Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

POZISYON FOWOM POLITIK SOSYOPWOFESYONEL PWOGRESIS AYISYEN (FPSPA) SOU NOT FOWOM EKONOMIK SEKTE PRIVE A

Fowom Politik Sosyopwofesyonel Pwogresis Ayisyen (FPSPA)
POZISYON FOWOM POLITIK SOSYOPWOFESYONEL PWOGRESIS AYISYEN (FPSPA) SOU NOT FOWOM EKONOMIK SEKTE PRIVE A

Importante prise de position, argumentée à partir de faits indiscutables, de militants progressistes haïtiens contre l'orientation d'un forum économique constitué  de bourgeois haïtiens hostiles aux intérêts populaires et à la botte de l'impérialisme étranger.

Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen paka kwaze bra li sou pozisyon politik Fowòm Ekonomik Sektè Prive a pran sou konjonkti politik n ap viv jounen jodi a. Nan yon nòt li mete deyò 13 desanm ki sot pase a, Fowòm Ekonomik lan voye yon piga bay KEP la pou li pa manyen dat 29 desanm lan malgre tout kontestasyon, iregilarite, magouy ak fwod ki koumanse parèt aklè nan verifikasyon eleksyon 20 novanm lan. Kidonk, Fowòm Ekonomik lan ap klewonen yon sèl kout kle menm jan ak PHTK. Pandanstan, y ap voye jete tout fòm pwotestasyon k ap fèt kont eleksyon 20 novanm yo. Pou noumenm nan FPSPH, pozisyon sa antre nan kad yon gwo konplo ki vize oryante desizyon KEP la, kriminalize lit sosyal ak popilè yo epi enpoze peyi a yon pwojè eksplwatasyon, dominasyon ak piyaj ranfòse.

Kisa Fowòm Ekonomik lan ye?

Fowòm Ekonomik Sektè Prive a se yon espas ki regwoupe yon ansanm bizismann, majorite ladan yo se etranje ki kouvri tèt yo anba drapo ayisyen pou yo brase anba dra enpinite. Fowòm nan gen landan l asosyasyon patwon sa yo[1] : CCIH, ATH, AMCHAM, DIGICEL, COMME IL FAUT, APB, ADIH, GFN elt. Kidonk nou ka konprann pou kisa DIGICEL ki se yon manm Fowòm Ekonomik lan, ki te enplike nan fè kanpay pou kandida PHTK a (Jovenel Moyiz), te gentan pibliye rezilta eleksyon 20 novanm yo nan menm sware eleksyon an. Alòske pwosè vèbal yo potko menm rive nan sant tabilasyon an (... rès nòt la ankreyòl ak anfranse nan atachman an)

[1]Chambre de Commerce et d’Industries d’Haïti, Association Touristique d’Haïti, Chambre de Commerce Haitiano- Americain, Association des Propriétaires de Banque, Association Des Industriels Haïtiens, Groupe Financier National.

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages