Accueil

Pote kòd! Pote kòd! Boujwa yo se vòlè. Tout patwon se kriminèl.

Pote kòd! Pote kòd! Boujwa yo se vòlè. Tout patwon se kriminèl.

Yon analiz politik sou revandikasyon travayèz-travayè soutretans yo

Kolektif  Kanmarad Janil prezan !

Tout moun konnen nan dinamik batay politik pa gen piyay. Pou gen gany, lojik la se sa k sanble rasanble. Rele fòs, rasanble fòs pou kapote tout sistem peze souse. Konbat tout lenmi ak tout fo zanmi nan dan, zanmi lè sa bon. Nan dinamik batay revolisyonè se pi rèd toujou. Depi plis pase twa mwa, travayè-travayèz nan divès kategori anndan sosyete a leve kanpe pou mande touche pi bon salè pou jan yo ap redi ak pou kalite benefis patwon ap fè sou do fòs kouraj yo epi pi bon kondisyon travay. Kanmarad k ap travay nan soutretans lan – laplipa ladan yo se fanm, manman pitit – ap revandike 800 goud kòm salè minimòm pou yon jounen travay 8 èdtan. Nan liy angajman pou prensip byennèt, egalite ak jistis sosyal triyonfe toupatou sou latè, nou deklare nan Kolektif Kanmarad Janil Prezan (2KJP), se san rezèv nou sipòte batay tout travayèz ak travayè ayisyen anpatikilye sila yo ki nan soutretans la. N ap fè chonje, menm lè se yon Deklarasyon pou lafòm, atik 23 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun (1948) la di  “Tout moun ki travay gen dwa pou li resevwa yon salè jis epi ki pèmèt li asire yon egzistans ki koresponn ak prensip diyite moun, ni pou tèt li, ni pou tout fanmi li …”

Li klè 800 goud la pa reprezante yon gwo avanse lè n ap konsidere lavi a ki monte disèt otè, pwodiksyon peyi a yo mete atè plat ki fè nou bije achte preske tout bagay lòt bò dlo pandan lajan meriken ap monte bwa. 800 goud la, menmsi li p ap pèmèt trvayè yo viv byen, ta kapab pèmèt rale yon ti souf nan sans boukannen tann bouyi !

An n fè yon ti gade kisa salè minimòm lan ye ?  Salè minimòm lan se pi piti lajan yon travayè dwe touche sou fòs kouraj li pou pèmèt li viv plizoumwen ansanm avèk fanmi li. Si nou di viv plizoumwen se poutèt gen sa yo rele salè ‘‘viable’’ ki li menm depaman ak salè minimòm lan. Salè vyab la se salè ki pèmèt travayè a, anplis li satisfè bezwen esansyèl de baz li menm ak fanmi li, mete yon lajan sou kote (fè ekonomi) pou l viv pi byen epi anvizaje lavni pandan l ap soti nan kontrent sitiyasyon difisil la.

Li klè 800 goud la pa reprezante yon gwo avanse lè n ap konsidere lavi a ki monte disèt otè, pwodiksyon peyi a yo mete atè plat ki fè nou bije achte preske tout bagay lòt bò dlo pandan lajan meriken ap monte bwa.

Sou kesyon salè minimòm lan, n ap fè sonje depi nan lane 2009, Ministè zafè sosyal li menm (pyès moun pa konnen ministè sa gen ankenn senpati pou malere) nan kalkil li te fè sou konbyen kòb pou pi piti yon moun ta bezwen pou l konsome (manje, bwè, abiye, deplase elt…) te estime lajan sa se 450 goud. Alepòk sa ekonomis yo rele to enflasyon an – ki se jan pri tout pwodui yo kontinye monte toupatou nan nivo jeneral – te bese 4,7 % (an sektanm 2009 pa egzanp) pandan yon moun te bezwen 38,50 goud pou achte yon dola ameriken. Nan yon lòt etid Sant Solidarite ak Ouvriye te fè fwa sa nan lane 2011, li te detèmine yon moun t ap bezwen pou piti 1,125 goud chak jou pou l konsome pou l viv plizoumwen ak fanmi li.

Anprensip depi 1ye oktòb 2012, salè minimòm lan te sipoze pase a 300 goud nan konfòmite ak atik 2.2 lwa 2009 Stivenn Benwa a. Ministè Zafè Sosyal ak Travay ki te gen nan tèt li Jozefa Gotye te menm fè yon nòt soti sou sa. Alepòk nou te bezwen 42 goud pou yon dola ameriken. Antretan, dènye etid Sant Solidarite Entènasyonal te fè an 2014 te jije yon ouvriye t ap bezwen 1006 goud pa jou pou l rive kouvri konsomasyon de baz yo. Nan finisman lane 2015 lan (novanm), enflasyon an te preske rive 11 %. Ti rale sa pèmèt nou wè gwo vid ak enkoyerans ki genyen menm nan nivo Leta a ant salè yo panse ouvriye yo ta bezwen pou yo viv ak sa Leta yo konsanti pou patwon peye yo tout bon vre. Si nou ensiste sou to enflasyon an, se paske nan ekonomik klasik la se youn nan denominatè komen ki genyen sou kesyon kijan detèmine salè minimòm lan.

Nan anpil peyi liberal ak neyoliberal, yo toujou di se «to enflasyon an» ki sèvi baz pou detèmine salè minimòm lan. Sa k vle di, yo ajiste salè a apati ogmantasyon endis pri yo nan konsomasyon. Fò nou di aklè se pa apwòch pa nou ! Nou menm kòm militan k ap batay pou fini ak leksplwatasyon epi tabli lòt rapò pwodiksyon nan kad yon lòt mòd pwodiksyon, nou konsidere richès tout moun travay pou pwodui dwe redistribye sou baz bezwen chak moun. Men li enpòtan, yon lòt fwa ankò, pou nou wè nan ka sa tou kijan sa ki karakterize sistèm kapitalis la se ipokrizi ak manipilasyon.

Jounen jodi a, nou an 2017 nan mwa Me ki sot pase la to enflasyon an te rive 15,50 % pandan nou bezwen 63 goud pou achte yon dola meriken. Kidonk pou tout bon vre, 800 goud lan se yon salè minimòm san plis ni mwens. Poutan, jan nou tout kapab wè sa, patwon yo ansanm ak tout Leta derefize peye 800 goud la. Yo menm jwenn yon bann mal pouwont nan yon estrikti yo rele KSS (Konsèy Siperyè Salè) ki pa t jennen pwopoze pou fikse salè minimòm lan 335 goud jan patwon yo te swete sa. Pou fini, nan yon lwa ki soti nan Jounal Monitè jou vandredi 28 jiyè 2017 la, apre plis pase 3 mwa mobilizasyon, Jovenel Moyiz mete salè minimòm lan 350 goud.

Poukisa ?  Rezon an senp : Leta sa pa leta pa nou men leta k ap defann enterè patwon yo ak laboujwazi. Fyèl travayè yo mèt ap pete anba eksplwatasyon ak move lavi sa pa enpòtan pou yo. Tout objektif yo se pije travayè pou souse fòs travay yo jou k nan mwèl. Yo p ap fè n kado !

ALASO Volim 1 nimewo 2
Jiyè-Out 2017

Pages