Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Raphaël Confiant invité d'honneur du 2è "Festival Entènasional Litérati Kréyol"

Raphaël Confiant invité d'honneur du 2è "Festival Entènasional Litérati Kréyol"

Vandredi 20 novanm 2020 ((rezonodwes.com))– An Ayiti, depi 2019, emisyon «Pawòl Kreyòl» powèt Anivince JEAN BAPTISTE anime sou radyo Signal FM, nan tèt kole ak C3 Éditions epi Fondation Maurice A. Sixto mete kanpe yon kokennchenn inisyativ ki pote non Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ki gen ti non FEL. Se yonn nan pi gwo aktivite sou literati kreyòl nan Karayib la. Pou ane 2020 an, 2è edisyon an ap dewoule soti 2 rive 6 desanm 2010 nan plizyè vil an Ayiti: Pòtoprens, Gonayiv, Senmak ak Okay.

Pou prezisan FEL la, Anivince JEAN-BAPTISTE, « li enpòtan epi li siyifikatif anpil pou Ayiti pote flanbo yon aktivite konsa, lè nou konsidere Ayiti gen pi gwo kominote kreyolofòn nan mond lan. » Se plis pase 10 milyon moun ki pale, konprann epi viv an kreyòl an Ayiti.

Selon òganizatè yo, FEL se espas pou atis plim kreyolofòn ki soti nan divès peyi vin espoze epi layite zèv yo. Yon Festival konsa ofri tou posibilite pou dekouvri pwofondè, kalite ak bèlte zèv kreyòl yo. Mete sou sa, ane sa ap gen yon nouvote, se «FEL ti moun» nan pwogramasyon FEL la. Fèl timoun se espas pou montre talan timoun yo, men tou, pou espoze zèv kreyòl ki soti sou timoun yo.

Pou ane 2020 an, envite donè a se ekriven matinikè Raphaël CONFIANT epi ekriven ayisyen Jean-Euphèle MILCÉ, envite espesyal.

Pami anpil lòt, men kèk ekriven k ap nan FEL ane 2020 an: André FOUAD, Inéma JEUDI, Jean-Pierre Basilic Dantor FRANCKÉTIENNE D’ARGENT, Iléus PAPILLON, Lyonel TROUILLOT, Jeanie BOGART, Jean Dédé DORCÉLY, Frantzley VALBRUN, Sabine LEGROS, Rony THEVENIN, Luckner CASSÉUS, Pierre Jonas ROMAIN, Rodolphe MATHURIN, Pierre Michel CHÉRY, Pascale MILLIEN-FAUSTIN, Diéry MARCELIN, Manno EJÈN, Billy DORÉ, Ansky HILAIRE, Syto CAVÉ, Isaac VOLCY, Ralph Géraldy JASMIN, Clément BENOIT II, Christophe Philippe CHARLES, . Pami ekriven etranje yo, genyen : Nicole CAGE(Matinik), Hilario Batista FELIX (Kiba), Raphaël CONFIANT(Matinik), Indran AMIRTHANAYAGAM(Etazini)…

Kèk edisyon ayisyen ap reponn prezan nan gwo evenman sila: edisyon Floraison, C3 Éditions, Éditions Choucoune, elatriye.  

Anpil pèsonalite nan mond literè a, òganizasyon an Ayiti tankou lòt bò dlo sipòte FEL. Pami yo: Frakétienne, Fred BRUTUS, Gertrude SÉJOUR, Michel SOUKAR, Fondation Anderson Dovilas, Jean Émile PAUL, Organisation Martiniquaise pour le Développement des Arts et de la Culture (OMDAC), Observatoire Patrimoine(Haïti), CHOKARELLA, Tele Ginen, Radio Télé Métropole, Radio Télévision Caraïbes, pou site sa yo sèlman, sipòte aktivite sa. Divès jounal ayisyen pote bourad pou rann FEl posib ane sila. Nou ka site: Le Nouvelliste, Le National, Rezo Nòdwès, Courrier de la Nation, elatriye.

Ayisyen, nan 22 jou, pi gwo aktivite literè ak atistik pou fen ane ap kòmanse (sa vle di, 2 desanm 2020). Festival Entènasyonal Literati Kreyòl(FEL) ap tann sipò tout sosyete a pou reyisit fètefouni aktivite sila.

Konsa, FEL louvi bra li lajmanlaj pou resevwa soutyen nou yon fason pou li kontinye fè pwomosyon lang kreyòl la.

Iléus PAPILLON

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.