Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Lyonel Trouillot, Prezidan donè Twazyèm edisyon “Festival entènasyonal literati kreyòl”

Esperancia Jean-Noël ("Journal Ayiti Tanbou")
Lyonel Trouillot, Prezidan donè Twazyèm edisyon “Festival entènasyonal literati kreyòl”

“ Literati nan konstriksyon moun”, se anba tèm sa a 3èm edisyon festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) la ap dewoule ane sa a sòti premye pou rive 5 Desanm 2021.

Aktivite sa ap fèt nan plizyè vil nan peyi Dayiti, tankou nan Pòtoprens, Senmak ak leyogàn. Inivèsite, lekòl, bibliyotèk , sant kiltirèl se nan divès kote 3em edisyon festival sa a ap tabli.

Paj Fesbouk ak chèn youtoub FEL la ak patnè li yo ap transmèt li sou rezo sosyal yo.
Aktivite sila a fèt nan lide pou ankouraje plis moun ekri nan lang manman ak papa yo ki se kreyòl, bay kreyolofoni an jarèt, fasilite deba ak echanj nan mitan pèp ki pale kreyòl yo, kreye kote pou otè ak lektè yo diskite, pou nou site sa yo sèlman.

Pou 3èm edisyon festival entènasyonal literati kreyòl la, se womansye Lyonel Trouillot ki ap a lonè epi Ena Eluther ki sòti nan peyi Gwadloup, kòm envite espesyal. Li se yon pwofese sètifye nan lang kreyol la a. Ap genyen tou Jude Duranty pou peyi Matinik ki pibliye plizyè liv sou lang epi nan lang kreyòl la.

Pou edisyon sa a, ekip FEL la ap prezante moun kap vini nan aktivite sa plizyè bagay pou pèmèt yo byen viv moman. Ap gen konferans, Kozri, ekspozisyon epi liv yap vann. Yap bay 5 moun kap evolye nan mond kreyolofòn lan omaj nan yon sware yo rele “Sware Senk Solèy”. Yo se Emile Celestin Megie, Ayiti, Hector Poullet ki soti nan peyi Gwadloup, Danielle de Saint-Jore pou Séchel, Jean Bernabé, Matinik epi Robert Chaudeson pou peyi Lareyinyon. Ap genyen tou espektak teyat, pwezi pou nou site sa yo sèlman.

Nap souliyen se depi nan lane 2019 nan mwa desanm , Jean Baptiste Anivince nan tèt kole ak « Fondation Maurice Sixto » epi « C3 éditions » te lanse premye Festival Entènasyonal Literati Kreyòl nan Karayib la pou bay kreyòl la plis valè.

Esperancia JEAN NOEL

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages