Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Petro Caribe : Une douzaine d’intellectuels se lancent dans la bataille

Petro Caribe : Une douzaine d’intellectuels se lancent dans la bataille

Dans une note publiée vendredi, une douzaine d’intellectuels haïtiens estiment que la bataille pour exiger la lumière sur l’utilisation des fonds Petro-Caribe est une lutte contre un système politique basé sur la corruption et l’impunité. Pour changer ce système, Wiliam Smarth, Michel Hector, Suzie Castor, Sabine Manigat, Frantz Grandoit, Jean Casimir, Sr Kesta Occident, Arnold Antonin, Colette Lespinasse, Claude Moise, Michel Legros et Ernest Bellande lancent un appel pour un rassemblement de toutes les forces progressistes afin de préparer une alternative pouvant mener vers une autre Haïti. Pour arriver à changer ce système, selon eux, il faut une conscience citoyenne, une conscience patriotique, une organisation, une direction politique…

Gen moman nan lavi yon pèp moun pa ka chita ap gade ankò. Fòk li pran wòl sitwayen l tout bon. Fòk li kanpe, fòk li leve, fòk li frape pyel atè, fòk li pyafe pou yo tande l. Fòk li angaje l ak tout lòt sitwayen nan peyi a pou di non. Abraham dwe di sètase.

Nan sistèm politik ayisyen an, se pa premye fwa dirijan yo ap vòlè lajan Leta. Menm apre 7 fevriye 86, se yon ti minorite dirijan ou ka konte sou dwèt ki pase e ki rete onèt nan travay yo nan fonksyon piblik la. Pi fò nan yo konsidere Leta kòm chwal papa. E sa rive fèt paske pa janm gen jistis, toujou gen enpinite e pèsonn pa janm rann kont. Jodi a sa rive twò lwen. Poul la rele. Pèp ayisyen pa vle chimen sa a ankò, chimen vòlè leta, chimen enpinite, chimen leta gangstè, leta bandi kote zotobre fè sal pito. Jenès peyi a, pèp ayisyen kounye a deside goumen pou yon lòt sosyete nan yon peyi oganize ki gen solidarite, pou yon peyi kote moun rann kont sa w fè.

Lè nou konsidere sans èd la, yon èd ki sòti nan asyèt yon pèp kap batay pou li viv menm jan avèk nou, yon pèp ki gen pye gwo peyi sou kou li e ki deside pataje ti sa li genyen an avèk nou malgre pwoblèm pa l;
lè nou konsidere sa yon seri peyi tankou Jamayik, Repiblik Donimikèn, kiba rive regle ak èd sa a : lopital, inivèsite, lekòl, wout, pon ak lot enfrasrikti pou devlopman peyi yo ;
lè nou konsidere awogans vòlè bo isit yo, mepri yo devan kondisyon mizè, malsite pèp la, kote moun ap mouri grangou, moun ap mouri paske pa gen lopital, jèn fi, jèn gason pa ka fini lekòl e sa ki fini pa ka rantre nan inivèsite, kote ouvriye,ouvriyez ap fin pwatrinè nan faktori ak yon salè mizè.
lè nou konsidere jan chomaj ak dezespwa ap pouse jenès la kouri kite peyi a ;
nou kapab di : moun ki manje lajan Petrokaribe yo se yon bann kriminèl san manman ki merite jije.Yo vòlè lajan de (2) pèp : lajan pèp venezyelyen ak lajan pèp ayisyen.

Se poutèt sa n ap mobilize pou laverite blayi sou lajan Petwokaribe a. Se pou sa nou apiye tout sèktè nan peyi ak tout popilasyon an ki deja pran pozisyon, tankou Konferans Evèk Katolik yo ak tout lòt enstitisyon relijye ki deja leve vwa yo. Nou di ayibobo pou jèn Petwochalenj yo kap mande kote kòb Petwo karibe a. Nan sans sa a nou bay jarèt ak tout fòs nou ak mouvman tout popilasyon an, ouvriye, pwofesyonèl, etidyan, elèv, machann, chomè, tout sektè nan peyi a tankou sendika, asosyasyon pwofesyonèl, asosyan komèsan elatriye kap patisipe san vyolans, san pwovokasyon nan manifestasyon 17 oktob la ki se yon dat istorik pou tout ayisyen. Fwa sa fòk LAJISTIS fè travay li.

Batay Petwokaribe a se batay kont yon sistèm politik ki chita sou koripson ak enpinite. Pou chanje sistèm sa a, fòk gen konsyans sitwayen, konsyans patriyotik, fòk gen oganizasyon, fòk gen direksyon politik. Fòk gen konviksyon fòk nou rasanble tout fòs kap goumen nan sans pou prepare yon alternativ ki ap mennen nou nan yon lòt Ayiti.

NOU PAP CHECHE KONT, NOU MANDE RANN NOU KONT.
Moun ki siyen

Nòt Solidarite vandredi 12 oktòb 2018

Moun ki siyen

Wiliam Smarth, Michel Hector, Suzie Castor, Sabine Manigat, Frantz Grandoit, Jean Casimir, Sr Kesta Occident, Arnold Antonin, Colette Lespinasse, Claude Moise, Michel Legros, Ernest Bellande

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.