafèm sa yo «digraf» epi gen youn ki fèt ak twa (3) lèt (lengwis yo rele li «trigraf»).

Men grafèm ki reprezante son yo:

a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.»

Mwen pa ta kapab fini chapit sa a san m pa di kèk mo sou 3 lengwis ayisyen ki jwe yon gwo wòl nan refleksyon ak solisyon  yo pwopoze sou gwo kesyon pwoblematik lang kreyòl ak franse nan sistèm edikasyon nan peyi d Ayiti. Twa lengwis sa yo se Robert Berrouet-Oriol, Michel DeGraff ak Yves Dejean. 

Robert Berrouet-Oriol se yon powèt ki pibliye anpil rekèy pwezi nan Montréal kote l ap viv. Se li tou ki te vini ak ekspresyon «écritures migrantes» ki byen  chita kounyè a nan  aparèy kritik «littérature  québécoise contemporaine» lan. Berrouet-Oriol te anplwaye li nan yon atik selèb ki te parèt an 1986 nan revi Vice Versa. Men, li se yon lengwis tou ki espesyalize nan tèminoloji. Depi plizyè lane, li anime yon blòg kote li diskite avèk anpil detay sou pwoblematik amenajman lang kreyòl ak lang franse nan sistèm edikasyon Ayiti. Li pibliye regilyèman anpil atik enpòtan sou sa nan revi elektwonik entènasyonal ki rele Potomitan, «le site de promotion des cultures et des langues créoles» ak nan jounal ayisyen Le National ak Le Nouvelliste. Men kèlke tit atik Berrouet-Oriol pibliye deja: «Les fondements constitutionnels de l’aménagement du créole dans le système éducatif haïtien»; «Unilatéralisme créole ou aménagement simultané du français et du créole en Haïti? Un choix de société et un choix politique.»; «Le créole et «l’idéologie linguistique haïtienne»: un cul-de-sac toxique»; «Droits linguistiques et droits humains fondamentaux en Haïti: une même perspective historique»; «Le défi de l’aménagement du créole dans le système éducatif haïtien»;  Genyen de (2) liv ekstrèmman enpòtan li pibliye sou kesyon sa yo: L’Aménagement linguistique en Haïti: enjeux, défis et propositions (2011); La question linguistique haïtienne. Textes choisis (2017), ansanm ak lengwis Hugues Saint-Fort.

Michel DeGraff se yon lengwis ayisyen ki se pwofesè lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (MIT) nan vil Boston, Etazini. Li se youn nan manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen. DeGraff ap dirije tou nan MIT yon michan pwojè rechèch ki rele: MIT-Haiti Initiative. Pwojè sa a se «A project for the development, evaluation and dissemination of active-learning resources in Kreyòl to help improve Science, Technology, Engineering and Math (STEM) education plus leadership and management in Haiti.» (Yon pwojè pou devlòpman, evalyasyon ak simaye resous pou aprantisay aktif an kreyòl ki va ede amelyore ansèyman Syans, Teknoloji, Enjeniri ak Matematik (STEnM) plis gouvènman ak jesyon ann Ayiti.” [Tradiksyon pa m]. DeGraff pibliye yon kantite liv ak atik save sou Kreyolistik, chanjman lengwistik, orijin lang kreyòl yo, sentaks lang kreyòl ayisyen. Depi kèlke lane, anpil nan rechèch li yo oryante sou kesyon edikasyon an kreyòl pou elèv ayisyen ann Ayiti. Men kèlke tit atik misye ekri ki ka ban nou yon lide sou kalite rechèch misye ap mennen: «Il est impossible d’éduquer un peuple dans une langue qu’il ne parle pas»; «Edikasyon nan lang manman se pou liberasyon ak devlòpman»; «Linguistics and education in Haiti»; «Plas lang Kreyòl ann Ayiti»; «Against apartheid in education and in linguistics: the case of Haitian Creole in neo-colonial Haiti».

