Accueil

Yon òdonans an kreyòl nan Lakou d Apèl Okay: Yon egzanp istorik ki merite suiv

Michel DeGraff
Yon òdonans an kreyòl nan Lakou d Apèl Okay: Yon egzanp istorik ki merite suiv

Pwofesè Lengwistik Massachusetts Institute of Technology (MIT)
Direktè Inisyativ MIT-Ayiti
Akademisyen,  Akademi Kreyòl Ayisyen

Èske leta ayisyen  vreman serye nan selebrasyon Mwa Kreyòl la lè pifò enstitisyon leta yo ap plede vyole dwa fondamantal kreyolofòn yo chak jou chak mwa chak ane Bondye mete? Pou respè dwa moun ann Ayiti, Konstitisyon 1987 la mande pou leta sèvi ak tou lè 2 lang ofisyèl yo (kreyòl ak franse). E poutan, lè n gade sit entènèt pifò enstitisyon leta yo, se franse k ap taye banda. Kon sa, moun ki pale kreyòl sèlman pa fouti jwenn bon jan sèvis ak jistis nan men leta malatchong sa a. 

Egzanp:

Atik sa a pote yon bon nouvèl konsènan yon dokiman istorik ki soti depi ane pase (2017). Dokiman sa a dwe ban nou anpil lespwa pou Ayiti nou vle a kote n ap gen pou n selebre lang kreyòl la an pèmanans kòm sa dwa. Fòk sa rive fèt paske Ayiti se yon peyi kote se kreyòl pifò moun pale tou lè jou tou patou. Pou pifò Ayisyen ann Ayiti, pa ka gen jistis, pa ka gen edikasyon, pa ka gen devlòpman toutotan sosyete a kenbe atitid mi wo mi ba sa a konsènan lang nasyonal nou an. Wi, sèl lang ki rele tout Ayisyen chè mèt chè metrès se lang kreyòl la.  Se sèl lang kreyòl la ki ka rasanble nou tout kòm nasyon. Epi tou, se li ki ka bay tout pitit peyi a bon jan jèvrin pou yo reyisi nan lekòl e nan lavi. Vreman vre, se lang kreyòl la ki se fondasyon konesans ak libète pou yon bèl Ayiti. An n pa tann sèlman oktòb rive pou n selebre l.

Men bon nouvèl la:

Nan dat 26 jiyè 2017, Lakou d Apèl Okay soti yon òdonans sou yon konfli tè nan vil Kenskòf. Se twa jij ki siyen dokiman sa a: Max Elibert (kòm prezidan), Dorval Belabe ak André Jean-Julien (kòm manm). Mwen kalifye òdonans lan kòm “istorik” paske se premye fwa yon tribinal soti yon òdonans an kreyòl. Sa rive fèt 30 an apre Konstitisyon 1987 la te mande pou kreyòl ak franse sèvi kòm lang ofisyèl.  Sa rive fèt 20 an apre Pwofesè Lengwis Yves Dejean te ekri yon lèt voye bay Minis Max Antoine (Ministè Jistis) sou “wòl lang kreyòl la nan travay lajistis”. Lè sa a, Pwòf Dejean t ap dirije Biwo Lang Kreyòl nan Sekretarya d Eta pou Alfabetizasyon. Pwòf Dejean te fè Minis la sonje yon verite fondamantal ann Ayiti: “ni moun y ap jije, ni temwen, ni fanmi, zami ak vwazinaj ki vin asiste jijman, se moun ki pale kreyòl sèlman e ki pa konprann franse.” Men, se 20 an apre lèt Dejean an ke n rive jwenn yon premye suivi konkrè nan dosye fondamantal sa a.

N ap jwenn yon kopi òdonans  Lakou d Apèl Okay la sou paj Facebook mwen:

https://www.facebook.com/michel.degraff/posts/10156787378143872

Se Antonal Mortime nan Kolektif Défenseurs Plus ki pataje òdonans sa a avè m. Nan yon nòt pou laprès nan dat 20 novanm 2017, Défenseurs Plus te felisite Kou d Apèl Okay la:

https://www.facebook.com/permalink.php?story_fbid=510613699312479&id=100010915596970

Fòk nou sonje se depi 1987 Konstitisyon an (Atik 5) deklare ke nou gen 2 lang ofisyèl (kreyòl ak franse) epi se lang kreyòl la ki makonnen tout Ayisyen ansanm. Mete sou sa, Atik 40 lan mande enstitisyon leta yo pou yo pibliye tout koze ofisyèl an franse ak kreyòl paske se dwa popilasyon an pou yo konprann sa k ap pase nan peyi yo. Malerezman, pifò enstitisyon leta yo (ata “Office pour la Protection du Citoyen d’Haïti: https://www.facebook.com/OPCHaiti/ !) toujou derefize respekte Manman Lwa peyi a. Sa se vyolasyon dwa moun lè leta ap pibliye dokiman enpòtan an franse sèlman (yon lang majorite popilasyon an pa konprann)

Nòt laprès Défenseurs Plus la ka ede n analize angajman Jij Max Elibert sou kesyon lang kreyòl la kòm fondasyon jistis ann Ayiti:

“Òdonans sila a ... temwaye volonte Jij nan Lakou d Apèl Okay la genyen pou kontribye nan bay lang ak kilti kreyòl la jarèt ... Lang kreyòl la se lang tout popilasyon an pale.... Nan fonksyonnman tribinal yo, kreyòl dwe itilize pou tout jistisyab yo konprann sa k ap di ki konsène yo. Jan tout moun konnen li, pa bò isit, franse se lang ki itilize pou tradui karaktè ofisyèl yon sitiyasyon. Nan sans sa a, nou pa ka konte konbyen jijman ki fèt nan lang franse, alòs ke moun ki konsène yo pa konprann anyen nan sa k ap di a. Kon sa, prensipal konsène yo konn nan sal odyans la san yo pa konprann kouman seyans lan ap dewoule epi ki desizyon k ap pran pa rapò ak yo menm. ... Nou menm nan Kolektif «Défenseurs Plus», òganizasyon k ap defann epi fè pwomosyon dwa moun, nou fè nòt sa a soti pou n felisite inisyativ Lakou d Apèl Okay la epi n ap ankouraje lòt jij, avoka, e latriye… pou yo kontinye sèvi ak lang kreyòl la nan tout aktivite ofisyèl y ap mennen nan peyi a. Kon sa, l ap itil nan pwomosyon lang kreyòl la ki se yon eleman kle nan idantite nou kòm pèp.” (20 novanm 2017, Antonal Mortime, Ko-direktè, Défenseurs Plus.)

Gen yon lòt dokiman ki enpòtan nan dosye sa a: yon lèt Jij Max Elibert voye bay Défenseurs Plus, nan dat 30 oktòb 2017, pou l esplike pou ki sa li ekri òdonans lan an kreyòl. Lèt sa a, ki sou paj Facebook mwen tou, ka ede n demistifye selebrasyon malatchong "Mwa Kreyòl" sa a. Lè nou byen analize lèt Majistra a ansanm ak nòt “Défenseurs Plus” la, sa vin klè kou dlo kokoye pou ki sa, kit se ann oktòb ("Mwa Kreyòl") kit se nenpòt ki lè nan ane a, pa ka gen jistis nan peyi sa a   toutotan enstitisyon peyi a kontinye derefize sèvi ak lang kreyòl la pou l bay sitwayen yo sèvis. An n li yon ti mòso nan lèt Jij la konsènan desizyon Lakou d Apèl Okay la ki, selon Défenseurs Plus, se sèl tribinal ki rive soti yon jijman an kreyòl:

“... Se nan dat 26 jiyè 2017 jijman sa a soti. Se kontribisyon pa nou, nan Lakou d Apèl Okay, nan pwomosyon lang kreyòl nou an. Nou ta renmen sa sèvi koz kreyòl la. ... Siyati: Max ELIBERT”

Jij la te dwe di tou ke Kou d Apèl Okay la se sèl tribinal ki rive respekte sa Konstitisyon an mande konsènan lang ofisyèl peyi a ak dwa moun ann Ayiti.

Mwen tou, m espere atik sa a ava sèvi koz kreyòl la ansanm ak koz dwa moun ak respè lwa ann Ayiti. Se yon obligasyon pou leta sèvi ak lang kreyòl la pou respè dwa moun epi pou edikasyon ak devlòpman kòm sa dwa pou Ayiti nou vle a. Vreman vre, se lang kreyòl la ki dwe sèvi kòm fondasyon konesans, libète ak jistis pou n devlope Ayiti tout bon vre.

 

 

 

Pages