Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Ki sa ki Kreyolofoni ?

Ki sa ki Kreyolofoni ?

Nou pa bezwen espesyalis osinon fèt tou save pou nou konprann ki sa ki kreyolofoni. Kreyolofoni pa yon teyori moun fonmen nan liv. Kreyolofoni se yon espas ki gentan la anvan yon moun met sa nan tèt li. Espas sila a rasanble tout sosyete kote moun pale kreyòl.

 

Kreyòl  la se yon lang ki fonmen nan melanj lang afriken yo avèk lang kolon yo nan epòk esklavaj la. Sa vle di, moun ki pale kreyòl yo gen yon istwa ki sanble. Yo tout se te esklav kolon blan pran sot nan divès kote nan lafrik, ki te vin mete sou pye yon nouvo kilti nan peyi kote yo depòte yo a. Kilti sa a kenbe plizyè aspè kiltirèl peyi lafrik kote yo soti yo e li pran tou plizyè aspè kiltirèl nan men kolon yo. Kidonk, Kreyolofoni se yon espas ki rasanble tou anpil bagay moun ki pale kreyòl yo genyen ansanm, nan zafè istwa ak lakilti.
 

Gentan gen moun k ap travay sou koze Kreyolofoni an, enstitisyon sa yo travay sou pati lengwistik espas sila a. Yo chita ansanm pou gade ki sa lang kreyòl yo genyen nan lonbrit yo e nan ki mezi nou ka di yo sanble. Men pa t gen ankenn gwoup entènasyonal ki te travay pou relye tout rejyon kreyolofoni a nan zafè lakilti ak politik. Sa vle di, pa t gen okenn òganizasyon entènasyonal ki t ap travay sou pwogram echanj dokiman ak konpetans tout rejyon kreyolofoni a ansanm.

Nou panse se te yon gwo feblès pou tout rejyon sa yo ki pa t gen pwogram boukantaj djanm ak kote ki sanble yo a. Nou panse sa k enpòtan anpil, e se sa ki objektif nou, se pèmèt boukantay pami rejyon sa yo. Fok nou konprann, nou menm ki ann Ayiti nou pa poukont nou nan kilti kreyòl nou, menm jan ak nou menm ki Kapvè, avèk nou menm ki Babad.
 

Lyen kiltirèl ant divès rejyon sa yo ka kreye yon rezo echanj nan zafè ekonomi ak lakilti. Peyi sa yo ka tabli lyen pou devlope tèt yo ansanm ak defann tèt yo. Sa ka yon bèl avantaj pou rejyon sa yo paske yo konsome sou plan kiltirèl, ke se nan manje, nan rad, avèk nan mizik, anpil materyèl ki menm. Diplis, li ka pèmèt kreye lyen solidarite ant divès rejyon nan karayib la, ak divès rejyon ki nan oseyan endyen an paske nou se menm fanmi an.

Ti Chal

 

Qu'est-ce que la créolophonie ?

 

Nul besoin d’être spécialiste ou d’être né savant pour comprendre ce qu’est la créolophonie. La créolophonie n’est pas une théorie construite dans les écrits. La créolophonie est un espace qui existe avant même qu’on le théorise.

 

Le créole est une langue formée dans le mélange entre les langues africaines et les langues européennes à l’époque de l’esclavage. Cela veut dire que les créolophones font partie d’une histoire qui les rassemble. Puisque ce sont ces esclaves et leurs descendants qui créent une culture qui n’est pas celle de leurs ancêtres. Cet nouvelle culture tient plusieurs aspects des pays d’Afrique d’où ils proviennent et elle intègre aussi des acquis européens. Par conséquent, la créolophonie est un espace qui rassemble aussi les locuteurs créolophones dans les domaines historiques et culturels.

 

De nombreux créolistes travaillent déjà sur ce sujet et collaborent avec des institutions qui se préoccupent de l’aspect linguistique de cet espace. Ces linguistes analysent la structure de ces langues et mesurent leurs similarités. Par contre, aucun groupe ne rallie ces régions  dans le domaine de la politique culturelle. C’est-à-dire qu’il n’y a aucune organisation internationale d’envergure qui se préoccupe de l’échange de compétences et de produits entre les régions créolophones.

 

C’est une faiblesse pour ces régions qui n’ont pas d’échange économique considérable avec leurs sœurs de culture. C’est important et c’est notre objectif de permettre des échanges entre ces régions. Nous ne sommes pas seuls en Haïti dans notre culture créole puisque cela nous rapproche de la Barbade et même du Cap-Vert.

 

Cette culture que nous partageons permet de créer un réseau d’échange de produits culturels entre ces régions. Plus loin, ces pays peuvent aussi créer des liens pour se développer et se défendre ensemble. Cela peut être un bel avantage pour ces régions qui consomment dans le vestimentaire, dans la cuisine et dans la musique des matériaux proches. De plus, cela peut créer des liens de solidarité entre les pays de la Caraïbe et de l’Océan indien.
 

Fabian Charles

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.