Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

SE NAN CHIMEN JENNEN YO FÈ LAGÈ

SE NAN CHIMEN JENNEN YO FÈ LAGÈ

M sispek anpil nan nou deja devinen ki kote tit sa a soti. « Se nan chimen jennen yo kenbe chwal mawon. » Nou tout nou konnen pwovèb sa a. Pètèt menm plizyè nan nou ta ka di yo pa menm bèzwen eksplike yo sa sa vle di. Men m gen kèk ti kessyon pou nou.

Ki sa ki chwal mawon an ? Pase gen tout kalite chwal.Gen chwal òdinè, gen chwal-a-papa, menm gen chwal lwa monte yo. Pwovèb la di chwal, men li vle di plis pase chwal.

Lè yon lòt pwovèb di : « Bourik travay, chwal galonnen. » nou santi l ap pale sou tout eksplwatè k ap pwofite pou toupizi moun ki pi fèb pase yo. Konsa nou ka di pwovèb yo fè konsi y ap pale sou chwal ak bourik men se sou nou menm, kretyen-vivan, y ap pale.

Alèkile ki sa kenbe vle di nan : « Se nan chimen jennen yo kenbe chwal mawon. » ? Kenbe vle di plis pase mete chwal la anba kòd. Kenbe yon chwal mawon ki abitye galope lib-libè nan savann, sa pa dwe fasil. Men menm lè ou fin mete li anba kòd, ou ponkò sis nan douz la. Fòk ou sele li, bride li anpi pase pye pou monte li. Sa ki vle di se pou ou donte li. Ou mèt kòboy jan ou vle, fòk ou mete gason oswa fanm sou ou anvan ou fè yon chwal mawon mache opa kanmarad.

Se pou sa mwen, m di : « kenbe chwal mawon nan chimen jennen », se sa menm ki vle di fè lagè. Se pa selman bare chwal la, anpeche li kouri ; se fè li kale dou, obeyi lòd ou pase li. Li te mawon, li te lib, anpi w a kwè w a ka fè li tounen esklav konsa ? Jan ou vle ? Pou li travay anpi se ou k a galonnen ? Enben, se pare kò ou. Kenbe pa vle di pou chita kè pòpòz, w ap tann lè chwal mawon an pase devan ou pou voye kòd mare li. Se goumen pou goumen ak chwal mawon an si ou vle kenbe li.

Alèkile nou fin poze de twa ti kessyon sa yo, an nou rantre nan manman kessyon an.

{{Ki sa ki chimen jennen ?}}

Yon chimen se yon kote pou pase. Men pou pase fòk ou rantre yon bò anpi ou soti lòt bò. Chimen sa vle di : rantre-soti, ale-tounen, konmanse-fini ; se yon antrede. Lè gen yon sèl rantre anpi yon sel soti, si yon moun resi bare de kote sa yo, bèt oswa moun lan ki nan chimen an, ki te rantre men li patankò soti, enben li bloke toupatou. Li pa fouti chape okenn kote san yo pa kenbe li. Toupatou, kote li ta vle soti lenmi pare ap tann li. Ou ka rantre men ou fouti pa ka soti. Si ou ale ou pa ka tounen ; si ou konmanse ou pa ka fini : ou nan chimen jennen.

Li tout artik-la an PDF

Document: 

Se_nanchimen_jennen_yo_fe_lage.pdf

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages