Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Mizik Konpa pran 2 gwo baf nan men otorite meriken semenn sa

Mizik Konpa pran 2 gwo baf nan men otorite meriken semenn sa

Plizyè (2) gwo sipòtè konpa nan kouri nan menm semenn nan paske yo pran nan cho ak otoriken peyi meriken.

Youn se Dj Paz ki se mèt yon radyo ki pouse mizik konpa anpil nan Florid la. Radyo « Touche Douce » non sèlman fè pwomosyon konpa lajounen kou lannuit, men li konn òganize oubyen ede òganize gwo evènman ki te fè mache mizik ayisyen an byen anpil.

Malerezman, « Touche Douce » pa janm gen otorizasyon pou fonksyone sou frekans li ap emèt depi anviwon 24 lane. Se pou sa otorite FCC yo lage yon gwo tonton sanksyon kont Dj Paz ak fanmiy Sido ki te bay teren pou mete antèn radyo a. Mesyedam yo gen pou yo peye prèske 150 mil dola vèt amand bay leta.

Yon lòt kote, lapolis, nan menm semenn sa, mete anba kòd plizyè jenn Ayisyen sou akizasyon dèske yo fè pati de yon rezo ki ap distribye e vann dwèg tankou kokayin ak ewoyin.

Lè yo met lapat sou yo, otorite yo dekouvri dwòg, zam ak lòt bagay ki montre anketè ki t ap swiv yo depi 2016 ke mesyedam yo vrèman nan trafik malonèt.

Anpil nan mesye sa yo, se de fanatik wouj konpa dirèk. Si nou vle kwè Louko Dsir, ansyen animatè vedèt mizik konpa, ki konvèti nan politik, mesye yo te konn bay HMI a bèl bourad, paske yo te gen ti bagay nan men yo.

Se pa premye kou konpa a pran nan sans sa. Nan ane 2000 yo, plizyè nèg ki te konn bay mizik sa jarèt te nan pwoblèm ak otorite kay Tonton Sam pou komès poud blanch entèdi a. Sa yo pat fouke, te blije sispann louvri kò yo angranjan.

Se nòmal. Nèg yo pa egare non!

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.