Accueil

Nan ki lang pou n ekri ?

Fabian CHARLES
Nan ki lang pou n ekri ?

Nan ki lang pou n ekri ? Jodi an, apre listwa kolonyal sa a. Ki jan pou nou pale de tèt nou, ki mo pou n jwenn ki pou dekri sa n ap viv lan ? Sa fè lontan, n ap poze tèt nou kesyon sa a, e nou poko jwenn repons. Eske se nan idantite n pou n jwenn li ? Oubyen pa gen repons menm. Eske se nan retire tout sa k sot nan kolonizasyon an n ap rejwenn tèt nou oubyen se nan adapte nou ak sa k rete an. Kesyon an pa fasil pou reponn. Si tèlman nou gen difikilte pou n enpoze tèt nou, nan monn lan, jounen jodi an. Eske nou gen dwa pou nou pale ? Eske si n pale sa ap gen enpòtans pou l genyen an ? Petèt se ekriven yo ki pou ta pale pou nou. Men ki jan y ap fè pale pou nou nan lang kolon an ?

Men eske nou gen lang ? Ta sanble nou pa menm ta vle kwè sa. Nou rete kwè, nou pa gen kapasite pou n leve tèt nou. Nou pa gen kapasite pou n rive lwen ak sa nou ye. Sa vin fè, nou pa menm kwè nou gen lang pa nou. Eske pèp nwa yo, ka gen lang, ki kanpe kin menm jan ak lang blan yo ? Kiyès, ki diskou, ki kontinye ap kenbe n nan sitirans sila a ? Ki kritik nou ka pòte kont dominasyon sa a, nan lasyans ak nan literati ? Eske lè n ap fè kritik sa a, n ap fè kritik yon klas sosyal ? Si n rive pi lwen, nou gen dwa konprann, se pa lang lan n ap chache, men se nou menm. Sa n ap gade, kòm filozòf, se pa lang lan, ki pa gen chè, men se moun ki pale l yo. Kidonk, lang lan gen yon enpòtans senbolik, paske l reprezante jan moun yo wè tèt yo.

Pi fò moun yo rete kwè, lang nou an, pa ka twoke kòn ak lang blan an. Komkidirè, lang nou an ta enferyè pase pa blan an. Kidonk, lespri nou tou, ta gen mwens richès pase pa blan yo. Tout sa se radòt. Pa gen lang ki siperyè pase yon lòt. Tout lang se lang, menm jan tout moun se moun. Lasyans la a, pou dechouke tout pawòl anlè sa yo. Kidonk, lè n ap fè kritik pawòl kolon an, n ap fè kritik tou, pawòl li an pa lasyans. Nou gen yon vye tandans, pou nou repran pawòl kolon an, pou nou fè l tounen pawòl levanjil pou nou menm. Epoutan, nanpwen pawòl ki levanjil. Tout pwoblèm dekolonizasyon an, vin chita sou ki jan nou ka dekonplekse ? Ki jan nou ka rive kwè nan sa k pou nou ?

Menm lè an, pi fò moun yo mande pou politik lan fèt nan lang pa yo. Sa vle di, pou politisyen pran pouvwa li pi bon si l konn pale lang pèp li. Vin gen yon separasyon ki fèt depi lang politisyen yo vin dekonekte de langaj save yo. Eske lang lari an jodi an ka sèvi pou fè anmenm tan lasyans ak politik ? Eske moun k ap fè lasyans yo, oubyen moun k ap fè literati yo ka gen yon enfliyans nan politik jodi an ? Ki fè, plis pase yon senp kesyon lang, sa n ap mande tèt nou, se pwoblèm angajman ekriven an. Pou ekriven an angaje l, nan monn n ap viv lan, li dwe fè tou yon chwa nan lang l ap ekri ladan l. Se swa l deside pou l ekri pou lelit lan, oswa l ekri pou pèp lan.

E menm la a toujou, nou poko ap fini ak pwoblèm lan. Paske ekriven an gen lòt pwoblèm k ap trakase l. Li gen dwa ekri nan lang pèp la, san l pa jwenn lektè. Ki jan pou l rive jwenn lektè ? Zafè angajman kay ekriven an, depann de yon premye kesyon santral, ki se : pou kiyès n ap ekri ? Lè sa a, ekriven an gen dwa deside pran yon pozisyon politik oubyen l pa pran l. Angajman sa a, pa rete sèlman nan tèks lan, men nou jwenn li tou nan zak ekriven an. Sa vle di, ekriven rantre tout kò l ak nanm li nan angajman sila a. Men, pwoblèm nou se ki jan sa posib jodi an, lè langaj politik lan vin separe de langaj ekriven yo ? Eske nou jwenn bout solisyon an nèt, avèk afè chwa lang sa a ?

Pi devan, nou ka fè yon kritik de chwa literè yon seri ekriven pran, ki pèmèt yo retire tèt yo nan angajman an. Sa vle di, diskou yo an sèvi kòm pretèks, pou yo pa rantre nan zafè politik. Men si pa gen moun ki pou panse nan zafè politik, kiyès k ap panse pou nou ? Lè kon sa, nou gen de entelektyèl ki plis nan sèvis sistèm kolonyal lan, pase nan sèvis pèp yo. Eske ekriven yo bliye misyon yo ? Oubyen eske se pa nou menm, ki mande twòp de ekriven yo ? Antouka, wè pa wè, n ap dekri pwosesis alyenasyon kreyolofòn yo, ak ekriven sa yo ki sanse reprezante yo an. Ki jan gen konplèks kolonyal nou ka jwenn toujou lakay ekriven sa yo. N ap pòte yon diskou kritik, pou montre ki manti ki genyen nan chwa literè ekriven yo pran.

 

Fabian Charles

Pages