Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

MIMI PATI NAN PEYI SAN CHAPO…

Raphael Confiant
MIMI PATI NAN PEYI SAN CHAPO…

Lè ou t-ap palé ak Mimi Barthélémy, prèmié bagay ki frapé’w, sé jan li t-ap ri. Sé té gnon moun ki té gen gnon gran lanmou pou lavi ak pou moun tou. Jan li t-ap ri, jan li t-ap séré’w nan bra-l, jan li t-ap diskité avè’w, t-ap pèmet ou rèpwan konfians nan lekzistans. Chimen-nou pa kwazé souvan, men chak fwa sa fet, figi Mimi, bel figi Mimi, t-ap pousuiv mwen pandan jou ak jou.

Mimi, sé timoun a péyi d’Ayiti. Magré i pati viv nan péyi-andéwò, magré i enstalé nan péyi la Fwans pannan preskè 50 lanné, li t-ap kontinié palé kréyol ak défann kilti pa-l. Mimi té gnon kontez estwòdinè ki t-ap réisi liannen tradision kont ayisien ak dot tradision atravè lèmonn. Li té konn kaptivé ki timoun ki granmoun, ki Antiyé ki Fwansé, Mériken, Sid-Mériken é Afriken. Toupatou, li té pasé, nan tout péyi asou latè, moun t-ap aplodi talan-l.

Jòdi-a, Mimi pati nan péyi san chapo, mé i obliyé avèti nou. Li pati asou pwen pié-l, Li janbé dlo ak pétet nanm-li ja tounen nan Ginen. Pétet nanm-li viré nan Ayiti-Toma koté kod-lonbrik li téré. Pétet nanm-li rété an Fwans. Nou pa konnen. Sa nou sèten sé ki Mimi té renmen tout pep, tout lang, tout kilti. Linivè té kay-li.

Mimi O, n-ap sonjé’w, wi !

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.