Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Raphael Confiant envite donè dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl

Raphael Confiant envite donè dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl

Soti 2 pou rive 6 desann 2020 dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl ap dewoule, anba tèm « pouki n ap fè literati », nan Pòtoprens, Gonayiv ak Ench suivan yon fòmil ibrid (reyèl/ vityèl) kote òganizatè yo ap genyen pou yo itilize posibilite nouvèl teknolojikominikasyon yo ofri pou atenn yon piblik ki pi laj. Raphaël Confiant se envitedonè dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl. Li se ekriven Lamatinik youn nan majojon mouvman « Kreyolite » bò kote Jean Bernabé ak Patrick Chamoiseau loreya « Prix Goncourt » pou woman li a ki rele « Texaco ».

Gen anpil lòt ekriven ak lòt entèlektyèl k ap patisipe nan dezyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl. Tankou Pierre Michel Chery ki se envite espesyal, manm Akademi kreyòl Ayisyen. Genyen tou Rodolphe Mathurin kap envite espesyal tou, Jean Euphèle Milce prezidan donè dezyèm edisyon an, Manno Ejèn, Lyonel Trouillot, Chridtophe Philippe Charles, Iléus Papillon, André Fouard, Hector Pouillot, ekriven gwadloupeyen, Dominique Batraville, Hilario Batista Felix ekriven kiben elatriye. Edisyon Freda k ap fè pwomosyon pou literati kreyòl an Ayiti ap patisipe nan aktivite sila a. Objektif prensipal festival Entènasyonal Literati Kreyòl se fasilite : « diskisyon, deba, echanj nan mitan pèp Kreyolofòn yo. Kreye yon espas espesyal pou difizyon ak pwomosyon pwodiksyon literè lang kreyòl. Ankouraje plis moun pwodwi an kreyòl. Fè popilasyon an dekouvri otè ak zèv ki donnen nan jaden literati kreyòl la. Kreye yon espas deba ak diskisyon ant otè ak lektè.

Anpil aktivite tankou : Konferans, teyat lari, vantsiyati ak ekspozisyon liv, emisyon espesyal nan radyo, televisyon ak rezo sosyal yo, lekti senik, fwa liv,omaj, atelye ekriti pou timoun, pwojeksyon fim, atelye ekriti pou jèn elatriye. Fòk nou di Festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) se premye festival Literati Kreyòl nan peyi Ayiti ak nan Karayib la. Se konltribisyon Ayiti pou akonpaye dinamik devlòpman ak reyonnman lang Kreyòl nan lemonn. Se yon inisyativ powèt Jean Baptiste Annivence ki anime sou Signal FM emisyon literè« Pawòl Kreyòl » ki se yon vitrin, yon espas pou pwomosyon, valorizasyon ak difizyon lang kreyòl ak liv ki ekri an kreyòl. Nan kad dezyèm edisyon sila a gen anpil aktivite ki kòmanse fèt tankou « Losyè mò » ki se yon ribrik sou paj Facebook festival la, ki pèmèt piblik la dekouvri divès otè k ap ekri an kreyòl.

Schultz Laurent Junior

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages