Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

LANMÒ JEAN BERNABÉ FRAPE NOU TOUT AYISYEN

LANMÒ JEAN BERNABÉ FRAPE NOU TOUT AYISYEN

Sekretarya Egzekitif Akademi Kreyòl salye ekip GEREC nan moman lapenn ak tristès sa a lanmò Jean Bernabé pote pou nou tout. Akademi an mande nou resevwa mesay solidatite sila ki soti nan Konsey Administrasyon Akademi an. Salitasyon ak tout kè nou!

Akademi Kreyòl Ayisyen gen gwo tristès aprann lanmò kreyolis matinikè Jean BERNABÉ. Mesye BERNABÉ te Manm Groupe d’Etudes et de Recherches de la Créolophonie (GEREC).

Akademi an asosye li ak tout kòlèg Matinik, Gwadloup, Sentlisi, Dominik, Giyàn, elatriye, pou li koube byen ba devan memwa Jean BERNABÉ, gwo potorik defansè ak chèchè sou lang kreyòl.

Jean BERNABÉ pati pran devan nou. Travay li yo la pou make prezans li nan mitan nou. Akademi Kreyòl Ayisyen di Jean mèsi pou plas li te okipe nan batay pou rekonesans lang kreyòl.

Ou pati, Jean BERNABÉ, men Kreyolofoni ou t ap goumen pou li a, ap gade devan pou li fè wout li san li pa kite anyen vin distrè li. Mèsi Jean BERNABÉ pou sa ou te reprezante pou nou. Ale san regrè, n ap kontinye lit la !

Konsolasyon pou sila yo ou kite dèyè ou.

 

                                                        Jean Pauris JEAN-BAPTISTE

                                                               Prezidan Konsèy Administrasyon

                                                    Akademi Kreyòl Ayisyen

                                                                                         

18 avril 2017 

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.