Accueil

VIL POTOPRENS PEYI D-AYITI, LANE 1958

{ {{Lontan nou pa kouté bon ti tak kréyol Ayiti. Sé Kal Fonbwen ka palé nou di Pow o Prens an lan 1958..}} }.

Jodi-a lè moun ap vwayaje se nan de gwo avyon ki pran 200 ak 300 pasaje si pa plis. Nan yon 5 lot lane konsa pral gen avyon pou pran mil moun ak twa zetaj pou kabann, restoran, sal konferans, salon kwafu. Yape konswtwi avion sa-yo kounye-an.

Mwen retounen peyi d-Ayiti, ape reve toujou,“ayiti pi bon peyi pase-ou nan pwen, se nan bwa-w pou-m mouri”. Adye! Mwa Desanm lane 1958 sete nan yon ti avyon constelasyon 78 plas mwen vwayaje ki te parêt pou mwen yon pakèt afè.

Lakay se lakay. Potoprens mwa desanm lane 1958 sete yon kapital ki te tris ak yon pèp ki kom dabitud tape rale du, tape mouri grangou. Prezidan Duvalier te fèk sibi envazyon militè ansyen lame-an Paskèt, Dominik, Pèpiyan mwa juye lanne 1958. Pat gen aktivite touris, pat gen biznis, gwo tansyon politik, ak nat klib epi kazino ki pat gen kliyan.

Tout moun te pè soti ak makout ki te mèt vil-la.

Exile ayisyen peyi la repiblik dominikenn ak peyi Kiba te fè mikala-w e yo tap voye monte nan radio kont Papa Doc.Vil New York, menm bagay. Opozisyon lot bo dlo vin divize e olye yo te konsantre pou yo lese frape ak PaPa Doc yo komanse goumen youn ak lot. Lè sa-a pèson pat gen sekirite nan peyi d-Ayiti ak yon prezidan ki te pale an parabol. Anyen pa janm chanje.

Yon swa mwen te nan yon resepsyion lotel Ibo Lele vil Pétionville 24 desanm lane 1958, fèt Nwèl, lè mwen kontre yon gwo zouzoun petrol leta Texas ki ofri-m vin travay avè-li . Lè mwen kite peyi d-Ayiti e mwen debake Texas, mwen trouve-m nan yon vil kote blan ak nwa sete chen manje chen. 15 janvye lane 1959 twa semen apre mwen kite vil Houston, Texas-la, e mwen ateri nan vil La Havanne peyi Kiba kote Fidel Castro te fèk pran pouvwa-an pwemye janvye lane 1959.

Lè mwen rive vil La Havanne sete yon pakèt esperyans nan vi-mwen kon yon jenn gason. Si ou pat gen bab ou te vle gen youn. Barbudos Fidel-yo te pran peyi-a pou yo. Vil La Havann-la mwen te viv ladan-li lane 1952 rive pou lanne 1954 tap diparèt douvan je-mwen lane 1959 ak yon lot voye moute pèp kiben pat janm wè. Pwosekisyon kriminèl lagè ak fiziyad enfoman ki te rele “chivatos”, sete tout tan. Maximo lidè Fidel Castro te nan television tou le swa ak pèp la ki tap koute-li wololoy.

Fidel te pale 6 a 8 èd tan tèt kale ak inifom rebèl vèt-la sou li. Revolisyonè tout pwèl debake Kiba. Se listwa ki tap fèt e mwen te kontan pou-m te viv-li yon privilèj anpil moun pa janm genyen. Sa te fè-m sonje revolisyon pèp franse-an lane 1787 kote yo te koupe tèt la rènn Marie Antoinette sou giyotin-la. Efori fè mikala-w ak chak kok ki tap file zepron-li, ak bèl medam-yo ki tap voye monte. Se yon epok mwen pa fouti bliye.

Sepandan, apa yon nèg kon Fidel Castro ak de zou twa lot gwo gason sou latè revolisyon pa fèt pou tout moun. La vi gen pou li kontinye ak chak eleman ki pou deside sa li vle fè ak tèt-li. Komansman mwa avril lane 1958 mwen te bouke ak tout “oye chico!” peyi kiba epi tout chire pit sosyalis, kominis, ak kapitalis, e mwen retounen vil Miami pou-m rantre vil potoprens. Mwen te gen yon madanm ak yon pitit vil potoprens e mwen te konsidere sete devwa-m pou-m te ale jwenn yo. Mwen tande prezidan Aristide te deklare “yon bon revlisyonè pa fèt pou li gen atashman ak fanmi.” Si se vre li di sa, mwen pa wè poukisa li janm marie.

Vil potoprens mwen te kite mwa janvye lanne 1959, lè mwen retounen mwa avril lane 1959 anyen pat chanje. Sete menm deblozay politik-la ak makout ki te sèl otorite nan peyi-an . De twa touris komanse debake ak nat klib ki tap louvri pot-yo. Nat Klib ki te pli poulè-an sete Kazino Intènasyonal-la kote tou le swa te gen jwèt kat, woulèt, danse e de bèl spektak.

Mèkredi 3 jwen lane 1959 mwen te ak yon jenn dam merikenn ki te peye a lavans depi yon vil leta Ohio, ajans Magic Island Tours-la nan potoprens, pou li te soti kon yon touris lan nuit. Ajans la sete pou sè mwen, e se mwen ki te asistan manajè. Mwen ale shashe jenn dam-la lotel Ibo Lele e mwen mennen-l nan Kazino Entènasyonal-la sou bisantnè.

Mezanmi, apre mwen pat al danse yon konpa dirèk oshan pou Papa Doc avèk dam-la, 2 bot sire ak yon makout arête-m, yo brote-m Fow Dimansh. Mesye, mwen te kwè la vi-m te kaba. Pandan inèd tant yo di-m se konplo mwen tap fè kont gouvènman-an e yo kraze-m ak koko makak. Moso anko mwen te fè wout pou peyi san chapo. Sa fè yon 50 lane sa pase.

Apre makout yo mennen-m tribinal ak jij-la ki deklare mwen te koupab yo brote-m penitansye nasyonal e si se pat koneksyon-m menm jan ak Nesly Numa anba Aristide, fwè Valérie Numa nan Radio 2000, mwen te chire. Makout yo te blije lage-m. Yon semenn apre yon bonb sote nan menm kazino yo te arête-m la ak 17 moun ki fè wout pou peyi san chapo e makout yo di sete twa fwè Fonbren yo ki te fè mete bonb-la. Nou te blije kouri pran refij nan anbasad peyi Mexik jou fèt mwen 15 jwen lane 1959. Mwen tande se Papa Doc ki te fè mete bonb la pou li te gen yon eskiz pou pran bot nou tout.

Nou kite peyi d-Ayiti 16 juiye lanne 1959. Nou pase peyi Kiba kote revolisyon Fidel Castro-an resevwa nou wololoy. Apre kèk semen nou fè wout pou peyi Mexik.

Ciudad de Mexico, Distrito Federal, te yon bon vil pou moun te viv lane 1959. Potko gen pwoblèm polusyon ak 8 peso pou yon dola meriken. Nan Plaza Garibladi, Paseo de la Reforma, pou yon dola flannè te ka koute yon okès Mariachi ak 23 muzisyen pou yon grenn dola US. Paseo de la Reforma-an sete yon plas piblik kon chand mas nan mitan vil-la ak apatman-nou ki te tou pre. Mwen te youn de etranje lè sa-a ki te gen pèmi Distrito Federal pou-m te ka travay.

Nan kapital Mexik-la lè sa-a te gen 2 ti-group ayisyen. Youn sete exile politik yo kon doktè Gaston Jumelle, ti-Loulou Déjoie, Marel, Alix, ak Kal Fonbren. Lot group-la sete etidyan inèvisite Duvalier te bay bous e ki te patizan rejim kraze zo Duvalier-an. De ladan-yo sete zanmim Sèj Magloire ak ti-Cons Philippeaux. Sou Jean-Claude Duvalier ti-Cons jwenn job sousekretè deta. 2 group sa-yo, duvalieristes ak anti-Duvalier peyi Mexik nou te antand nou byen e nou te fè yon diplomasy ping-pong prezidan Nixon ta parèt avèk-li ak peyi Lachin 10 lane apre.

Apre 6 mwa peyi Mexik ape kale wès, pat gen travay, mwen kite-li e mwen rive anko nan vil New York fen Desanm lane 1959. Fwa sa- pat genyen Ayiti cheri anko e mwen ta rete nan vil New York yon bon 20 lanne rive Desanm 1979. Depi yon 30 lane se vil Miami mwen viv. Fraz kreyol ayisyen-an ki pli populè bo isit ak blan, nwa, panyol e la triye se “Sak pase” ak “Nap boule.” Se yon prèv akseptans lang ayisyenn-lan nan Miami. Sa pat toujou konsa. Lontan, menm ayisyen yo pat rekonnèt kilti-yo, jis lè yon ti ayisien vil Miami suiside tèt-li lè menaj merikenn li aprand, se ayisyen li te ye. Li tap kashe sa.

Se la map rete pou jodi-an. Na pale denmen si Granmèt-la vle.

Kal Fonbwen

Pages