Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

MWA KREYÒL LA NAN MONREYAL

2016 - 15èm edisyon
 MWA KREYÒL LA NAN MONREYAL

Monreyal, jou ki 9 septanm 2016. – Komite entènasyonal pou pwomosyon kreyòl ak alfabetizasyon (KEPKAA), fondatè «Mwa kreyòl nan Monreyal», ka fè lwanj pou tèt li pou jan yo akeyi gwo evènman kiltirèl sa a li te mete sou pye nan Invèsite Monreyal jou ki te 5 oktòb 2002 epi kounyeya, ap fè pale de li nan tout Lamerik la, nan Karayib la ak nan Oseyan Endyen an. Fò n di byen, se depi dat sa a, konsèp selebrasyon kreyòl pandan tout mwa oktòb la pran nesans.

Jodiya, apre 15 lane, KEPKAA retire chapo l devan tout moun ki te kolabore nan Monreyal epi toupatou nan lemonn pou te fè inisyativ sa tounen yon enstitisyon entènasyonal san parèy. San n pa bay manti, nou ka di «Mwa kreyòl» la janbe fontyè, li vin pa pou KEPKAA senpman.  Kounyeya, li se pitit tout moun ki gen tèt yo parèt nan miwa kilti kreyòl li kreye a.

Sa vle di, jounen jodiya «Mwa kreyòl» la ap pran matirite granmoun li. Se poutèt sa direksyon KEPKAA vin ofri patnè nan Monreyal li yo, yon lòt fason pou yo jere aktivite selebrasyon yo nan kad «Mwa kreyòl nan Monreyal» la.

Pou ane 2016 la, pwogram aktivite yo ap disponib sèlman nan vèsyon elektwonik sou sit «Mwa kreyòl nan Monreyal» ak sit CÉGEP Vieux Montréal, youn nan patnè KEPKAA depi lontan. KEPKAA ap mande tout ansyen ak nouvo patnè l yo pou yo mete sou afich piblisite oubyen tout lòt zouti y ap itilize pou  fè pwomosyon kèlkanswa aktivite a, mesaj sila a: aktivite òganize nan kad «Mwa kreyòl nan Monreyal». Apresa y a voye l bay kòdinasyon «Mwa kreyòl» la nan adrès imel: moisducreole2016@gmail.com.

Chanjman sa yo pa anpeche KEPKAA kontinye onore majorite aktivite tradisyonèl li yo. Ane sa a, aktivite lansman an ap fèt sou fòm yon ekspozisyon penti. Se gwoup «Artistes de Reminiscences» yo k ap òganize l nan sant Léonardo Da Vinci, samdi 1e oktòb depi 10è nan maten. Tout moun alawonnbadè envite.

Youn nan aktivite tout moun dwe kouri rezève plas yo depi kouneyeya pral fèt 28 oktòb nan CÉGEP Vieux Montréal;  se madam Adeline Chancy, manm akademi kreyòl ayisyen,  ki envite espesyal pou evènman sa a. Nan pwogram mwa a,  n ap genyen tou: dikte an kreyòl, lansman « Haïti Obsession » oubyen nouvo rekèy bileng (fransè-kreyòl) Roland Menuau a, sware pwezi lanmou fanm kreyòl, pri Feliks Moriso-Lewa, yon nouvo antoloji kreyòl ki gen pou tit: 17 kout plim pou lanperè, espozisyon penti, konferans sou lang ak kilti kreyòl, elatriye.

KEPKAA ap fè tout patnè k ap fè aktivite nan kad «Mwa kreyòl» la  sonje pou yo pa bliye objektif evènman an. Poutèt sa, li envite yo pou yo toujou fè tout moun konnen objektif «Mwa kreyòl» nan Monreyal ki selebre lang ak kilti kreyòl men tou, fè moun isit ak lòt kote dekouvri yon lòt pati nan kilti ak idantite kebekwa yo pandan l ap tou mete yon pon zanmitay ant Kebèk, Karayib ak Oseyan Endyen.

KEPKAA swete pou chak moun k ap òganize aktivite nan gran fèt sa a pou yo bay lang kreyòl la tout onè ak merit li genyen san yo pa voye jete lòt lang yo nan chanjman lide ki pral gen pou fèt. KEPKAA swete pou chak aktivite kiltirèl k ap fèt gen ladan yo jan moun viv oubyen eritaj ki genyen nan mitan tout pèp kreyòl. Li enpòtan pou n fè nou sonje sa, paske depi lontan rive jis jodiya, se lespri sa a nou vle ki rete nan tèt chak moun ki patisipe nan kèlkeswa fèt «Mwa kreyòl» la.

Anvan nou fè w jwenn nouvo vèsyon pwogram nan, nou swete tout moun bon «Mwa kreyòl nan Monreyal», edisyon 2016.

   * * *

MOIS DU CRÉOLE À MONTRÉAL, ÉDITION 2016

 

Montréal, le 9 septembre 2016. – Le Comité international pour la promotion du créole et l’alphabétisation (KEPKAA en créole), fondateur du «Mois du créole à Montréal», se réjouit vivement de l’accueil et du parcours de cet évènement culturel majeur qu’il a institué à l’Université de Montréal le 5 octobre 2002 et qui maintenant, fait tache d’huile dans les Amériques, dans les Caraïbes et dans l’Océan Indien. Rappelons que c’est à cette date précise que ce concept de célébration du créole pendant tout le mois d’octobre,a vu le jour pour la  toute première fois.

Aujourd’hui, quinze ans plus tard, le KEPKAA, très chaleureusement renouvelle ses remerciements à l’ensemble de ses collaborateurs de Montréal et au reste de la planète pour leur inestimable contribution à l’institutionnalisation et à l’internationalisation de cet événement. Sans conteste, le «Mois du créole» n’appartient plus uniquement à son géniteur; il est maintenant l’enfant de tous ceux et de toutes celles qui se reconnaissent à travers le miroir de la créolité qu’il a généré. 

Autrement dit, le «Mois du créole» a dépassé sa phase d’adolescence. On peut dire sans ambages qu’il a atteint sa maturité. D’où la raison pour laquelle la direction du KEPKAA vient proposer à ses partenaires montréalais un nouveau format de gestion des activités de célébration du «Mois du créole à Montréal.»

Pour l’année 2016, le programme des activités de cette nouvelle édition sera disponible uniquement en version électronique sur le site du «Mois du créole à Montréal» de KEPKAA et sur celui du CÉGEP du Vieux Montréal, un partenaire de longue date. Les partenaires de toujours de l’évènement et ceux qui s’y ajouteront, sont priés d’indiquer sur leurs affiches de promotion ou tout autre outil de publicité, la mention: activité organisée dans le cadre du «Mois du créole à Montréal». Ils les feront suivre par la suite au Comité de coordination du «Mois du créole à Montréal» de KEPKAA à l’adresse de courriel: moisducreole2016@gmail.com.

En dépit de ces changements, le KEPKAA continuera d’honorer la majorité de ses activités traditionnelles. Cette année, on retrouvera l’activité de  lancement qui prendra cette fois la forme d’une grande exposition de peinture. Celle-ci sera organisée par les «Artistes de Réminiscences» et se tiendra au Centre Léonardo Da Vinci, le samedi 1er octobre, à partir de 10h du matin. Vous êtes toutes et tous cordialement invités.

L’une des activités phares à surveiller se tiendra le vendredi 28 octobre au CÉGEP du Vieux Montréal, et l’invitée spéciale sera Madame Adeline Chancy, membre de l’Académie du créole haïtien. Le programme des activités du mois comptera en plus, la dictée en créole, le lancement de «Haïti obsession» ou le nouveau recueil bilingue (français-kreyòl) de Roland Menuau, la soirée de poésie érotique des femmes créoles, la remise du prix Félix Morisseau-Leroy, le lancement d’une nouvelle anthologie créole sous le titre: 17 kout plim pou lanperè, des expositions de peinture, des conférences sur la langue et la culture créoles, et bien d’autres.

Le KEPKAA rappelle à ses partenaires qui organisent des activités dans le cadre du «Mois du créole à Montréal» de tenir compte des objectifs de l’événement. Ils sont, de ce fait, priés de faire connaître au grand public que le «Mois du Créole à Montréal» a pour but, non seulement de célébrer la langue et la culture créoles, mais aussi de faire découvrir aux gens d’ici et d’ailleurs un autre pan de la culture et de l’identité québécoises en jetant un pont d’amitié et de fraternité entre le Québec, les Caraïbes et l’Océan Indien.

Le KEPKAA attend de chaque organisateur qui se joindra à la fête, de s’assurer que la langue créole soit respectueusement honorée sans pour autant en interdire d’autres langues lors des échanges, et que le contenu culturel de chaque activité organisée reflète les façons de vivre ou encore l’héritage partagé par les créolophones. Ce rappel est très important pour montrer la volonté de perpétuer l’esprit qui anime les participants depuis le début des premières festivités du «Mois du créole à Montréal» et jusqu’à ce jour.

En attendant de vous faire parvenir le programme des activités au grand complet, bon «Mois du créole à Montréal», édition 2016.

   * * *

KEPKAA 2000,
boul. Saint-Joseph-Est, porte B, Montréal (Québec) H2H 1E4
Tél. 514 750-8800 ou 514 802-0546
Courriel : moisducreole2016@gmail.com

 

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.