Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Yon mwa pou selebre lang ak kilti kreyòl la nan peyi Dayiti

Yon mwa pou selebre lang ak kilti kreyòl la nan peyi Dayiti

Prezidan konsèy administrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an Pauris Jean Baptiste ki te genyen avèk li sekretè egzekitif AKA, Louna Gougue epi Pierre André Pierre nan kad lendi laprès nan ministè kilti ak kominikasyon lanse jounen lendi 1e oktòb 2018 la mwa lang ak kilti kreyòl nan peyi a nan okazyon selebrasyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl 28 oktòb kap vini an.

« Tankou tout lang, kreyòl la gen règ li, an nou respekte yo » se anba tèm sa anpil aktivite pra l dewoule pou make mwa selebrasyon sa.
Tèm sila chwazi yon mannyè pou akademi an raple tout popilasyon an, lang kreyòl la se lang ofisyèl peyi a ki dwe prezan nan tout aktivite nasyonal nan sosyete a, daprè sa prezidan konsèy la deklare.

Akademisyen yo prezante yon pakèt aktivite ki pra l òganize nan pòtoprens, vil pwovens ak anpil kote nan dyaspora pou make selebrasyon sa, tankou : seremoni ofisyèl mwa lang ak kilti kreyòl la nan sine triyonf 5 oktòb, konferans deba, jounen sansibilizasyon ak tou yon espesyal madi kreyòl nan lekòl yo ki pral reyalize pandan 4 madi anba lobedyans direksyon nasyonal liv (DNL).

Akademisyen yo pale nan lide pou tout sosyete a travay pou respè ak prensip lang kreyòl la, pou sa yo envite tout sektè nan lavi nasyonal la, tout enstitisyon yo pou pote kole nan travay sa.

Yon lòt kote, prezidan konsèy administrasyon Akademi an anonse yon chita pale ki pra l tanmen ak primati nan lide pou bay bon jan fòmasyon ak anplwaye ki nan sektè piblik la, yon mannyè pou rezoud pwoblèm lang lan nan enstitisyon leta yo.
Pauris Jean Baptiste anonse tou yo tanmen kèk seyans travay ak ministè edikasyon nasyonal pou pèmèt tout lekòl nan peyi a travay sou lang kreyòl la.

Selebrasyon sila tou se pra l okazyon pou Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) onore memwa Maurice Sixto ki te yon pwomotè ak defansè lang nasyonal la pou travay li te fè nan bay lang kreyòl la bon jan jarèt. Nan fason sa, yon semèn aktivite ap òganize soti 23 pou rive 27 oktòb nan Gonayiv kote seremoni kloti mwa lang ak kilti kreyòl la pra l reyalize.

Francky Belfort

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.