Pwojè a
Nouvèl Jenerasyon powèt kreyòl ayisyen se yon pwojè ke Société Paroles mete sou pye pou pèmèt piblik la dekouvri jèn powèt ayisyen yo ki ekri an kreyòl ak plizyè lòt talan ki janm jwenn chans pibliye.
Pwojè sa a ap chache kolaborasyon tout moun ak asosyasyon ki kwè nan pwomosyon lang ak literati kreyòl menm jan ak tout lòt lang ak literati.
Objektif
Nou vle reyini yon trantèn jèn ekriven, fi kou gason nan yon liv pwezi kreyòl.
Kondisyon
- Ekriven ayisyen (fèt ann Ayiti oubyen pitit Ayisyen)
- Ou poko janm pibliye yon liv pwezi kreyòl (oubyen pa plis ke yon liv)
- Nou resevwa tèks yo (pou pi plis 4 tèks) nan dat limit 25 jiyè pa email (kourye elektwonik) oubyen pa lapòs
- Ou voye tèks yo avèk yon prezantasyon sou ou (pou pi plis 5 liy)
Lòt kondisyon
Tout moun dakò sou prensip ke pou nou fè yon travay ki gen nen nan figi l fòk genyen kritè seleksyon tèks yo. Gen yon komite ki gen pou misyon ekzamine tèks patisipan yo. Nou konprann ap gen yon seleksyon avèk tout kritè nou ap bay, tankou kalite osnon valè literè nap chèche anndan yon tèks.
Paske nou vle fè pwomosyon nouvèl jenerasyon powèt ayisyen yo, laj kapab yon kritè tou. Men li p ap yon kritè pou elimine pèsòn.
Société Paroles se yon asosyasyon ki anrejistre nan pwovens Québec. Li p ap chache fè pwofi nan kad aktivite li ak misyon li. Se plizyè atis (ekriven, mizisyen, aktè, chantè, pent, sineyas) k ap viv nan Montreal ki mete asosyasyon an sou pye.
Société Paroles bay tèt li twa manda :
- Tounen pòt vwa pou anpil atis ki gen difikilte pou fè tande yo
- Pwopaje zèv manm li yo toupatou
- Sèvi ak kilti pou raproche moun pou lavi ka pi bèl
Adrès Société Paroles
PO Box 25251
Succursale Rivière-des-Prairies
Montreal, Quebec, Canada
H1E 7P9
societeparoles@yahoo.ca
|