Twazyèm lengwis ayisyen ki jwe yon gwo wòl nan kesyon lang ak edikasyon ann Ayiti se Yves Dejean. An reyalite, misye se yon “pionnier” (pyonye) nan kesyon sa a ann Ayiti. Nan mitan ane 1970 yo, pandan li t ap viv ann egzil nan vil Nouyòk, Etazini, Yves Dejean te met sou pye yon michan pwojè ansèyman lengwistik ak lang kreyòl nan kominote ayisyen Nouyòk. An 1977, li te defann yon tèz doktora an lengwistik nan inivèsite Indiana ki  vin tounen yon liv li rele «Comment écrire le créole d’Haïti» (1980). An 1986, lè diktati fanmi Duvalier a tonbe, li retounen ann Ayiti pou anseye lengwistik ak lang kreyòl. Li fè yon kokennchenn travay ann Ayiti non sèlman nan inivèsite men tou nan milye peyizan Ayiti yo, nan zòn Pò Wayal nan Sid Ayiti. An 2006, Yves Dejean pibliye yon michan liv sou pwoblèm lang ak edikasyon ann Ayiti ki rele «Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba». Yves Dejean mouri an 2018 ann Ayiti.

Konklizyon

Si nou vle ale pi lwen: 

Pou moun ki ta renmen fouye plis sou lang kreyòl ayisyen, m ap rekòmande kèk liv ak atik ki enpòtan anpil. Toudabò, sou sentaks kreyòl ayisyen, men yon atik ki endispansab. Li rele «Kreyòl ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’)» Otè atik sa a se lengwis natif natal Michel DeGraff. Atik la parèt nan yon liv kolektif ki rele: «Comparative Creole Syntax. Parallel Outlines of 18 Creole Grammars» Editè yo se John Holm ak Peter L Patrick, Battlebridge Publications, 2007, pp. 101-126. Se yon michan atik ki fè yon rezime sou prensipal estrikti sentaks Kreyòl ayisyen. Li chaje ak done, chaje ak esplikasyon, chaje ak referans. Li pa twò teknik malgre DeGraff se yon espesyalis teyori lengwistik ki rele gramè jeneratif (Generative Grammar, Grammaire générative).

Michel DeGraff: «La langue maternelle comme fondement du savoir: l’initiative MIT-Haiti: vers une éducation en créole efficace et inclusive». In: Revue transatlantique d’études suisses, 6/7, 2016/2017.

Michel DeGraff ak Enoch Aboh: «A null theory of Creole Formation». In: The Oxford Handbook of Universal Grammar, Ian Roberts, ed. 2017.

Michel DeGraff ak Enoch Aboh: “Some notes on bare noun phrases in Haitian Creole and in Gunbe” In: The Sociolinguistics of Grammar, Tar Afarli and Brit Maehlum, eds. 2014.

Michel DeGraff: “Creole exceptionalism and the (mis) education of the Creole speakers”. In: The languages of Africa and the Diaspora: Educating for Language Awareness. Jo Ann Kleifgen & George Bond, eds. Bristol: Multilingual Matters, 2008.

“The Haitian Creole Language. History, Structure, Use, and Education”edited by Arthur K. Spears and Carole M. Berotte Joseph. Lexington Books, New York, 2010.

Albert Valdman: “Haitian Creole. Structure, Variation, Status, Origin.” Equinox Publishing Ltd. 2015.

Robert Berrouet-Oriol & Hugues Saint-Fort: La Question linguistique haïtienne. Textes choisis. CIDIHCA, Montreal & éditions Zémès, Port-au-Prince, Haiti. 2017.

Robert Chaudenson: La créolisation: théorie, applications, implications.  Paris: L’Harmattan, 2003.

Enoch Oladé Aboh: The Emergence of Hybrid Grammars. Language Contact and Change. Cambridge University Press, 2015.

Referans:

Aboh, Enoch Oladé (2015) The Emergence of Hybrid Grammars. Language Contact and Change. Cambridge University Press.

Bickerton, Derek (1984) The language bioprogram hypothesis. In: Behavioral and Brain Sciences. 7. 173-221.

Chaudenson, Robert (1992) Des iles, des hommes, des langues. Essais sur la créolisation linguistique et culturelle. Paris: L’Harmattan.

Chaudenson, Robert (1995) Les Créoles. Paris: Presses Universitaires de France.

Chaudenson, Robert (2003) La Créolisation: théorie, applications, implications. Paris: L’Harmattan.

DeGraff, Michel (ed.) (1999) Language Creation and Language Change. MIT Press.

DeGraff, Michel (2001a) On the origin of creoles: A cartesian critique of Neo-Darwinian linguistics. In: Linguistic Typology 5, 213-310.

DeGraff, Michel (2001b) Morphology in creole genesis. In: Michael Kenstowicz (ed.) Ken Hale: A Life in language. Cambridge MA: MIT Press, pp.53-121.

DeGraff, Michel (2011) Creoles. In: The Cambridge encyclopedia of the language sciences. Edited by Patrick Colon Hogan.

Dejean, Yves (1980) Comment écrire le créole d’Haïti. Montreal: Collectif Paroles.

Dejean Yves (2010) Creole and Education in Haiti. In: The Haitian Creole Language. History, Structure, Use and Education. Ed. by Arthur K. Spears and Carole Berotte Joseph. Lexington Books, pp. 199-216.

Dejean, Yves (2006) Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Port-au-Prince, Imprimerie Henri Deschamps.

Faine, Jules (1936) Philologie créole: Etudes historiques et étymologiques sur la langue créole d’Haïti. Port-au-Prince, Imprimerie de l’Etat.

Fattier, Dominique (2013) Le créole haïtien. In: Histoire sociale desw langues de France. Presses universitaires de Rennes.

Girard, Philippe (2013) Quelle langue parlait Toussaint Louverture? Le mémoire de Fort de Joux et les origines du kreyòl haïtien. In: Annales. Histoire, Sciences Sociales. 68ème année, # 1, janvier-mars 2013.

Hazaël-Massieux, Marie-Christine (2011) Les Créoles à base française. Paris: Editions Ophrys.

Kouwenberg, Sylvia & John Victor Singler (2008) The Handbook of Pidgin and Creole Studies. Wiley-Blackwell.

Lefebvre, Claire (1998) Creole genesis and the acquisition of grammar. The case of Haitian Creole. Cambridge University Press.

Mufwene, Salikoko (2002) Pidgin and Creole Languages. In: The International Encyclopedia of the Social & Behavioral Sciences. In: http://mufwene.uchicago.edu/pidgincreoleLanguage.html

Mufwene, Salikoko (2008) Language evolution: Contact, competition, and change. New York: Continuum International Publishing Company Group.

Pompilus, Pradel (1961) La langue française en Haïti. Thèse pour le Doctorat ès lettres présentée à la Faculté des Lettres et Sciences Humaines de l’Université de Paris.

Pompilus, Pradel (1973) Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole haïtien. Phonologie et lexicologie. Port-au-Prince, Editions Caraïbes.

Pressoir, Charles-Fernand (1947) Débats sur le folklore, Afriques grises ou Frances brunes? Langue, races, religion et cultures populaires, avec des textes. Port-au-Prince: Imprimerie de l’État.

Saint-Fort, Hugues (2017) Le Créole haïtien et ses origines: française ou africaine? In: Legs et Littérature. Revue de littérature contemporaine, janvier 2017, # 9, Legs Edition.

Saussure (de), Ferdinand (1972) [1916] Cours de linguistique générale. Paris: Payot.

Schieffelin, Bambi & Rachel Charlier Doucet (1998) The «Real» Haitian Creole. Ideology, Metalinguistics, and Orthographic Choice. In: Language Ideologies. Practice and Theory. Oxford University Press, pp. 285-316.

Singler, John Victor (1996) “Theories of Creole Genesis. Sociohistorical considerations and the evaluation of evidence. The case of Haitian Creole and the Relexification Hypothesis”  In: Journal of Pidgin and Creole Languages. Volume 11, # 2, pp.185-230.

Trouillot, Miche-Rolph (1977) Ti dife boule sou istwa Ayiti. Port-au-Prince.

Valdman, Albert (1971) L’Evaluation sociolinguistique des dialectes français-créoles aux Antilles. Français et Créoles dans les Caraïbes. Documents du Centre d’études régionales Antilles-Guyane (CERAG), 4: 5-20.

Valdman, Albert (2015) Haitian Creole. Structure, Variation, Status, Origin. Equinox Publishing Ltd.

Winford, Donald (2003) An Introduction to Contact Linguistics. Blackwell Publishing.

Nòt

  1. Yo te rele esklav bosal esklav ki te fèt ann Afrik, ki pa t fèt nan koloni a, e ki pa t konn pale kreyòl ki se lang moun te pale nan Sen Domeng. Esklav sa yo potko abitye ak koutim koloni an.
     
  2. Yo rele «lingua franca» yon lang ki sèvi kòm zouti kominikasyon ant gwoup moun ki pa pale menm lang.
     
  3. Nan tèminoloji lengwis yo, mo “varyete” a anplwaye kòm yon tèm ki net, ki deziyen nenpòt sistèm lengwistik ke yon gwoup moun pale. Li pa gen okenn konotasyon pejoratif.

Hugues Saint-Fort
New York, 20 avril 2020

*

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages