Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

TOUT MOUN KA SOUFRI YON TWOUB MANTAL

Vincent Parnel Germain
TOUT MOUN KA SOUFRI YON TWOUB MANTAL

Daprè Òganizasyon Mondyal Lasante, maladi se yon chanjman oubyen yon eka ki genyen nan sa
ki gen pou wè ak eta fizyolojik nan yonn oubyen plizyè pati nan kò a kote evolisyon li plizoumwen
previzib. Se nan sentom ak siy karakteristik yo ou dekouvri manifestasyon li. Nan tout sosyete yo
sante ak maladi se eleman diskou, alò maladi tankou tout evènman nan egzistans moun mande yon
eksplikasyon, fòk yo ba li yon sans (Dominique Lecourt, 2004). Maladi lèzom soufri yo divize an
de (2) gwoup. Gwoup maladi fizik ki pran nesans nan kò ak gwoup maladi mantal ki pran nesans
nan lespri. Men maladi mantal yo jounen jodi a se twazyèm maladi ki pi frekan nan lemond. Yo
frape tout moun, kèlkeswa laj ou, sèks ou, estati sosyal ou, nivo entèlektyèl ou ak mwayen
ekonomik ou. Sèlman yo ka wè li diferan fason soti nan yon kilti pou ale nan yon lòt. Men kisa
maladi mantal la ye menm ? Kijan yo ka idantifye li ? Kisa ki lakòz li ? Kijan nou ka konbat move
diskou ki genyen sou moun ki soufri li yo ?


Pou kòmanse, Manyèl Dyagnostik ak Estatistik Twoub Mantal la (DSM-5-TR) defini maladi
mantal oubyen twoub mantal tankou yon sendwom ki gen yon pakèt eleman ki karaterize li tankou
pwoblèm ki gen siyifikasyon klinik yo nan koyisyon an, regilasyon emosyon yo oubyen
konpòtman yon moun ki reflete yon disfonksyònman nan pwosesis sikolojik, biyolojik ou
devlopmantal yo ki plase anlè menm kote ak fonksyònman mantal la. Keseswa twoub sikyatrik
oubyen twoub sikolojik, yo trennen pwoblèm nan panse, emosyon oubyen konpòtman tout moun.
Pwoblèm sa yo parèt tout tan nan lavi moun, men lè yo trennen dèyè yo detrès ki atake bon
fonksyònman moun oubyen twouble vi moun chak jou, yo konsidere yo tankou maladi mantal
oubyen twoub mantal. Zefè maladi mantal yo ka dire yon ti kras tan konsa yo ka dire anpil tan tou.
Twoub mantal yo dyagnostike sou baz yon seri sentom ki prezante. Se yonn oubyen plizyè aksyon
terapetik ki ka konprann yo ki trete yo. Tretman sila yo konn fèt nan lopital sikyatrik oubyen nan
kominote yo selon gravite maladi a ak konsekans grav li genyen sou moun ki soufri li a oubyen
moun ki ap viv bò kote li.

Yon moun ki ap soufri yon twoub mantal ka pèdi tout byennèt ki pèmèt li santi li se yon manm ki
jwe yon wòl pwodikitf ak valorizan nan kominote li. Sa fè li ka viv yon moman detrès epi wè
kapasite pèsonèl, sosyal, familyal ak konpòtmantal li redwi.

Pami twoub mantal yo gen senk (5) moun plis soufri e yo plis konnen nan mond lan. Se eskizofreni,
twoub bipolè oubyen sikoz manyakodepresif, depresyon sevè e pèsistan, twoub pèsonalite limit ak
twoub obsesyonèl konpilsif. Prèske 50 pousan granmoun soufri yon maladi mantal nan yon moman
nan lavi yo. Plis pase mwatye nan moun sa yo prezante kèk sentom modere e grav. Twoub mantal
yo reprezante 4 nan 10 prensipal koz maladi lakay moun ki gen plis pase 5 lanne e se depresyon
ki se prensipal twoub sa yo.

Nan sa ki gen pou wè ak idantifikasyon twoub mantal yo, li pa toujou fasil pou distenge li aklè nan
konpòtman yon moun ki ap fonksyone byen. Evènman trajik yo pwovoke lakay pi fò moun tristès
ak atitid deprime men sa pa vle di otomatikman yo soufri depresyon pou sa. Menm jan tou ou pa
ka kouri pale de anksyete paske yon moun enkyete oubyen gen estrès nan sitiyasyon travay li.
Limit ki egziste nan prezante kèk karakteristik ak soufri yon twoub parèt flou. Distenksyon an ka
etabli sèlman lè gen eleman tankou gravite, dire ak zefè sentom nan sou vi moun nan chak jou. E
se toujou yon dyagnostik ki dwe revele sa.

Eleman ki karaterize maladi mantal yo se chanjman ki gen nan panse yo, jan moun santi yo,
konpòtman yo oubyen kobinezon toulètwa ki asosye ak yon eta detrès e yon disfonksyònman.
Sentom yo varye kòmanse nan lejè pou rive nan grav selon tip maladi mantal la, moun nan, fanmi
an ak kontèks sosyo-ekonomik la. Twoub mantal yo trennen dèyè yo anpil sentom. Sèl moun ki
ap soufri yo a oubyen moun ki nan lantouray yo ki ka detekte yo men ki pa fasil pafwa. Ou ka wè
sentom fizik tankou tèt fè mal ak pa ka dòmi, sentom emosyonèl tankou tristès ak laperèz, sentom
koyitif tankou difikilte pou rezone, twoub memwa ak kwè nan pakèt vye bagay, sentom
konpòtmantal tankou vin agresif, bwè alkòl anpil e san rete, pa ka regle aktivite abityèl, twoub
pèsepsyon tankou tande ak wè sa lòt moun pa wè ni tande (sa yo rele alisinasyon yo). Men siy sa
yo varye selon twoub la.

Nan chèche konnen kòz devlopman twoub mantal yo, yo panse yon asosyasyon faktè biyolojik,
sikolojik ak sosyal ka enfliyanse yo. Nan nivo biyolojik, se ka panse ak domaj prenatal, twomatis
fizik, enfeksyon ak dezekilib chimik nan sèvo a ak eredite. Pou faktè sikolijik ak sosyal yo, eleman
ki ka enfliyanse deklanchman yo se ka estrès, move tretman nan timoun, vyolans familyal, absans
soutyen sosyal, chomaj ak chanjman ki konn rive nan lavi a. Nan kèk ka yo ka dyagnostike yo e
trete yo byen.

An Ayiti tankou anpil lòt peyi, konpòtman moun ki ap soufri yon twoub mantal konn fè souvan
yo ap pale mal sou maladi a. Pawòl negatif sa yo fè yo mete moun sila yo sou kote, diskriminen
yo, evite yo oubyen pase yo nan betiz. Anpil moun ki soufri maladi mantal plis soufri de
konpòtman diskriminatwa yo pase maladi a li menm. Sa gen konsekans grav nan lavi yo. Yo konn
wont mande èd lè yo nan bezwen, devalorize tèt yo, evite patisipe nan vi sosyal paske yo pè
reyaksyon ak jijman lèzòt yo, santi yo wont ak jennen. Pou evite sa, tout moun dwe konbat
konpòtman sila yo pou moun ki soufri yon twoub mantal ka santi li ap viv tankou tout moun. Batay
pou fè gen yon atitid pozitif anegad moun sa yo nan pawòl yo ak aksyon yo, bay opinyon pozitif
sou moun sila yo san nou pa jennen. Sa ap ede yo reziste anba pwa twoub la epi viv nan sosyete a
kòmsadwa. Pou nou fini, nou ap konseye moun ki sispèk kèk sentom nan sa nou site pi wo yo
lakay yon moun ki pwòch nou se mennen li nan lopital ki bay swen pou sa.

 

Bibliyografi ak webografi
1- Lecourt, D. (dir) (2004). Dictionnaire de la pensée médicale. Paris : PUF
2- American Psychiatric Association (2015). DSM-5-TR. Manuel Diagnostique et Statistique des Troubles
Mentaux. Paris : Masson
3- https://www.aquaportail.com/definition-6204-maladie.html
4- https://www.observatoire-sante.fr/sante-mentale-les-chiffres-qui-font-peur/
5- https://www.msdmanuals.com/fr/accueil/troubles-mentaux/pr%C3%A9sentation...
6- https://www.quebec.ca/sante/conseils-et-prevention/sante-mentale/combatt...
7- http://www.psychomedia.qc.ca/lexique/definition/maladie-mentale

Otè

Otè

Van Parnel GERMAIN, Lisansye nan Sikoloji nan Inivèsite Leta Ayisyen (ILA)

 

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages