Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

PÈSON PA ÉTÈNEL, PÈSON PA ENDISPANSAB !

pa Kal Fonbwen
PÈSON PA ÉTÈNEL, PÈSON PA ENDISPANSAB !

{ {{Avec humour et raison, du haut de ses 75 ans, l’ami Carl Fombrun nous donne une intelligente leçon de sérénité créole devant la vie, et face à l’incontournable égalisateur - l’après…

Au milieu des polémiques, des prétentieuses arrogances qui empoisonnent nos milieux, des autoritarismes mesquins qui nous assaillent petitement, cette fraîcheur péyi est un émerveillement.

A lire à haute voix pour bien savourer la verve de la langue, et cet amour d’Ayiti, de la Vie !}} }

{{ {J.S. S.} }}

{{Pi bèl kado nou ka fè yon lot moun, se kado tèt nou.}}

Anpil ladan-nou mande-m pou-m pale avè nou sou la vi-m depi lè-m te ti katkat nan peyi d-Ayiti. Alos kom mwen janbe yon lot lane pi pre Granmèt la map ban nou yon ti apèsu tou piti sou mwen depi-m soti nan vant manman-m. Li bon pafwa pou nèg konnen kote yo sòti, kote yo-ye, e kote yo pwale. Men sa, Anatole France, yon gwo chabrak intelektyel peyi LaFrans te deklare: “ On reproche aux gens de parler d’eux-mêmes c’est pourtant le sujet qu’ils traitent le mieux.”

Sa ki vle di: Yo reproshe moun yo pale de tèt-yo twop, men se koze sa-a yo konnen plis. Alos mape voye moute sou sa-m konnen plis. Si Letènel ta deside pou resevwa-m nan peyi san chapo mwen tou pare pou-m bay la ri-a blansh. Anyen pa deranje. Pèson pa etènel. Pèson pa endispansab, nou tout se pousyè, nou tout se pase nap pase apre yon moso tan sou boul ron sa-a nou rele latè . Yo di ayisyen pè mouri, men mwen menm Kal, mwen pa gen entansyon mize pou gran mesi bo isit pou bay pijon san gadò pitimi nan pak piblik, a mwens mwen kontinwye remèt kichoy sou planèt-la.

Onè-respè. Mwen se yon loray kale ki fèt vil Potoprens peyi d-Ayiti 15 zyèm jou mwa jwen lanne 1932. Sa fè-m 75 lanne byen sonnen nan boukan la vi sa-a. Se pa fanm mwen ye mwen pa nan kashe laj mwen e gen anpil moun ki pap gen chans wè gwo nimero sa-a mwen gen sou tèt mwen. Pou-m pale ak chemiz deboutonnen sou vant avè-nou, yon sèl grenn voye pye nan planet mizè sa-a kont pou mwen, e mwen pa ta vle retounen nan pigatwa latè-an nan menm kondisyon yo. Malgre tout plezi mwen konnen nou konnen, mwen pa ta vle jenn gason anko epi ape voye moute san refleshi kon kèk toro nan yon savann ak plen vash men ak raje epi zepina tou patou.

Mwen fèt nan yon kay an bwa nan men yon fanm saj ki te rele Kamen, ki te yon fanmi-mwen, (fanmi pwofesè Jera Ferè tou) e ki te fè trèz koush anvan sa pou manman-m. Ti moun pat fèt lopital lè sa-a. Kamen sete desandant Jan Batis Shavan, yon afranshi nwè, nout tout konnen mouri ak Vensan Oje yon milat, pou libète tout afranshi-yo, nwè ak milat. Tou pa-m sete yon aksidan ak pov manman-mwen ki vreman tape rele Abraham set ase ak deja 11 ti- kretien vivan e mwen vin parèt ak yon pwa 13 liv met sou-li. Saj fanm–la, Kamen, se te bon zanmi manman-m e li viv plis de yon san lanne konsa. Li te fè-m yon visit nan Kendall gen yon bout tan e li te djanmb pou laj-li.

Kay an bwa kote-m te fèt-la te nan avni « N » akote Pon Sen Gero bò Chimen dè Dal nan vil Potoprens. Katye sa-a se anpil ti-boujwa, kèk gwo boujwa, ak kèk komèsan arab ki te rete la, menm jan ak katye Sakre Kè, Bwa Vèna, epi Lalu, ki vin an katimini lo boujwa-yo ki tap kouri pou lavalas depi anvan papa doc ak Titid, kouri moute rete nan freshè Boudon, Petionvil, Laboul, Boutiliers, Tomasen, Kenscoff, Fèmath, epi Ladekouvèt. Yo paka ale pli wo. Nan tan pa-m nou te rele kanton sa-yo vilejyatu paske lè sa-a se sèl vakans 2 mwa lete-yo ki te konn wè-nou , ak tout mashokèt nou te brote sou do otomobil.

Mezanmi, wout rosh ak oto ki pat gen fyèl te fè mikala-w. Kay tonton Sam jodi-a kote anpil nan nou kon nouvo imigran ak refijie rete nan Little Haiti, sete kanton blan te rele chè mèt chè metrèss lontan, e jodi-a blan yo bay la ri-a blansh a la rond badè pou ale rete nan Kendall, Boca Raton, Palm Beach, ak la triye . Pwoblem lan, menm jan ak peyi d-Ayiti ki gen limit-li ak mòn, leta la Florid gen limit-li ak lanmè, apre yon tan pèson paka kashe lonbrit ankò, e nou tout youn sou lot kon pijon nan ti bwèt kaloj. Mete sou-li limanite pa vle rete fè pitit ak plis de 6 bilyon moun sou yon planèt ki prêt pou pete. Nan yon lot 12 lane popilasyon la ras imen-lan prale double ak 12 bilion moun. Alos nou konprann poukisa mwen pare pou ale pran lè fre ak Granmèt-la.

Lanmou se bèl bagay se vre, men keksyon grennen pitit ki pa jwenn manje, pou fè le Pap plezi, sa pa pwodiktif. Kounye-an, kay sa-a Potoprens kote-m te fè kont dezod mwen rive 9 rekolt kafe sou tèt mwen,se yon lekol piblik . Rive lanne 1941 prezidan Lesko nonmen papa-m Minis Relasyon Exteryè peyi d-Ayiti e nou ale rete nan yon pli gwo kay sòti nan avni N pou rive avni O bo lotel Splendid-la nan menm katye-an. Mwen viv-la pou yon 6 lane rive lane 1947 lè papa-m ak manman-m brote-m nan yon lekol nan yon ti vil ki rele Woonsocket, nan leta Rhode Island kay tonton Sam. Mwen ta pral gen 15 lanne sou tèt mwen. Dezyèm kay nan avni O-an kote-m te rete-a se yon lot lekol ki rele alekile Sen Franswa D’Asiz. Youn de sè-m ti moso pli gran pase-m ki nan relijion, ap viv epi travay-la depi plis de yon karant lane kon pwofesè epi ekonom, ak twa mil ti-ekolye ayisyen sou kont-li. Se pa ti zafè. Nan kwen la ri-an, lanne 1941, prezidan Estime te gen kay pa-li ak yon bèl otò douvan pot la, moun di li te batize oto li, li-men-m, simtyè pou bèl medam milatrèss yo. Lè sa-a katye-a te dous ak jaden fleri epi trankilite.
Tanzantan te konn gen yon mashand ak yon gwo panye sou tèt-li ki te vin ashte papye-boutèy nan men manman-m ak yon lot mashand ki tap vann pate cho ak bon nannan ladan yo. Te gen yon fanm fol ki te te rele Lusyènn ki te konn cikule nan katye-an e nou menm ti vakabon nou te rele-l “la kwa rouj”. Lè sa-a Lusyènn te fin anraje et te kalonnen-n ak rosh galèt. Mezanmi, se kouri sèl ki pou te sove la vi-nou. Kite-m ban nou kounye-an rasin kare mwen. Papa-m sete yon katron ki te fèt vil Gonayiv. Maman-m sete yon milatrèss ki te fèt vil Miragwan. Tou le de sete ayisyen-ayisyenn natif-natal. Papa-m kon jenn gason 21 lanne sou tèt-li te jwenn yon job, ak benediksyon bondye, kon inspektè lekol-yo e job sa-a yon jou te mennen-li jis vil Miragwan. Se la li kontre maman-m ki kon Anjeliko, jan chante a di te chita kay manman-li, ak diferans, manman-m te konn lave-pase.

Manman-m tou tap ede pwop manman pa li e li tap veye yon ti-fwè li, Jozèf, mon onk mwen, ki yon jou ta vini yon bon doktè. Apa sa manman-m te veye bèf ak vash ki te bay fanmi-li bon lèt pou yo te bwè. Te gen vejetab fwe nan bitasyon-an ak mashand ki te pote sa la nati peyi d-Ayiti te pwodyui. Pat gen anpil kob men la vi-a te pli dous ke jodi-a malgre konpyoutè ak Mesedes Benz ki bay konfò se vre, men mete tout moun sou pinga-yo, sou pye militè-yo, ak yon griyen dan rorot sou yon figu long ki fè moun sonje moun ki abitwye pran sobway vil Nou York. Sa se la verite. Moun pa viv dous menm jan jodi-a kon nan epok sa-yo, kote te gen tout bon la pè nan vant ak la pè nan tèt pou yon gwoup moun. Jis lè manman-m mouri ak 92 lanne sou tèt-li lespri-l te klè kon dlo kokoye. Li ta viv yon san lanne si se pat pou aksidan mashin nan vil Potoprens lè chofè-l al frape yon poto elektrik epi biskèt-li tonbe. Papa manman mwen jan mwen toujou di-nou sete yon nèg nwè , yon gwo doktè la medsin, ki te marie ak yon bèl katronn je ble ak anpil san angle ki tap koule nan venn-li. Li fè twa pitit ak granpapa-m sa-a ki te yon nèg mabyal e ki pat nan griyen dan ak pèson. Petèt li te kon souri lè li tap fè lanmou, men mwen pat moush sou yon mi pou-m ta ka gade.
Granmè angle-m sa-a sete yon lanj nan syèl manman-m te renmen anpil. Li mouri tou jenn e li kite gran papa-m, manman-m ak yon fwè, Jozèf, epi yon sè Masèl ki mouri ak 18 lanne sou tèt-li. Josef li-menm ta ale viv vil potoprens kon doktè. Jozèf mouri ak 87 rekolt kafe.

Manman mwen sete yon bèl milatrèsss byen kanpe, bèl tay, ak bèl cheve nwa. Li te pran nan san, tanperaman papa-li e li pat manje anyen ki te fret non plis . A la rond badè lè li tap elve 11 ti-moun li yo, li tap ekri, resite bèl pwezi, jwe piano, bati kay, ede malere apran li nan zèv sosyal leta ak lakay-li, ede mari-l nan politik.

Yon sèl bagay manman-m pat konnen e te refize apran sete danse. Sa te vreman dwol pou mwen pou-m te gen yon manman ayisyenn ki pat konnen e ki pat vle aprann danse. Kite-m rakonte nou yon istwa sou-sa. Lè Titim, prezidan Estimé peyi d-Ayiti lanne 1947, ale Sèk Potoprensyen kon invite donè papa-mwen ki te prezidan Sèk-la, nan yon gwo sware gala, papa mwen sou tab ofysyel-la louvri bal-la ak madan Dimase Estime, pwemyè dam de la repiblik. Titim chef deta, tou pa-li rive, li mande manman-m danse an nèg ki te gen bon manyè epi pou kenbe protokol-la ak madanm prezidan Sèk Potprensyen-an.

Manman-m gade Titim e li di-li “Prezidan, onè-respè, wa blije eskize-m, men mwen pa janm danse nan vi mwen e se pa konye-a mwen pral aprann.” Mezanmi, swa sa-a menm moustik pat vole nan salon Sèk Potoprensyen-an. Men, se pou mwen di nou, prezidan Estime pat pran sa mal ditou, apa de-twa etènel vakabon ki tap shashe zo nan kalalou e ki fè kouri bwi se paske Estime te nwè, milatrèss la pat danse avè-li. Anplis, met sou-li papa-m ak Titim sete lèt ak sitron nan politik. Sa moun pat konnen, depi lè li te fèt jis lè li mouri, manman-m pa janm danse yon fwa nan vi-li, menm-ak papa-mwen, menm ak prezidan Lesko, menm ap gran dansè sa-a jeneral Maglwa yo te rele Kanson-Fè…

Men, tout onz pitit-li yo danse kont kwò-yo sou la tè pou-li. Papa-m li menm te pli kout pase manman-m, yon katron gonayivyen fino ak de gwo je ble ki te wè fon nan kè moun, e ki te pou lantant ak tout moun. Yo te konn di de misye se te yon wozo ki te konn plye men ki pat janm kase.

Sa jodi-a anpil politisyen manke !

Papa-m te jwe piano e li te konn jwe chante lontan peyi d-Ayiti-yo depi sou Osval Duran kon “Tonton Nò granmoun nan tout kow-li”, “Papa Guede bèl gason,” “Dimase Estime roule-m 2 bò”, “Panama-m tonbe”, ak latriye. Chal Fonbren se yon katron ki te bon blagè tou e mwen kwè se nan blag li vin nan chimen jennen ak Titim, prezidan Estime, ki yon lè te bon zanmi li, men Estime te rèd kon ke makak. Li pat kon ri tèt-li. Papa-m sèvi sou tout gouvènman peyi d-Ayiti koumanse sou Datignav rive nan Divalye li reprezante nan yon misyon pou peyi Lajantin. Apre sa li pran retrèt-li e li mouri ak 72 rekolt kafe sou tèt-li 6 jwiye lanne 1961. Men-m jan ak Alezand Petion anpil moun nan pèp la li te ede, kriye, lè li fè rout pou peyi san chapo. Prezidan Divalye bali fineray nasyonal.
Nan peyi Lashin, shinwa-yo lè yo rale chapo yo douvan yon lot chinwa, olye se onè-respè yo di, yo swete youn-lot yon bon lanmò…

Mezanmi, se la ma-p rete pou jodi-a.

Na pale denmen si Granmèt la vle !

{ {{Kal Fonbren (Carl Fombrun).}} }

{{CARL FOMBRUN SUR LE NET}} [ICI->http://tinyurl.com/yqo3c4]

{{IMAGES :

Gyoké pou gwosi !}}

{{source :}}

[Closing of celebrations for Haitian Cultural Heritage Month - 31 May 2002->http://tinyurl.com/2b2nt3]

The bad conditions in Haiti are evidence of a lack of political unity.

To change this, poet writer Normil Sylvain Jr. who was born in 1900 and died at the age of 29, called for a concerted writing on Haiti by all Haitian poets from the North and South of the country, in order to know and understand their native land better and to show a more selfless love for Haiti. Such verses, in turn, would give the Haitian people a deeper knowledge of each other and greater motives for national pride.

Haitian intellectuals, according to the younger Sylvain, have a sacred trust; for, they along with novelists, painters, and sculptors, interpret Haiti to the world. The images and ideas that they represent will live in the imagination of their thousands of readers and viewers. Haitian art should be pursued, therefore, with great care, for it constitutes for Haiti a source of propaganda, which can not be considered lightly. Literature performs a special mission in that it gives “l’expression infaillible de l’âme d’un people” i.e. “the infaillible expression of the soul of a people”.

Under the title “Ce que nous voulons” i.e. »What we want » Norman Sylvain Jr. underlines upon the function of the young Haitian writers who desire a literature for Haiti. First, Sylvain asserts that young Haitian poets do not desire simply the inclusion of isolated terms or phrases to lend local color or exoticism to their poems; they demand that the poetry of Haiti reflect the sufferings, ambitions, and hopes of the Haitian people. Haitian intellectuals should study the expressions of the illiterate masses and of their children. Sylvain Jr. believes that the special characteristics of folk tales and songs of childhood, the beat of the toms-toms, and the sensual rhythm of the meringue with its lascivious melancholy should pass naturally into the poetry of Haiti to render it distinctive and sincere.

The magazine, La Revue Indigène, in 1927, which only published six editions altogether, two years before Haitian poet Sylvain Jr.’s death, was to play a significant role in the program of the young Haitian writers. It was to present « un tableau fidèle et vivant des diverses manifestations de la vie et de la pensée haitienne contemporaine. » Translation : “ It was to present a “a faithful and lively picture of life’s manifestations and contemporary Haitian thought”. As such, it would be an essential means of portraying the Haitian point of view.

The poetry left by Haitian poet Normil Sylvain Jr in LA REVUE INDIGÈNE is insufficient as a basis for determining his effectiveness in translating theory into practice. The extent to which those young Haitian intellectuals, among them Normil Sylvain Jr, centered round the short lived magazine LA REVUE INDIGÈNE succeeded in presenting a faithful picture of Haitian life and thought.

Document: 

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages