Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Rapò Petwokaribe : mòn nan akouche yon ti sourit!

Rapò Petwokaribe : mòn nan akouche yon ti sourit!

Se te ak anpil enpasyans, pandan yon bou ti bout tan, je tout moun te fikse sou Sena Repiblik la ap tann seyans sou piblikasyon rapò ankèt sou gagòt ki ta fèt nan lajan petwokaribe a. Apre anpil dilatwa, Sena a lave men l tankou Pilat nan dosye a epi transfere l bay Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif.

Petwokaribe se yon espas Venezyela kreye nan dat 29 jen 2005, yon mannyè pou l mete sou pye yon seri politik ak plan enèjetif ki ka pèmèt entegrasyon peyi Karayib yo gras ak fason yo pral itilize resous natirèl ak enèjetif yo nan
enterè sitwayen lakay yo. Ayiti ki te toujou genyen bon jan relasyon zanmitay ak Venezyela, sitou akoz koutmen nou te ba yo nan batay pou endepandans li ak tout peyi Amerik Latin yo, t apral vin yonn nan peyi ki benefisye pwogram sa a apre de (2) peyi yo te fin siyen yon akò nan dat 15 me 2006. Yo rele akò sa a « Akò koperasyon enèjetik Petwokaribe ».

Ki avantaj akò Petwokaribe pote pou Ayiti ?

Nan akò sa a, Venezyela pran angajman pou l bay leta 14 mil baril petwòl pa jou epi pou nou peye l chak ane, nan yon pri moun pa. Leta ayisyen, bò kote pa l, nan yon akò ki fèt nan dat 12 mas 2007 ak konpayi Petwol Venezyela S.A, chwazi BMPAD kòm enstitisyon ki pou achte petwòl la epi revann li bay konpayi petwolye lokal yo. Sou chak livrezon konpayi sa yo resevwa, yo gen 30 jou pou yo peye BMPAD. Lè sa a leta ayisyen gen pou l peye Venezyela selon pousantaj yo ak kantite li te resevwa.

Dapre akò a, lè Leta ayisyen dwe Venezyela, li kapab peye l ak lòt pwodwi komèsyal selon sa Repiblik Bolivaryèn nan genyen bezwen. Tout pati kach ki rive 31 jou san peye pral egzije yon enterè 2% chak ane. Dezyèm pati a ap finanse ak yon enterè 2% pandan 15 lane si pri baril petwòl la se 40 dola ameriken. Si se lekontrè, finansman an ap ale jiska 23 lane plis 2 lane chans, sa fè 25 lane ak yon enterè 1%.

Koripsyon nan pwogram Petwokaribe a

Anpil moun kwè yon bon pati nan lajan Petwokaribe a antre nan pòch olye li travay nan benefis pèp ayisyen an, jan sa te prevwa nan siyati akò a. Anmwe ap rele agoch adwat : yo manje lajan Petwokaribe a. Se konsa komisyon etik ak anti koripsyon Sena a ki te gen nan tèt li Se-natè Latibonit Youri Latòti (Youri Latortue) te deside mennen yon ankèt pou fè limyè sou kesyon sa a. Ankèt sa a te konfime kareman gen koripsyon lè Senatè Latòti te deklare « Gen yon asosyasyon malfektè anndan administra-syon piblik ayisyèn nan ». Rapò a ki te pibliye nan mwa dawout 2016 la te moutre anpil kontra siyen, lajan an dekese, men travay yo pa rive fèt vre. Anpil pale anpil fèt, anpil non site, epi ….. epi …….anyen.

Yon dezyèm ankèt senatoryal pou idantifye koupab yo Jou ale, jou vini, Senatè Nòdwès Evalyè Boplan (Evalière Beauplan) vin prezidan komisyon etik ak anti koripsyon Sena a. Komisyon an deside mennen yon ankèt ki ale
pi lwen toujou sou gagòt ki fèt nan lajan Petwokaribe a. Fwa sa a, apre anpil moun fin defile al reponn kesyon komisyon an, li mete deyò yon gwo tonton rapò 656 paj, « rapò syèk la », si nou vle prete pawòl Senatè Nip Nènèl Kasi (Nenel Cassy).

Non kèk zotobre ki site nan zafè petwokaribe a Sous foto entènèt

Komisyon an te mennen ankèt sou lajan petwokaribe a soti nan lane 2008 pou rive nan lane 2016. Se yon rapò manman penba ki site yon lis non moun byen long ki ta patisipe nan dechèpiye lajan Petwokaribe a, poutan pèp ayisyen an ap genyen pou l peye kanmenm. Pami moun sa yo nou jwenn ansyen Minis, Premye Minis, Direktè Jeneral ak kèk antrepiz tou. Nou menm jwenn non moun ki Minis nan moman jounen jodiya. Komisyon an rekòmande kareman pou mete aksyon piblik an mouvman kont moun sa yo.

Fè rapò se yonn, men ki akèy rapò a ap jwenn nan men kòlèg yo se yon lòt bagay. Seyans sou rapò sa a, ki selon anpil moun te dwe istorik, te tèlman soufri nan pasaj, li manke toufe depi nan vant. Se vre li pa rive fèt tou mouri nèt, men li bay yon timoun rachitik. Apre anpil tounen an won, seyans la rive fèt nan dat 31 janvye 2018 la. Apre anpil deba, anpil twoke kòn, seyans la te rive kanpe byen bonè nan maten jedi premye fevriye a. Yon gwoup Senatè te enfime kowòm nan lè yo te sispèk genyen yon rezolisyon gwoup majoritè a k ap sipòte pouvwa a te pare pou l mete deyò kote l t ap pwopoze pou transfere dosye a bay Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif. Prezidan Sena a, Senatè Sidès Jozèf Lanbè (Joseph Lambert) te anonse seyans la ap kontinye madi sis (6) fevriye.

Sena a lave men l tankou Pilat

« Kou sezi fè chen kaka », pandan Senatè yo, sitou sa ki pa fè pati majorite prezidansyèl la ap foubi zam dokimantasyon yo pou al nan seyans 6 fevriye, lè yo reveye nan vandredi 2 fevriye, yo pran nouvèl seyans te fèt menm jedi premye fevriye a, rapò a transfere bay Kou Siperyè Kont ak
Kontansye Administratif.

17 Senatè PHTK ak alye l yo reyini epi, fè yon seyans tou dousman, lwen mikwo laprès epi pran desizyon sa a. Anpil tire pye fèt, anpil moun moutre karaktè ilegal sa ki pase a, men ta sanble ti mari p ap moute, ti mari p ap desann. Nan rezolisyon an, yo mande lakou a fè yon verifikasyon ak yon bon jan analiz sou jesyon lajan Petwokaribe a soti nan mwa sektanm 2008 pou rive nan mwa sektanm 2016. Kèk kesyon ki enpòtan pou n poze apre desizyon sa a se : eskè se Sena a ki travay pou Kou Siperyè Kont oubyen se lakou a li menm ki travay pou Sena a ? Ki chans ki genyen pou limyè fèt sou dosye sa a toutbon vre lè nou konnen gen de (2) moun nan Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif la ki gen non yo site nan rapò a kòm moun lajistis ta dwe pouswiv pou dwèt long siperyè.

Anpil moun konprann jès sa a se yon fason pou majorite prezidansyèl la nan Sena a kouri pou reskonsablite li. Si pou anpil moun rapò a pran dènyè kout tiwèl ki bouche l nèt nan kavo a, pou kèk lòt moun, rapò ap fè chimen l pou kont li paske pèp ayisyen an te gentan konnen kisa ki anndan l. Malgre etap sa a rapò a franchi a, menm si pa ta gen okenn swivi ankò, l ap kontinye peze lou nan balans politik peyi a pandan lontan.

Senjan Lerisen

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.