Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

NÒT PWOTESTASYON ETIDYAN INIVÈSITE LETA YO

NÒT PWOTESTASYON ETIDYAN INIVÈSITE LETA YO

{{ {NÒT PWOTESTASYON ETIDYAN INIVÈSITE LETA YO

FAS AK ARESTASYON ILEGAL KI FÈT SOU:

Patrick JOSEPH ak Guergang BASTIA} }}

Granm bonè nan jounen lendi 10 dawout ki sot pase a komisè an chèf komisarya Delma a, mouche Carl Henry BOUCHER fè dap piyanp sou 2 jèn gason ki te al pote konkou yo bay ouvriyèz ak ouvriye ki t ap manifeste devan pak endistriyèl Sonapi a. Arestasyon ilegal sa komisè Carl Henry BOUCHER fè sou jèn sa yo se rezilta klè konplo boujwazi tilolit peze souse a ansanm ak Preval machann peyi marinen kont pitit pèp la, k ap mande chak jou pou potanta ki nan tèt leta yo, bay patwon yo lòd pou peye ouvriyèz ak ouvriye yo 200 goud pou pipiti pou yon jounen travay. Prezans jèn sa yo nan rasanbleman ouvriyèz ak ouvriye yo t ap fèt devan pak la pat mete pyès moun ak byen yo an danje, yo te pasifik, sa ki kapab esplike reyaksyon ouvriyèz ak ouvriyè yo ki pat pran tan imedyatman aprè arestasyon an pou pran lari epi revandike liberasyon san kondisyon tou 2 jèn gason sa yo. Lapolis la ki jounen Jodi a ap fè anpil jefò pou montre lènmi pèp la yo kòman li prè pou li sèvi eskadwon lanmò nan pwojè machann peyi yo pat neglije maltrete anba gaz, wòch ak kout baton malerèz ak malere ki t ap revandike liberasyon 2 jèn yo ak 200 goud jounen travay yo a.

2 jèn sa yo ki se Patrick JOSEPH, manm Komite pou relèvman Divivye (KRD), yon òganizasyon k ap fè anpil jefò nan zafè eskolarizasyon timoun paran yo pa gen mwayen nan komin Site Solèy plis lòt kalte pwoblèm moun nan lokalite sa yo ap viv; lòt jèn gason an se Guerchang BASTIA, ki li menm ap etidye sosyoloji nan Fakilte syanzimèn nan Inivèsite Leta a epitou li se manm Asosyasyon inivèsitè ak inivèsitèz Desalinyèn (ASID) ak manm biwo politik Sèk Gramsci. De (2) òganizasyon k ap feraye anndan Inivèsite leta a; se 2 jèn militant inosan ki koupab sèlman paske yo pran pozisyon pou ouvriye ak ouvriyèz boujwa yo ap eksplwate nan izin soutretans yo. Jan komisè Carl Henry BOUCHER di li sou plizyè radyo nan kapital la, li arete mesye sa yo san li pa repwoche yo anyen, yo pat fè pyès zak, men se lòd patwon li yo ba li pou li fè sa.

Sa vle di aklè komisè Carl Henry BOUCHER pa fè travay lajistis jan lalwa mande sa, lè li arete 2 jèn gason yo, se pito lòd potanta nan boujwazi a ak sila yo ki nan tèt leta li aplike. Sa vle di tou, kontrèman ak sa y ap kleronnen nan radio ak televizyon tout jounen, lapolis ak lajistis la pou fè volonte boujwa grandon ak lòt sousè k ap dechèpiye peyi a ak fòs kouraj moun k ap viv ladann. Si se pa t sa, kisa ki fè jouk jounen Jodi a: RICHA KOLS, SASINE, BAKER, BOULÒS, APED, JERANDAL ak lòt sousè yo ap sikile lib elibè malgre yon komisyon palmantè repiblik la denonse yo kòm moun ki nan frod fiskal, izaj de fo plis lòt zak kriminèl ? Pou kisa komisè gouvènman an pa mete aksyon piblik an mouvman kont RICHA KOLS ki bat ansanm ak ajan ensekirite li, yon ouvriye ki te rele Reno ALFRED jis ouvriye sa a mouri?

Sa fè nou konprann se paske Patrick JOSEPH ak Guerchang BASTIA se pitit pèp la yo ye ki fè komisè Carl Henry BOUCHER ansanm ak sibstiti komisè gouvènman an deside fèmen jèn gason sa yo nan mitan kat mi. Lè menm komisè polis ki fè arestasyon an admèt li pa reproche jèn yo anyen, sou ki baz komisè gouvènman an pran desizyon fèmen jèn yo nan penitansye a? Ki donk kounye a pa gen malis kache ankò, sa boujwa sousè yo vle se li lapolis ak lajistis fè.

Devan eskandal imoralite sa a ki bay anpil moun gwo kè kase, nou ap lanse yon apèl bay tout òganizasyon pwogresis ki ap batay nan kan pèp la, òganizasyon fanm kou gason, òganizasyon dwa moun, mouvman peyizan, etidyan ak lòt òganizasyon jèn, pou nou mete fòs nou ansanm pou nou di nou pa p tounen nan rejim bout di ankò. Fòk gen moralite, pa dwe gen zak abitrè ki favorize enpinite epi bay lisans ak koripsyon. 2 jèn yo t ap manifeste nan lapè, yo pat fè pyès krim, se pou manti sispann triyonfe nan peyi isit. Tout moun ki kwè nan yon sosyete san enjistis dwe mobilize pou mande liberasyon Patrick JOSEPH ak Guerchang BASTIA, ki se 2 inosan daprè komisè Carl Henry BOUCHER ki di arestasyon sa a se plis yon aksyon politik pase jiridik. Fòk otorite yo libere prese prese tou 2 jèn gason sa yo. Se pou tout moun ki gen moralite nan peyi a toujou mande pou yo arete Preval ki vann Teleko, APN ak yon bann lòt antrepriz piblik epi egzije liberasyon san kondisyon 2 jèn gason sa yo ki kontrèman ak Preval poko tranpe dwèt yo nan sa ki pa kòrèk. Moun ki nan fo papye yo, ki refize peye taks nan bon timamit jan lalwa mande sa epi k ap fè fo kaye yo, se yo ki dwe ale nan prizon. Se pa jèn gason ak jèn fanm k ap revandike pasifikman pou ogmantasyon pri fòs kouraj travayè ak travayèz yo nan nivo 200 goud la san wete.

Enfòmasyon nou deja genyen rapòte konplo ak lòt konbinezon k ap manniganse pou entimide epi bay paran ak zanmi 2 jèn ki nan prizon yo gwo kè kase. Nou pwofite denonse tout tantativ malonèt otorite rejim Preval-Pyèlwi a ap fè pou kraze mobilizasyon pou salè minimòm 200 goud la. Tantativ sa yo pa p fè nou pè, represyon pa janm gen rezon sou pèp nan pyès peyi sou latè. Zafè k gade moun ki aksepte bat, arete ilegalman epi touye lòt moun pou fè volonte klas ak otorite ki gen pouvwa, paske se lajistis ki toujou triyonfe.

{{ABA ENJISTIS,

VIV LIBERASYON Patrick JOSEPH ak Guerchang BASTIA

VIV 200 GOUD LA POU SALÈ MINIMÒM TRAVAYÈZ AK TRAVAYÈ}}

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages