Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Drapo peyi a tèt anba: Ministè touris soti yon nòt pou pote eskiz

DIMITRY Charles ("Juno 7")
Drapo peyi a tèt anba: Ministè touris soti yon nòt pou pote eskiz

Yè foto drapo bikolò ayisyen an ki plase tèt anba anndan ministè touris sisite anpil kòmantè lakay entènot yo ki voye anpil pawòl piman bouk bay dirijan yo ke yo estime ki tèt anba, ki mete peyi a tèt anba se rezon daprè yo ki fè yo mete drapo a tèt anba.

Ministè touris pa t pèdi tan pou soti yon mesaj sou paj Facebook li epi fè konnen se yon erè aksidantèl bò kote òganizatè yo ki fè drapo a te tèt anba

“Ministè touris eskize l bò kote piblik la pou etè aksidantèl òganizatè yo nan jan yo dispoze bikolò nasyonal la pandan kozri ki t ap fèt sou pèspektiv pou relanse touris apre Kovid 19”.

N ap note pou ou kozri sa te fèt an prezans minis touris lan ki se Myriam Jean, minis anviwònman an ki se Abner Septembre, sekretè Deta kominikasyon an ki se Frantz Exantus ak plizyè lòt kad anndan ministè a. Kote kozri sa te baze sou pwojeksyon aktè yo a kou, mwayen epi lon tèm pou touris ayisyen an. Se te okazyon pou yo, pou yo te prezante yon plan relans pou touris lan ki baze sou 7 pilye.

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages