Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL
Not pou lapres

Eleksyon pa ka fèt ak Jovenel Moïse sou pouvwa, dapre Pati Fuzyon Sosyo-Demokrat Ayisyen

By Rezo Nodwes
Eleksyon pa ka fèt ak Jovenel Moïse sou pouvwa, dapre Pati Fuzyon Sosyo-Demokrat Ayisyen

Pati Fuzyon Sosyo-Demokrat Ayisyen (FUZYON/PFSDH) twouve dwòl pou yon kad sipreyè nan Depatman  Deta  Ameriken  ki  supoze  byen  enfòme,  fè  kalte  deklarasyon  kap  sikile  sou  rezo  sosyo  yo.

Aprèl fin di sityasyon an Ayiti a sanble tèt koupe ak sa kap pase nan peyi Guyana kote li pa ka di gen yon gouvènman demokratik, si gouvènman an rete sou pouvwa aprè mandal fini e sil deside ap gouvène pa dekrè.  Sa ta sanble yon denonsyasyon klè sa prezidan dayiti a ap fè.

Eske se pou kad siperyè depatman Deta a fè ekilib li chwazi reprann langaj Jovenel Moise la poul menase pati politik ak òganizasyon sosyete sivil la ki pa vle pote kole nan bay gouvènman sa a kat blanch pou òganize elèksyon ? 

Eske se paske Jovenel Moise apiye san gade dèyè tout sa Ameriken vle e vote kont Venezuela nan OEA ou byen an favè kandida Etazini pou dirije BID ? Anplwaye Depatman Deta a fè kòm sil pa konprann sa konstitisyon peyi Dayiti a di.

Kad  siperyè  Depatman  Deta  a  dil  bouke  ak  pati  politik  ayisyen  yo  men  li  pa  bouke  ak  yon prezidan ki te gen poul fè 7 elèksyon e ki pa fè yonn nan yo, li pa bouke ak yon prezidan ki ranje kòl poul kraze enstitisyon demokratik yo, li pa bouke ak yon prezidan ki di piblikman janl kontan pa gen palman poul ka fè sal pito e gouvène pa dekrè, li pa bouke ak yon pouvwa kap pwoteje tout kòronpi ki vòlè lajan Petrokaribe a, li pa bouke ak yon administrasyon kap sitire gang ki fin pran kontwòl yon pakèt kote nan kapital la ak nan rès peyi a, li pa bouke ak yon gouvènman ki ap bat elèv lekòl kap mande pwofesè nan klas yo,  ki retire libète ekspresyon pou tout moun kap eseye manifeste pou revandike dwa yo, alòske nèg ak gwo zam fann fwa gen dwa pou sikile jan yo vle, masakre moun, boule kay jan yo vle LaSalin, Bèlè elatriye.

Sekretè Deta Mike Pompeo di sa lòt jou pou yon lòt peyi nan zòn lan, li pa posib pou gen okenn eleksyon lib e onèt (free and fair election) ak Jovenel Moise.   Nou pa nan demokrasi depi mwa janvye 2020.   Demokrat  ayisyen yo  vle  pou peyi a retounen  nan fonksyònman  nòmal  enstitisyon  yo.   Se  yon gouvènman tranzisyon sèlman ki ka pèmèt pèp ayisyen retwouve libète li e retounen nan bon demokrasi.

Demokrat ayisyen yo pa fè Jovenel Moise konfyans.  Demokrat ayisyen yo kanpe anfas pouvwa diktatoryal li vle tabli nan peyi a.   Demokrat ayisyen yo espere gouvènman ameriken an pa pataje e pap suiv  pozisyon  anplwayel  la.  

Okontrè  fwa  sa  a  nou  swete  tout  kominote  entènasyonal  la  ap  tande  e akonpaye demokrat  ayisyen yo  ki vle Ayiti redemare sou yon lòt baz pou  pèp la ka sòti nan malsite e avanse nan sans pwogrè.

Pòtoprens, 17 sèktanb 2020

Edmonde SUPPLICE BEAUZILE
Prezidan

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.